Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li fè nou vin tounen
sèvitè nouvo Testaman an, se pa nan lèt la, men nan Lespri a”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 3, 4-11
Frè m’ yo:
Nou gen yon gran asirans devan
Bondye gras a Jezikri. Se pa paske nou gen kapasite pou nou panse kichòy ki sot
nan nou kòm si se nou menm ki fè l’, men kapasite nou an se nan Bondye li sòti;
se li menm ki fè nou kapab vin sèvitè nouvo Testaman an, se pa nan lèt la, men
nan Lespri a; lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Si sèvis lanmò a, ki ekri ak lèt
sou wòch yo, te nan bèlte, ki fè pitit Izrayèl yo pa t’ kapab fikse je yo sou
fas Moyiz, poutèt bèlte figi l’, ki t’ap pase a; kijan sèvis Lespri a p’ap nan
pi gran bèlte toujou? Sèke si sèvis kondanasyon an jwenn bèlte, sèvis jistis la
ap gen plis bèlte toujou. Sa k’ te klere sou pwen sa a pa nan bèlte ankò poutèt
bèlte ki depase tout bagay la. Si sa k’ t’ap pase a te nan bèlte, sa k’ap dire a
ap nan plis bèlte toujou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 98, 5. 6. 7. 8. 9
R/ Ou sen, Granmèt Bondye nou.
Fè lwanj Granmèt Bondye nou an,
adore l’ devan macheskalye pye l’, paske li sen.R.
Moyiz avèk Aawon, nan pami prèt li
yo, ak Samyèl, nan pami sila yo ki rele non l’ yo. Yo rele Granmèt la, li menm
li reponn yo.R.
Nan kolòn nyaj la li t’ap pale
avèk yo. Yo te kenbe temwayaj li yo, ak kòmandman li te ba yo a.R.
Granmèt Bondye nou, ou te konn
koute yo; Bondye, ou te konn padonnen yo, antan ou te korije fot yo.R.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an, adore l’ sou mòn li ki sen an, paske li sen, Granmèt
Bondye nou an.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin pou m’ detwi,
men pou m’ reyalize”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
“Pa konprann
mwen vini pou m’ defèt lalwa a oubyen pwofèt yo: mwen pa vini pou m’ defèt, men
pou m’ reyalize nèt.
An verite mwen
di nou, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti i (yota) oubyen yon ti trè p’ap
pase sot nan Lalwa a, joustan tout bagay rive.
Konsa moun k’ap
defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo epi k’ap aprann moun yo fè menm jan, y’ap
rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap reyalize l’, epi k’ap aprann lòt
yo fè menm jan, y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Labib la se yon biblyotèk. Se yon seri liv ki
divize an 2 gran klasman, 2 gwo kategori: Premye Testaman (ke yo rele tou
Premye Kontra) ak Nouvo Testaman (ke yo rele tou Nouvo Kontra). Nan Bib la
genyen plizyè kalite Liv: Genyen Liv ki pale nou sou kreyasyon an(Lajenèz), gen
liv ki pale sou kisa pè yo te dwe fè nan ansyen tan yo (Levitik), gen liv ki
rakonte istwa gouvènman (Liv Wa yo), genyen liv ki rapòte evènman sou lavi
Jezikri (Levanjil yo), gen liv ki gen chan lwanj pou Granmèt la (Sòm yo), gen
liv se yon lèt ankourajman oubyen ekzòtasyon oubyen rapèl (Lèt Jan ekri, Lèt
Pòl ekri pou voye bay divès kominote kretyen)...
Kidonk Labib la se yon konpilasyon, chak liv pote yon mesaj. Men genyen yon
bagay ki enteresan ki dwe atire atansyon nou: sèke Ansyen Testaman pale de
bagay ki te pase avan Jezikri te vini sou tè a, epi Nouvo Testaman li kòmanse
avèk Jezikri. Kidonk Jezikri se “pon” ki separe Ansyen ak Nouvo Testaman. Se li
ki vin klarifye kèk mesaj ke yo pa t’ kapab konprann nan Ansyen Kontra a.
Prezans li sou tè a te pote yon mesaj klè: Bondye reyalize pwomès li yo. Bondye
se lanmou. Bondye pa lwen. Bondye fè kò ak limanite. Bonye pote liberasyon. Li
pote konsolasyon. Li pa itilize entèmedyè jan sa te konn fè nan Ansyen Testaman
an. Li menm menm li vini nan chè a pou li kapab rejenere chè a. Li vini nan chè
a pou li kapab divinize chè a. Li vini pou li bay tout sa ki te ekri yo sans
yo. Li vini pou tout pwofesi kapab akonpli, pou pote lespwa, pou pote lavi. Li
vini atravè pwòp Pitit li a, Jezikri pou li mete nou nan sitiyasyon konfyans.
Jezi di nou, fè atansyon, li pa vini pou li efase sa ki te ekri nan Lalwa
a, men li vini pou tout bagay kapab jwenn akonplisman yo:“Pa konprann mwen vini pou m’ defèt lalwa a
oubyen pwofèt yo: mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize nèt.” E li
ajoute:“An verite mwen di nou,
joustan syèl la ak tè a pase, yon ti i (yota) oubyen yon ti trè p’ap pase sot
nan Lalwa a, joustan tout bagay rive...”
Syèl la ak tè a ap pase men pawòl Bondye a p’ap pase. Se pawòl Bondye a ki
di sa. Pawòl Bondye a, se pa pawòl nan bouch, se pa pawòl anlè, se pa pawòl
blòf. Pawòl la se aksyon. Liv Lajenèz la montre nou sa klè. Bondye di...epi sa
li di a reyalize. Konsa, nou dwe aprann koeran, pa dwe genyen kontradiksyon ant
sa n’ap di ak sa n’ap fè, ant sa n’ap preche ak sa n’ap viv; pa dwe genyen
kontradiksyon ant sa nou ye ak sa nou parèt la. Se nan fason sa n’ap kabab
tounen temwen Jezikri tout bon vre e se nan fason sa a n’ap montre nou se
patizan laverite, nou se moun k’ap chèche verite, moun ki kwè nan verite, moun ki
defann laverite, moun ki viv laverite. Syèl la pa piyay; sa ou plante, se li ou
rekòlte.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede
mwen viv yon fason ki fè ou plezi antan m’ap puize nan sous ansèyman pawòl ou
a. Ban mwen limyè Lespri w’ la dekwa pou mwen kapab konpran sa w’ap di mwen
chak jou. Mwen mande ou sa pa pouvwa Jezikri, Pitit ou a, k’ap kòmande ansanm
ak ou ansanm ak Lepri Sen an, jodi a e pou tout tan gen tan. Amèn.
PWOPOZISYON:
Repase kòmandman Bondye yo. Evalye ki sa ou respekte epi
ki sa ou pa respekte. Sa ou respekte yo. Ekri yo ansanm sou yon papye. Epi ekri
peche w’ yo sou yon lòt papye. Prezante Bondye tout tankou yon ofrann.
No hay comentarios:
Publicar un comentario