Koulè Blan
ANTWÁN DE PADOU KI SEN, Prèt e
Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye klere nan kè nou pou l’ mete limyè syans klète Bondye a”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 3,15-4, 1. 3-6
Frè m’ yo:
Jous jodi a, lè y’ap li Moyiz, gen
yon vwal ki poze sou kè pitit Izrayèl yo. Men lè yo chanje
vin jwenn Granmèt la, vwal la leve. Sèke Granmèt la se Lespri; kote Lespri
Granmèt la ye, se libète. Kanta nou menm, nou tout se ak fas nou devwale n’ap
fè wè bèlte Granmèt la, n’ap chanje fòm nan pòtre sa a sot nan klète al nan
klète, tankou kichòy ki soti nan Lespri Granmèt la.
Se pousa antan nou gen sèvis la, sa yo ban nou daprè kè
sansib la, nou pa febli. Si malgre sa levanjil nou an kouvri, se pou sila yo k’ap
peri a li kouvri; dye syèk sa a bouche lespri yo pou yo pa kwè, pou limyè levanjil
bèlte Jezikri a ki pòtre Bondye a pa klere nan yo.
Reyèlman vre se pa nou menm n’ap
preche, men Jezikri Granmèt nou an; nou menm menm se sèvitè nou nou ye poutèt Jezi.
Sèke Bondye, ki di pou limyè a klere sot nan fè nwa yo, se li menm ki klere nan
kè nou, pou l’ fè wè limyè syans klète Bondye a nan fas Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 84, 9ab-10. 11-12. 13-14
R/ Bèlte Granmèt la ap abite nan peyi nou an.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap
di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo. Reyèlman vre delivrans li a
tou pre moun ki respekte l’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre,
jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot sou tè a,
jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè
nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki fè kòlè kont yon frè, li merite jijman”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5,
20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si jistis nou pa depase pa pwofesè
yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl la.
Nou te tande ansyen yo te di: “Pa
touye”; moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki fè
kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di frè l’: “Tèt vid”, li merite
tribinal. Moun ki di: “Moun fou”, li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan
lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’
la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan; aprè sa w’a
vini, w’a ofri kado w’ la.
Mete w’ dakò
avèk lènmi w’ nan byen vit, pandan w’ sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt
ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan
prizon. An verite mwen di ou, ou p’ap soti
la, joustan ou renmèt dènye santim nan”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi mwen, jodi a Legliz la ap fete Sen Antwán de
Padou. Anpil fwa n’ap fete sen
yo san nou pa konnen kilès yo te ye, ki kote yo t’ap viv, ki jan yo t’ap viv. Se pou sa jodi a n’ap fè
yon ti reflechi sou lavi sen Antwán de Padou.
Vrè non sen Antwán de Padou se te « Fernando Martins de Bulhões ». Li te fèt nan vil Lisbòn nan
peyi Pòtigal nan lane 1195. Li te etidye nan lekòl sen Vensan de Fora, epi nan monastè
Sentkwa de Kouenb. Nan lane 1220, li te
antre nan kouvan Olivye fransisken yo tankou novis. Se la li te resevwa non Antwán
nan. Lè li te fin pwononse premye ve li, li te mande pou l’ al fè misyon levanjelizasyon
an Afrik. Pandan li te an Afrik li vin malad byen grav; li te oblije pran bato
pou l’ tounen Pòtigal. Sen Antwán de Padou se te yon moun ki te gen don
lapawòl. Poutèt sa sen Franswa Dasiz te voye l’ al preche nan peyi Itali ak
Lafrans. Prèch li yo te fè anpil moun vin jwenn Granmèt la. Li te konn Labib li byen.
Se poutèt sa pap Gregwa Nèf te rele l’ « Trezò vivan Labib la ». Lè sen Franswa Dasiz
mouri nan lane 1227, yo te nonmen l’ pwovensyal fransisken yo nan peyi Itali. Aprè sa nan ane 1230, pap
Gregwa Nèf te pran l’ pou konseye pèsonèl li. Aprè sa yo te voye l’ nan misyon kote yo rele Padou,
se la li te mouri nan jou ki te 13 jen 1231. Pap Gregwa Nèf te kanonize l’ nan
dat 30 me 1232.
Sen Antwán de Padou se yon moun ki t’ap fè travay
Granmèt. Li te mete tout don li te resevwa nan men Granmèt la nan
sèvis Rèy delivrans lan. Li pa t’ janm bouke preche pawòl Bondye a. Tout lavi
li, se te pou travay Granmèt la. Se modèl sa Legliz, manman nou, ban nou jodi a.
Legliz la envite nou pran modèl sou Sen Antwán de Padou pandan n’ap mete tout
nou menm nan sèvis Granmèt la. Zanmi mwen, nou p’ap jwenn wout sentete a lòt
kote ke nan fè travay Granmèt la ak nan renmen youn ak lòt. Se sa Jezi di nou
nan Levanjil jounen jodi a. Li di nou ke anndan kè nou pa dwe gen plas pou kòlè
paske se kòlè a ki pouse nou rayi ak touye frè nou yo. « si w’ap ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen
kichòy kont ou, kite kado w’ la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè
w’ la anvan ; aprè sa w’a vini, w’a ofri kado w’ la ». Pi gwo kado
nou ka ofri Bonbye se renmen frè ak sè nou yo jan li menm li mande nou an. « Si yon moun di li renmen Bondye
epi li pa renmen frè l’ak sè l’ yo, konnen moun sa se yon mantè».
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, vire je w’ gade pèp ou a k’ap plenyen
nan pye w’. Tanpri souple Papa ban nou sa n’ap mande w’ joudi a, konsa n’ap gen
fòs pou nou pote Pawòl ou a tout kote nou pase. Nou mande ou sa pa pouvwa
Jezikri Granmèt nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Tankou sen Antwán
de Padou, an nou simaye Pawòl la tout kote nou pase.
No hay comentarios:
Publicar un comentario