Páginas

VANDREDI 14

Koulè Blan
SAKRE-KÈ (Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap okipe mouton m’ yo, m’ap fè yo kouche”.
NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL 34, 11- 16
Men pawòl Granmèt Bondye:
“Men m’ap chèche mouton m’ yo, m’ap vizite yo: menm jan yon gadyen vizite bann mouton l’, jou li nan mitan bann mouton l’ yo ki gaye yo, konsa m’ap vizite mouton m’ yo, m’ap delivre yo sot nan tout kote yo te gaye jou nyaj ak bwouya, m’ap mennen yo sot nan pami pèp yo, m’ap ranmase yo sot nan peyi yo, m’ap fè yo antre nan peyi yo a, m’ap swen yo sou mòn Izrayèl yo, bò larivyè yo ak nan tout kote moun abite nan peyi a; nan bon pak zèb m’ap fè yo manje, sou mòn Izrayèl yo ki pi wo yo y’ap jwenn manje yo. M’ap swen mouton m’ yo, m’ap fè yo kouche, deklarasyon Granmèt Bondye. Sa k’ te pèdi a, m’ap chèche l’; sa yo te rejte a, m’ap fè l’ tounen; sa k’ te blese a, m’ap panse l’; sa k’ te malad la, m’ap ba l’ lasante; sa k’ gra a, ki fò a, m’ap konsève l’; m’ap swen yo nan jistis”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 22, l-3a, 3b-4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt li enstale m’,
sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nanm mwen.R.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou, se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’,
m’ap abite nan lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Bondye montre kijan li renmen nou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO               5, 5-11
Frè m’ yo:
Renmen Bondye a gaye nan kè nou gras a Lespri Sen an li ba nou an. Poukisa Jezikri, malgre nou te fèb toujou a, li mouri pou pechè yo, lè tan an rive a? Apèn yon moun kapab aksepte mouri pou yon lòt ki kòrèk; pou yon moun debyen, petèt yon moun kapab aksepte mouri.
Men Bondye montre jan l’ renmen nou, paske, malgre se pechè nou te ye, Jezikri mouri pou nou nan tan fikse a. Konsa koulye a menm, etan nou vin kòrèk pi plis ankò gras a san l’, n’ap sove gras a li sot nan kòlè a.
Si malgre nou te lènmi, nou vin rekonsilye ak Bondye nan lanmò Pitit li a, koulye a menm etan nou fin rekonsilye avèk li a, se pi plis toujou n’ap sove nan lavi l’. Se pa sèlman sa, men n’ap jwenn bèlte nan Bondye pa lentèmedyè Granmèt nou Jezikri ki rekonsilye nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN         15, 3-7
Lè sa a:
Jezi di farizyen yo parabòl sa a, li di:
“Kilès nan pami nou, si l’ gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendiznèf yo nan savann nan, pou l’al chèche sa k’ te pèdi a, joustan li jwenn li? Lè l’ jwenn li, li mete l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rasanble zanmi l’ ak vwazen l’ yo, li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pèdi a”.
Mwen di nou se konsa tou ap gen kè kontan nan syèl la pou yon pechè ki fè penitans, plis pase pou katrevendiznèf moun kòrèk ki pa bezwen fè penitans”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si Jezi renmen nou konsa, nou menm tou an nou chèche renmen menm jan avèk li; puiske pa gen anyen ki pi fò pase renmen, Jezi menm ba nou ekzanp lan nan parabòl ti mouton ki pèdi a, se sa ki montre n’ kè sansib Bondye a; pandan n’ap fete Kè Jezi ki renmen nou, an nou pran tan pou n’ kontanple sa a.
Parabòl  ti mouton ki pèdi a vle fè nou wè peyi kote Bondye Wa a se yon bagay gratis ti cheri,  nou p’ap bezwen lajan pou achte l’ ni pa gen moun ki gen lajan pou achte l’ non plis! Gade, ti mouton an pa t’ fè okenn efò pou yo chèche l’, yon sè l’ bagay, gadyen mouton an ki santi l’ responsab chak ti mouton ki nan pak la epi li konnen yo chak, li riske lavi l’ ansanm ak lòt 99 yo pou l’al chèche sa k’ pèdi a.Gade jis ki kote renmen  Bondye a rive! Kidonk Kè sansib li a pa gen limit. Menm jan pwofèt Ezekyèl eksplike nou sa nan liv li ekri a, ala de bèl pawòl mezanmi, koute sa Granmèt la di: “se mwen menm menm ki pra l’ chèche ti mouton m’ yo pou m’ ba yo swen menm jan yon gadyen ap mache chache ti mouton l’ yo pou l’ ba yo swen”. Sitou sa ki te pèdi yo, gaye tout kote, l’ap rasanble yo pou mete yo ansanm; lè nou tande pawòl sa yo sa dwe ba nou espwa pou nou anvi viv ansanm, tout sa se kè sansib Bondye a paske pa gen anyen ki pi fò pase renmen li gen pou nou an. Li si tèlman renmen nou, li fè nou kado yon sèl grenn pitit li a jis li mouri sou yon kwa pou l’ sove nou, se gras a li nou vin rekonsilye ak Bondye ki fè nou vin tounen yon moun kòrèk nèt, se li ki fè nou viv an pè ak Bondye PaPa a epi avèk frè ak sè n’ yo; lapè Bondye ba nou nan Jezi ki leve byen vivan an, se pwòp lavi pa l’ li ba nou ki fè nou kapab viv tankou zanmi l’ tout bon vre, Jezi ba nou Lespri Sen an ki pou montre renmen, se Lespri sa ki fè nou konnen Papa a ak Pitit la. Frè ak sè m’ yo, Jezi ap chèche nou, li lonje men ba nou, aprann fè demach, li fè 99 pa: omwen yon sèl pa nou kapab fèl pou n’ vin jwenn li, e nou wè nan tout demach se li menm ki toujou fè premye pa a, se pou montre nou ki kalite Kè sansib li gen pou nou, ki gwosè l’, ki lajè l’. Si Jezi renmen nou konsa nou menm tou an nou chèche imite l’ nan lavi chak jou a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, n’ap di w’ mèsi pou renmen w’ renmen nou, menm lè nou pa merite sa, tanpri ede nou, e ba nou fòs ak kouraj pou n’ rache kè wòch nou an, ba nou yon kè ki senp, devwe, sansib tout bon vre, ba nou yon lafwa solid pou kwè Jezi toujou prezan nan lavi nou, menm lè pafwa difikilte ta sanble bare wout nou, fè n’ pran konsyans ke nou p’ap janm pou kont nou; sila a ki renmen nou an p’ap janm lage n’. Nou konte sou ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Kè Jezi se yon leman ki rasanble nou ansanm, mwen vle prann l’ pou modèl pou m’ konnen ki kalite renmen mwen dwe gen pou frè ak sè m’, sitou sa ki pi fèb yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario