Koulè Blan
KÈ IMAKILE MARI
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen kontan
anpil nan Granmèt la”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 9-11
Y’ap rekonèt ras pèp mwen an pami nasyon yo, ak desandans
yo nan mitan pèp yo. Tout moun k’ap wè yo ap rekonèt yo tankou yon ras Granmèt
la beni.
Mwen kontan anpil nan Granmèt la, nanm mwen ap danse nan
Bondye m’ nan, paske li abiye m’ ak rad sove, li vlope m’ nan manto jistis la,
tankou yon mesye k’ap marye, ki gen yon kouwòn sou tèt li, epi tankou yon fi k’ap
marye, ki bèl ak bijou l’ yo. Menm jan tè a fè semans li pouse a, menm jan yon jaden fè
semans li jèmen an, se konsa tou Granmèt la Bondye ap fè jistis la jèmen, ni lwanj
la tou devan tout nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1
Samuèl 2, 1. 4-5. 6-7.
R/ Kè m’ap fete nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè m’ap fete nan Granmèt la, kòn mwen leve nan Bondye m’
nan; bouch mwen louvri byen laj sou lènmi m’ yo, paske mwen kontan nan sove ou
la.R.
Zam vanyan yo te konn tire flèch la, li kraze, sa k’ fèb
yo, yo mare ren yo ak fòs; sa k’ te gen vant plen yo lontan an, y’ap travay pou
pen, sa k’ te grangou yo, yo gen vant plen; pandan sa k’ pa t’ kapab fè pitit
la, l’ap anfante anpil pitit, epi sa k’ te gen anpil pitit yo, li vin febli.R.
Granmèt la fè moun mouri, li fè moun reviv, li kondui yo
anba tè a, li fè yo remonte; Granmèt la fè moun vin pòv, li fè moun vin rich, li
rabese yo, li leve yo anlè.R.
Li fè pòv la leve sot nan pousyè a, li leve malere a sot
nan fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ fè l’ jwenn twòn glwa a.R.
LEVANJIL
“Li te kenbe tout pawòl sa yo nan kè
l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 2, 41-51
Paran Jezi yo te konn ale Jerizalèm
chak ane, pou gran fèt Pak la. Lè Jezi vin gen douz an, yo monte Jerizalèm jan
yo te konn abitye fè a pou jou fèt la; lè jou yo fini, moun yo tounen, ti Jezi
menm rete Jerizalèm, san paran l’ yo pa konn sa. Yo te konprann li te nan pami kolòn vwayajè yo, yo mache
pandan yon jounen, epi yo kòmanse chèche l’ nan pami fanmi yo ak bon zanmi yo.
Lè yo pa jwenn li, yo tounen Jerizalèm, y’ap chèche l’. Rive
aprè twa jou, yo jwenn li nan Tanp la, li chita nan mitan savan yo, l’ap koute
yo, l’ap poze yo kesyon. Yo tout yo te sezi, yo tout ki t’ap koute l’ la,
poutèt sajès li ak repons li.Lè yo wè l’ yo sezi. Manman l’ di l’: “Pitit, sa ou fè nou
konsa? Gade kijan papa ou ak mwen menm nou t’ap chèche ou ak lapenn”. Li di yo:
“Poukisa nou t’ap chèche m’ nan? Èske nou pa t’ konnen se nan afè Papa m’ mwen
te dwe pase tan m’?” Yo
pa t’ konprann pawòl la li te di yo a.
Li desann avèk yo, li rive Nazarèt, li te ret obeyisan
vizavi yo. Manman l’ t’ap konsève tout pawòl sa yo nan kè l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’/sè m’, jodi a se fèt Kè Imakile Mari. Se yon gwo fèt nan Legliz
la. Fèt sa gen anpil enpòtans pou nou kretyen. Mo imakile a soti nan laten
“in” ki vle di “pa genyen” oubyen “san” epi ak “macula” ki vle
di “tach”. Ebyen nou kapab di ke yon bagay ki imakile se yon bagay ki san tach,
se yon bagay ki pa gen pyès tach, se yon bagay ki pa gen pyès salte ladan l’,
se yon bagay ki bèl anpil anpil.
Mari se yon fi san peche. Kè li pa gen plas pou
peche. Se li menm Bondye te chwazi pou manman Sovè a. Se kè pwòp sa, kè san
tach sa, kè dous sa, kè san peche sa Bondye te chwazi pou pote pitit li a,
Jezikri. Depi avan Mari fèt Bondye te prepare l’ pou pote pitit li
a. Bondye te epanye Mari de tout vye peche paske se li menm ki t’a pral manman
Sovè a. Kè Mari se kè renmen. Kè Mari se kè ki fè tout sa Bondye vle. Se ak
menm kè sa Mari te di Bondye wi lè zanj Gabriyèl te vin pote mesaj la ba li. E
se ak menm kè sa tou Mari te kenbe « wi » sa a jouska lafen. Jodi a
Levanjil la montre nou kijan kè Mari te bèl. Kretyen, yon kè ki bèl se yon kè
ki plen ak pawòl Bondye a. Mari te kenbe pawòl Bondye a nan kè li. Li pa t’
janm sispann medite Pawòl la.
Ebyen kretyen, se pa pou san rezon Legliz la ba
nou gwo fèt sa. Avèk fèt sa, Legliz la envite nou pran egzanp sou Mari manman
nou. Legliz la vle nou pran modèl sou Mari. Pran modèl ak egzanp sou Mari vle
di : kenbe pawòl Bondye yo nan kè
nou. Pawòl Bondye se limyè ak delivrans, se pawòl ki ka pwòpte kè nou. Se
pawòl ki ka retire vye fòs peche a nan kè nou. Si nou vle kè n’ vin bèl tankou
kè Mari, se pou nou fè menm jan avè l’: kenbe Pawòl la. Frè m’ak sè m’ yo, kè
Mari se chemen Jezi te pran lè li t’ap sòti nan syèl la pou l’ te vin sou tè a,
ebyen nou menm tou, an nou pran menm chemen sa a pou nou ka ale nan syèl la.
Chemen sa a se Bondye menm ki te trase l’. Ann nou swiv li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, nan gwo jou fèt Kè Imakile Mari sa a,
koute vwa pèp ou a k’ap lapriyè ou. Tanpri souple n’ap mande w’ pou w’ ba nou
yon kè san peche tankou Mari, konsa yon jou n’a rive nan peyi kote ou wa a. Nou
mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON: An nou pran Mari pou modèl pou nou ka rive nan
syèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario