Páginas

DIMANCH 16

Koulè Vèt                         
11 ZYÈM DIMANCH 16 TAN ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la wete peche w’ la, ou p’ap mouri”.
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 12, 7-10. 13
Jou sa yo:
Natan di David: “Se ou menm menm moun sa a. Men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl: “Mwen te sakre ou wa sou Izrayèl, mwen te delivre ou sot nan men Sayil, mwen te renmèt kay mèt ou a nan men ou avèk madanm mèt ou a nan lestomak ou, mwen te ba ou kay Izrayèl la ak Jida a; e si sa pa kont, m’ap mete ankò anpil pase sa pou ou.
Poukisa ou meprize pawòl Granmèt la, pou ou fè mal devan je m’ nan? Ou touye Iri, moun Et la avèk epe, ou pran madanm li kòm madanm ou; ou touye Iri avèk epe pitit Amon yo. Se pousa epe p’ap rekile sot nan kay ou ditou, paske ou meprize m’, ou pran madanm Iri, moun Et la, pou l’ vin tounen madanm ou”.
David di Natan: “Mwen fè peche kont Granmèt la”. Natan di David: “Granmèt la wete peche w’ la: ou p’ap mouri”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 7. 11
R/ Granmèt, padonnen peche m’ nan.
Se chans pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’. Se chans pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an. Mwen di: “M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt la”.Ou menm ou padonnen peche m’ nan.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la; w’ap vlope m’ ak fèt delivrans la.R.
Fè kè nou kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo.Leve tèt nou, nou tout ki gen kè nou dwat yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Se pa mwen menm k’ap viv ankò, se Jezikri k’ap viv nan mwen”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 2, 16. 19 21
Frè m’ yo:
Nou konnen moun pa vin kòrèk poutèt aksyon lalwa a, men gras a lafwa nan Jezikri, se pousa nou menm nou kwè nan Jezikri, pou nou kapab vin kòrèk gras a lafwa Jezikri a, men se pa akoz aksyon lalwa a: paske nan aksyon lalwa a okenn chè pa vin kòrèk.
Reyèlman vre, poutèt lalwa a mwen mouri parapò a lalwa a, pou m’ viv parapò a Bondye; mwen kloure sou kwa a avèk Jezikri. Mwen viv, men se pa mwen menm ankò k’ap viv, se Jezikri k’ap viv nan mwen.
Si m’ap viv koulye a nan chè a, se nan lafwa Pitit Bondye a m’ap viv, li menm ki renmen m’, ki renmèt pwòp tèt li pou mwen. Mwen pa rejte favè Bondye a: si jistis la rive pa lantremiz lalwa a, sèke Jezikri mouri pou granmesi.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Pakèt peche l’ yo padonnen, paske li renmen anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK    KI SEN 7, 36-8, 3
Lè sa a:
Youn nan farizyen yo mande Jezi pou l’ vin manje avèk li. Jezi antre lakay farizyen an, l’al sou tab. Yon madanm ki t’ap mennen yon vi peche nan lavil la vini lè l’ konnen Jezi te sou tab nan lakay farizyen an, li pote yon boutèy losyon; li kanpe dèyè bò pye l’, li kòmanse wouze pye l’ ak dlo k’ap sot nan je l’, li siye yo ak cheve tèt li, li bo pye l’, li pase losyon sou yo.
Lè farizyen an ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l’: “Sila a, si se te pwofèt li te ye, li ta konnen sètènman kilès madanm sa a, epi ki kalite moun li ye, sila a k’ap touche l’ la se yon fi k’ap viv nan peche”.
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou”.
Simon di l’: “Mèt, pale”.
“De moun te dwe yon moun ki konn prete lajan; youn te dwe senksan goud, lòt la senkant. Kòm yo pa t’ kapab renmèt li, li fè yo toulede kado lajan an. Kilès k’ap renmen l’ pi plis?”
Simon reponn, li di: “Mwen kalkile se sa li fè kado plis la”.
Jezi di l’: “Ou fè bon rezònman”.
Li vire kot madanm nan, li di Simon: “Ou wè madanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa ban m’ dlo pou pye m’; li menm menm se ak dlo nan je l’ li wouze pye m’, ak cheve l’ li siye yo. Ou pa bo m’; li menm menm, depi l’ antre, li pa sispann bo pye m’. Ou pa pase luil sou tèt mwen; li menm menm li vide losyon sou pye m’. Se pousa mwen di ou: Pakèt peche l’ yo padonnen, paske li renmen anpil. Moun yo padonnen ti kras, li renmen ti kras”.
Jezi di madanm nan: “Peche w’ yo padonnen”. Moun ki te sou tab ansanm ak li a, yo kòmanse ap di andan kè yo: “Kilès sila a, k’ap padonnen ata peche yo?”
Jezi menm di madanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale ak lapè”.
Aprè sa, li travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz yo te avèk li, te genyen kèk medam tou li te geri sot anba pouvwa move lespri ak maladi: Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a, Jan, madanm Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Peche a se pi gwo pwazon ki nan lavi nou, se tankou yon penti nwa yo mete sou yon twal blan ki pou fè pèsonn moun pa wè blanchè twal la. Peche a, se tout bagay ki vini pou defigire nou, kokobe nou, tout sa ki fè nou pèdi bèlte nou, sa ki fè nou pèdi chèlbè nou. Depi lè Adan ak Èv te tonbe nan tantasyon Dyab la, tout pitit Bondye yo angaje nan yon konba ant byen ak mal. Bondye nan mizerikòd san limit li pa kite nou pou kont nou. Li voye Jezikri, sèl grenn pitit li a vin pote nou sekou, pou vin wete nou anba grif denmon an ki vle kenbe nou prizonye, pou nou pa jwi libète Bondye vle pou tout pitit li yo. Peche fè nou lèd, li fè nou pèdi diyite nou, li fè nou fè sa nou pa t’ dwe fè, li fè yo lonje dwèt sou nou, li fè yo bat nou, mete nou nan prizon, imilye nou; peche a fè yo griyen dan sou nou, li fè nou pèdi dwa nou e li kondi nou sou chemen traka ak lanmò. Ebyen, se sa nou wè ki te rive pou David lè li te fè konnen krim sa a, kote li te touye Iri epi li te pran madanm Iri pou madanm li. Bagay sa pa t’ fè Bondye plezi e li pa t’ kontan ak David. Men sa ki enpòtan, sa nou dwe konnen, sèke Bondye pa rayi pechè (paske se pitit li li ye), okontrè Bondye se peche a li rayi, paske se peche a ki sal imaj Papa a nan pitit li. Anpil fwa nou abitye di, Bondye se yon papa ki gen kè manman. Sa a se yon gwo pawòl. Lanmou manman pou pitit li, se yon bagay ki pran li nan zantray e ki makonnen li ak sa ki sòti nan zantray li a. Kidonk puiske se nan zantray Bondye nou soti, li pa kapab rayi nou, li pa kapab vle wè mal pou nou. Se pou sa li ba nou yon kòd prensip pou li kapab gide nou nan konpòtman nou, nan pale ak nan aji nou, tankou tout bon papa kapab fè pou pitit yo. Sèlman li kite nou ak libète nou, pou nou chwazi. Libète sa a pa vle di libètinaj, men li vle di respè pou diyite moun. Si nou pa te genyen libète sa nou ta viv nan kondisyon esklav. Men anpil fwa libète a tou konn kòz nou pi esklav pase esklav, lè li fè nou aji kont pwòp tèt nou.
“Granmèt la wete peche w’ la, ou p’ap mouri”. Se pawòl soulajman sa a ki te soti nan bouch Natan sèvitè Bondye a, lè David te fè meakoulpa li, pou li te mande padon pou krim li te komèt la antan li di nan sòm nan: “M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt la”. Se konsa tou, zanmi mwen, lè ou santi ou koupab ou dwe gen menm atitid sa, ou dwe fè akdekontrisyon, ou dwe pran chemen rekonsilyasyon an nan sakreman penitans lan.
Konsa, lè nou fè gwo pa sa a, jèm peche ap detwi ak dife mizerikòd la epi jèm lavi ap pouse, lavi nou ap fleri, kè nou ap kontan, n’ap tèlman santi nou byen, men jan ak apot Pòl nou kapab di: “Se pa mwen menm k’ap viv ankò, se Jezikri k’ap viv nan mwen”.
Kantan pou mesaj Levanjil la, li ase klè pou nou konpran li. Sen Lik ap di nou, plis yon moun genyen lanmou nan kè li pou Bondye, se plis li kapab jwenn padon pou peche. Antan Jezi te sou tab lakay farizyen ki te envite li manje ak li a, vwala yon ti pòv malerèz te pwofite okazyon sa a pou li te fè yon rankont pèsonèl radikal ak li, paske fi sila a te santi lavi li merite yon chanjman e se jezi sèl ki te kapab pote chanjman sa a nan lavi li. Se konsa fi sa a, se avèk anpil lanmou li te pwoche kote Jezi. Li pa t’ di Jezi okenn pawòl men li te touche li, li te bo pye li, li te lave pye li ak dlo ki t’ap koule soti nan zye li, apre sa li te vide losyon sou pye Jezi. Jès sa yo te vo pase plis pase mil pawòl, Jezi te konprann e li. Pwoksimite fi sa te genyen avèk Jezi ke li te menm rive touche a te mete lafwa farizyen an an dout, ki fè li te deskalifye Jezi, paske li konnen kijan fanm sa a t’ap benyen nan labou peche. Li te gade fi a tankou pi gwo pechè sou latè, kòmsi se yon moun ki te merite lanmò.
Nan Levanjil la, tankou nou te relate sa tou pou premye lekti a, nou dekouvri Jezi pa rayi pechè a, men se peche a li rayi. Bondye se lanmou, se mizerikòd, se konpasyon, se padon.
Anpil fwa tou nou konn gen tandans lonje dwèt sou moun pou nou kapab kondane yo, pafwa menm si yo inosan. Jodi a Jezi ap di nou bay lòt la yon chans, bay lòt la opòtinite pou li kapab chanje. Menm si ou konnen li fè sa ki pa sa, ou dwe rekonèt li se pitit Bondye, ou dwe resevwa li lakay ou, ou dwè chita sou tab ak li, ou dwe renmen li, ou dwe kite pòt Legliz la ouvè pou li, ou dwe rekonèt li pote imaj Bondye nan li, e si li lèd Granmèt kapab pwòpte li pou li fè li tounen yon moun nouvo, yon kreyati tou nèf. Lòt la tou se pitit Bondye, si li tonbe, pa mete pye sou kou li pou ou touye li, pa kritike, pa fè kout dwèt, okontrè ba li lebra, ede li leve. Se nan sa Bondye pran plezi.
LAPRIYÈ: Granmèt, malgre mwen se yon pechè, anpil fwa mwen panse mwen pi bon pase tout moun paske mwen ale Legliz chak dimanch, mwen nan koral ak nan tout aktivite Legliz. Jodi a, tanpri ede mwen wete tèt mwen nan ilizyon. Ede mwen aprann rekonèt feblès mwen e fè mwen pran chemen repantans pou mwen kapab resevwa padon ak mizerikòd ou. Nan non Jezi, Pitit ou a. Amèn.
PWOPOZISYON:Jodi a, m’ap aprann konnen tèt mwen pou mwen kapab konprann lòt yo pi byen. M’ap ede yon moun pran chemen konvèsyon nan fason mwen akeyi li, nan fason mwen pale ak li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario