Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou prezante nou kòm sèvitè Bondye”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 6, 1 -10
Frè m’ yo:
Nou menm k’ap bay konkou, nou ensiste
kote nou pou nou pa resevwa favè Bondye a pou granmesi. Sèke li di: “Nan tan
fikse a mwen koute ou, jou delivrans la mwen pote ou sekou”. Men li, koulye a,
tan fikse a, men li, koulye a, jou delivrans la.
Nou pa bay pèsònn baryè, pou yo pa
kritike sèvis nou an; men nan tout bagay, nou montre nou se sèvitè Bondye, avèk
anpil pasyans, nan tray, nan bezwen, nan kè sere, nan kou, nan prizon, nan
konplo, nan travay, nan vèy, nan jèn, nan metrize kò nou, nan syans, nan pasyans,
nan dousè, nan Lespri Sen an, nan renmen ki pa gen fent, nan pawòl verite a,
nan fòs Bondye.
Avèk zam jistis la adwat agòch,
nan bèlte ak lawont, nan move repitasyon ak bon repitasyon; kòm moun k’ap chèche
twonpe, epoutan nou di verite; tankou moun ki pa konn anyen, epoutan nou konnen
byen; tankou moun k’ap mouri, epoutan men nou vivan; tankou moun yo pini, men
ki pa mouri; tankou moun ki tris, men nou toujou kontan; tankou pòv, epoutan n’ap
anrichi anpil moun; tankou moun ki pa gen anyen, epoutan nou posede tout bagay.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki
sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje kè sansib li ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans
Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“Mwen di nou pa reziste ak mechan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 5, 38-42
Lè sa a Jezi di disip li yo:
“Nou te tande yo te di: “Je pou je,
dan pou dan”. Mwen menm mwen di nou pa reziste ak mechan an; men si yon moun
frape ou sou machwa dwat ou, prezante l’ bò gòch la tou; moun ki vle fè pwosè
nan jijman avèk ou pou l’ pran chemiz ou, kite manto a pou li tou nenpòt moun
ki fòse ou fè mil pa, ale, fè de mil pa avèk li. Moun ki mande ou, ba li, moun
ki vle prete nan men ou, pa vire do ba li”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi envite n’
rejte lwa talyon an ki chita sou yon prensip vanjans :“ je pou je ak dan pou
dan”. Li pwopoze nou yon nouvo lwa ki fonde sou lanmou ak sou padon. Levanjil
la makonnen ak lekti a pou mande nou menm kretyen yo bay bon temwayaj nan tout
sikonstans, sa vle di se pou n’ toujou fè sa ki byen pou yo pa jwenn bagay pou
yo repwoche n’. Se pa yon bagay ki fasil pou moun fè w’ enjistis san w’ pa fè l’
anyen ki mal pou w’ ta rete la w’ap gade l’ san w’ pa reyaji. Alòske Jezi ale pi
lwen toujou pou l’ di n’ si yon moun ba nou yon kalòt nan bò machwè dwat nou,
vire bò goch la ba li tou. Jezi p’ap preche n’ reziyasyon lè l’ di n’ fè sa a,
dayè nou wè li menm li bay egzanp lan nan jan li te mouri sou kwa a, san l’ pa
reyaji. Se yon fason pasifik li mande n’ pou n’ angaje n’ pou n’ lite kont
enjistis, paske l’ konnen se fòs byen an k’ap ranpòte laviktwa sou fòs mal la;
se leson sa a nou tire nan rezireksyon Jezi a. Yo te fè l’ soufri, li pa t’ di
anyen, men Bondye te resisite l’ pami mò yo. Jezi ap mande nou pou nou rejte
awogans, pou chèche aji avèk pridans ak dousè epi kiltive abnegasyon tèt nou. Sa pa sinonim yon
karaktè restavèk ou fatalis, men pito yon fason pou nou kiltive nan kè nou
imilite ak lapè. Se yon fason pou n’ rezoud konfli yo de fason pasifik, sa vle
di san vyolans.
LAPRIYÈ: Jezi o, ou
mande n’ pou n’ renmen ak padone moun ki fè nou abi yo san nou pa aji ak
vyolans, sensèman sa parèt difisil pou nou rive fè. Tanpri ban nou fòs Lespri
Sen an pou nou kapab rive fè volonte w’ epi rete fidèl ak tout pawòl ou yo nan
jan n’ap aji. Amèn
PWOPOZISYON:M’ap pran angajman
pou m’ rezoud tout konfli mwen genyen ak lòt yo yon fason pasifik e m’ap
ankouraje lòt moun ki nan antouraj mwen pou yo fè sa tou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario