Páginas

MADI 18

Koulè Vèt                      
PREMYE MOSO LABIB
“Jezikri vin pòv poutèt nou”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 8, 1-9
Frè m’ yo, nou fè nou konnen favè Bondye a, sa l’ bay nan legliz Masedwán nan, nan anpil tray yo t’ap pase, kè kontan yo te plen, malgre yo te pòv anpil, yo plen ak richès senplisite yo; paske daprè pouvwa yo, mwen rann yo temwayaj, epi plis pase pouvwa yo, yo ofri tèt yo avèk anpil ensistans pou yo mande nou favè pou yo patisipe nan sèvis la k’ap fèt pou sen yo.
Yo depase esperans nou, yo kòmanse renmèt tèt yo bay Granmèt la, aprè sa yo renmèt tèt yo ba nou pou volonte Bondye a; sitèlman nou blije mande Tit pou li reyalize favè sa a nan nou menm tou, jan l’ te kòmanse a.
Men, jan nou plen nan tout bagay ak lafwa ak pawòl ak konesans ak tout kalite devouman, sitou ak renmen nou genyen ki sòti nan nou menm nan, se pou nou fè anpil nan favè sa a. Se pa tankou yon kòmandman m’ap pase, men se pou m’ eseye bon karaktè renmen nou an avèk devouman lèzòt yo. Nou konnen favè Granmèt nou Jezikri, poutèt nou li vin pòv, pou nou te kapab vin rich, malgre li te rich, pou nou te kapab vin rich antan l’ vin pòv.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 145, 2. 5-6. 7. 8-9a
R/ Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen.
Oubyen: Alelouya.
M’ap fè lwanj Granmèt la nan lavi mwen, m’ap chante kantik pou Bondye m’ nan, tout tan m’ap viv.R.
Se chans pou sila a Bondye Jakòb la pote l’ sekou a, sila a ki gen espwa l’ nan Granmèt Bondye l’ la. Li menm ki fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan li. Li menm ki kenbe verite a pou tout tan.R.
Li fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo manje. Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
LEVANJIL
“Renmen lènmi nou yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 43-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Nou te tande yo te di: “Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou. Mwen menm mwen di nou: Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo. Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa fè sa? Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Moso Levanjil sa a se kòmansman gwo sèmon Jezi te fè sou mòn nan, kote li te prezante bèl pwogram wayòm Bondye a ak kòman pou nou konpòte n’ kòm kretyen. Li vle nou abandone tout vye lansèyman ak pratik ki chita sou vyolans ak vanjans, se pou sa chak fwa li di [nou te tande yo di n’ tèl bagay ...,] mwen menm mwen di nou[...] e li pa di nou lòt bagay ki pa koeran ak prensip lanmou li te toujou anseye nan jan l’ t’ap viv la. Jezi mande n’ pou n’ kite tout vye zizani, tout rankin, depase tout agresyon nou sibi, pou rive jiska renmen lènmi nou yo e padone yo. Li menm li te fè sa sou lakwa kote l’ te mande Bondye pou l’ padone bouwo ki te kloure l’ yo paske yo pa t’ konnen sa yo t’ap fè a. Jezi pa mande n’ pou n’al ba t’ kò n’ aprè pou n’ lapriyè pou Bondye aji ak lènmi n’ yo pou nou, kòm si pou Bondye kraze zo lòt yo pou nou, alòske nou tout se pitit li. Jezi konnen se sèlman lè nou menm kòm pitit Bondye nou rive rekonsilye ak solidarize nou, n’ap kapab bati ansanm yon sosyete ki pi jis e ki pi solidè. Se yon apèl pou nou vin sen menm jan Bondye papa n’ ki nan syèl la sen an. Se pa yon bagay ki fasil pou nou sen nan tan n’ap viv jou nen jodi a, men nou wè sen Pòl pwopoze nou gade lavi Legliz Masedwàn nan, jan youn te renmen lòt, jan yo t’ap fè volonte Bondye ak anpil devouman nan tout eprèv. Se yon envitasyon pou nou bati yon mond kote se lanmou k’ap dirije tout aktivite nou yo tout tan e tout kote, e se konsa sèlman n’ap rive travay pou rèy Bondye a rive tout bon vre.
LAPRIYÈ:Jezi Granmèt, ou mande n’ pou n’ renmen lènmi nou yo epi pou nou travay pou nou vin sen, nou vrèman santi nou fèb pou n’ reyalize yon gwo pwojè konsa. Tanpri ban nou lagras ou pou nou ka travay pou tabli yon sosyete ki chita sou lanmou, padon ak sou solidarite, pou tout moun ka viv tankou moun.
PWOPOZISYON: M’ap kòmanse yon pwosesis rekonsilyasyon pwofon anndan kè m’ pou m’ ka padone moun mwen te kenbe sou kè m’ depi lontan yo epi m’ap mande moun mwen te ofanse yo padon.
 

No hay comentarios:

Publicar un comentario