Páginas

MÈKREDI 19

Koulè Vèt                      
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 9, 6-11
Frè m’ yo:
Moun ki simen tikras, li rekòlte tikras tou; men moun ki simen nan benediksyon, li rekòlte nan benediksyon. Chak moun, daprè sa l’ te deside nan kè l’, san se pa nan chagren ni nan fòse, sèke Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye gen pouvwa pou l’ fè nou vin gen anpil favè, pou nou gen tout sa nou bezwen tout tan, pou nou plen ap ranvèse nan tout kalite bon aksyon, daprè sa k’ ekri a: “Li separe, li bay pòv yo, jistis li dire pou tout tan gen tan”.
Sila a k’ap bay semans pou moun k’ap simen an, k’ap bay pen pou moun k’ap manje a, se li menm k’ap fè semans nou an vin anpil, k’ap fè plant jistis nou yo grandi, pou nou kapab vin rich nan tout bagay, pou nou kapab plen nan tout senplisite, sa n’ap fè vin tounen remèsiman pou Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 9
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la.
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, ki met anvi l’ anpil nan kòmandman l’ yo. Ras li ap gen pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Bèlte ak richès nan kay li, jistis li dire pou tout tan k’ap gen tan.
Limyè a leve nan fènwa pou moun ki dwat yo, li gen kè sansib, li pran pitye, li kòrèk.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan bèlte.R.
ALELOUYA                                                                        Jn 14, 23
R. Alelouya. Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen, deklarasyon Granmèt la; Papa m’ap renmen l’, n’ap vin lakay li. R. Alelouya.
LEVANJIL
“Papa ou ki wè nan kote ki kache l’ap renmèt ou sa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A  DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Fè atansyon pou nou pa reyalize jistis nou devan lèzòm pou yo wè nou, otreman nou p’ap gen rekonpans kot Papa nou ki nan syèl la.
Lè w’ap fè lacharite, pa sonnen klewon devan ou, tankou ipokrit yo fè nan kay reyinyon yo ak nan lari yo, pou moun kapab fè lwanj yo. An verite mwen di ou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè lacharite, pa kite men gòch ou konnen sa dwat ou ap fè, pou lacharite w’ la fèt an kachèt; Papa ou, ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè w’ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen kanpe pou lapriyè nan kay reyinyon ak nan kwen kalfou yo, pou moun kapab wè yo. An verite mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap lapriyè, antre nan chanm ou, fèmen pòt la, lapriyè Papa ou an kachèt; Papa ou ki wè nan kachèt, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa fè tankou ipokrit yo, pou nou tris; reyèlman vre yo pran min dekonpoze, pou moun kapab wè y’ap fè jèn. An verite mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm menm, lè w’ap fè jèn, met losyon sou tèt ou, lave figi ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, min pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lè nou  reflechi sou pawòl nou sot tande nan  litiji jodi a, nou aprann gen twa bagay ki fondamantal nan pratik relijyon jwif yo, se charite oubyen lanmou, lapriyè ak jèn. Men pou Jezi sa ki te pi enpòtan  se fason nou pratike bagay sa yo anndedan Legliz la. Paske Bondye pran plezi l’ nan bagay sa yo lè se avèk tout  kè nou nou pratike yo, se se pa pwòp tèt nou n’ap chèche mete an evidans, lè n’ap bay se pa pou nou fè moun wè, lè n’ap priyè se pa pou nou fè moun tande; Bondye pa pran plezi nan moun k’ap chèche fè wè, se sa ki fè nou dwe lapriyè an sekrè lè n’ap lapriyè, lè n’ap bay frè osinon sè n’ yon bagay, se pa pou n’ fè moun wè. Men pou Bondye se jès la ki konte ak santiman ki pouse ou fè jès la nan jan ou mete tout kè w’ nan sa w´ap fè a.
Tout bagay sa yo Jezi rele yo ipokrizi, e li kritike jan moun yo ap fè jèn, yo fè l’ pou yo montre moun kisa y’ap fè, men yo pa fè l’ pou Bondye. Bagay sa yo nou pa bezwen fè yo pou moun wè yo paske Bondye kapab wè tout sa nou genyen anndedan nou,li konnen tout dezi kè nou yo. 
LAPRIYÈ: Granmèt n’ap mande ou pou ou fè tout moun ki gen yon responsablite nan Legliz la rive viv nan lafwa ak fratènite, pou travay san gade dèyè. N’ap mande ou enèji Lespri Sen an, pou nou travay san nou p’ap chèche fè moun wè, konsa travay nou an va tounen yon temwayaj renmen w’ lan nan mond globalizasyon n’ap viv jodi a. N’ap mande Bondye pou ou aprann nou pratike charite, jèn ak lanmou ki fè ou plezi. Amèn.

PWOPOZISYON: Menm jan Kris la te kritike jan jwif yo t’ap fè jèn, charite ak lapriyè a, ann mande Bondye pou li kapab ede nou reyalize misyon nou kòm pwofèt nan sosyete n’ap viv la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario