Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen anonse nou levanjil Bondye a gratis”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 11, 1-11
Frè m’ yo:
Mwen ta renmen
nou sipòte ti pòz moun fou mwen pran an! Men mwen! Sipòte m! Mwen jalou nou
avèk jalouzi Bondye; sèke mwen fiyanse nou avèk yon sèl mesye, tankou yon vyèj
ki rezève kò l’, pou m’ prezante nou bay Jezikri. Sèlman mwen pè pou, menm jan
koulèv la twonpe Èv avèk riz li a, santiman nou pa vin gate, vin kite sèl chemen
pou suiv Kris la.
Sèke, si nenpòt
moun ki parèt ap preche yon lòt Kris ki pa menm ak sa nou te preche a; oubyen
si nou aksepte yon lòt lespri ki pa menm ak sa nou te resevwa a, oubyen yon lòt
levanjil ki pa menm ak sa nou te resevwa a, nou vale sa ak tout kè nou. Pou mwen menm, mwen kwè mwen pa fè
anyen ki pi piti pase gran apot sa yo. Reyèlman vre, si m’ pa gen ladrès nan pawòl,
se pa nan konesans: nan tout okazyon mwen te fè nou wè sa.
Oubyen èske mwen fè peche, antan mwen rabese pwòp tèt mwen,
pou m’ leve nou, paske mwen te anonse nou levanjil Bondye a gratis! Mwen pran
lajan lòt legliz yo, antan mwen resevwa l’ pou sèvis pa nou. Lè m’ te lakay
nou, lè mwen te nan nesesite, mwen pa t’ fè okenn chaj peze sou nou; sèke sa m’
te manke, se frè yo ki te vin sot Lamasedwán nan ki te fè m’ jwenn li; nan tout
okazyon mwen te pran prekosyon pou m’ pa t’ tounen yon chaj pou nou, e m’ap
toujou pran prekosyon sa a.
Se laverite Jezikri a ki nan mwen; konviksyon sa a ki
fè m’ santi valè m’, yo p’ap wete l’ nan mwen nan rejyon Lagrès la. Poukisa?
Èske se paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 110, 1-2. 3-4. 7-8
R/ Travay men ou, Granmèt, se verite ak jijman.
Oubyen: Alelouya.
M’ap fè lwanj
Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak Legliz la. Travay Granmèt yo gran, yo merite pou
tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè jistis li dire pou tout
tan gen tan. Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Travay men l’ se verite ak jijman. Tout kòmandman l’ yo
fidèl, yo asire pou tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
LEVANJIL
“Se konsa pou
nou lapriyè”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Lè n’ap lapriyè, pa pale anpil tankou payen yo; yo
konprann vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa fè tankou yo; sèke Papa
nou konnen sa nou bezwen, anvan nou mande l’ li. Men kijan pou nou lapriyè:
Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se
pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a, padonnen nou sa nou fè ou, tankou
nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou
anba sa ki mal. Amèn.
Konsa si nou padonnen lèzòm peche yo, Papa nou ki nan syèl
la ap padonnen nou fot nou tou; men si nou pa padonnen moun yo, Papa nou ki nan
syèl la p’ap padonnen nou peche nou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan pawòl Bondye nou
sot tande a, apòt Pòl vle fè n’ konnen pou nou kenbe fèm nan pawòl Bondye a. Se pa nenpòt ti van, ti lapli ki
pou lage nou atè, pou nou febli, kouri chanje relijyon. Nou dwe pran tèt nou
pou nou pa kouri dèyè lòt moun ki vin di nou Bondye isi a, men l’ laba a, se
mwen ki gen Levanjil la. Nou dwe fè atansyon ak moun ki vle defòme pawòl nou
resevra depi piti a, moun ki vle gate lespri nou te resevwa nan batèm nou an.
Nou batize, anpil nan nou nou konfime, nou pa gen pou n’ kouri dèyè okenn vle
lespri ak moun ki vle fè nou pèdi wout Jezi trase pou nou an: Wout lafwa,
renmen ak fratènite a.Se poutèt sa a Jezi montre nou lapriyè pou nou pa fè
tankou lòt yo, nan chèche bèl diskou pou twonpe moun, pou fè wè nou konnnen
plis. Li montre n’ kijan pou n’ pale ak Pa a. N’a di lè n’ap lapriyè: Papa nou
ki nan syèl la… La priyè sa a gen 7
entansyon. E li gen 2 pati. 3 entansyon
sou Papa, 4 pou nou menm moun. Men yo: 1) Se pou yo respekte nou ou; 2) se pou
yo rekonèt se ou ki wa; 3) se pou volonte w’ fèt sou tè a tankou nan syèl la;
4) Pen nou bezwen chak jou a ba nou li jodya; 5) Padone sa nou fè ou tankou nou
padone moun ki fè nou kichòy; 6) pa kite nou pran nan pyèj; 7) Delevre nou ak
tou sa ki mal. Se yon lapriyè konplè. Li envite nou a rekonèt grandè ak pouvwa
Bondye, li envite nou viv nan amoni, nan fratènite ak frè ak sè nou yo, li
envite nou pratike padon, yon sekrè gerizon kè a. Se pou Bondye konble nou ak
lagras li, se pou li beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Papa a, fè nou rete kole ak ou, fè nou pi asire n’
sou ou. Pa kite feblès, pa kite Malen an fini
avèk nou. Ede nou pou nou viv pawòl la jan ou vle a, ede nou padone nou
youn lòt, pou nou pa janm sispann pi asire nou sou ou, e pou n’ ka viv
fratènite a pi byen menm jan fratènite w’ la
ansanm ak Pitit la, ansanm ak Lespri Sen an. Nou mande w’ sa a pa pouvwa
Jezikri, li memm ki vivan e ki wa pou
tou tan ki gen tan.
PWOPOZISYON:Pa kite pèsòn boulvèse ni pètibe dotrin nou te
resevwa nan Jezikri a. Rete fò epui kenbe fèm nan Levanjil nou te resevwa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario