Páginas

VANDREDI 21

Koulè Blan
Sen Lwi de Gonzag (memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“San konte bagay sou pa anndan, traka m’ tèt chaje pou tout legliz yo”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 11,18. 21b-30
Frè m’ yo:
Kòm anpil moun ap fè lwanj pwòp tèt yo daprè chè a, mwen menm tou m’ap fè pwòp lwanj mwen. Si yon moun gen lodas nan sa (m’ap pale tankou moun fou), mwen menm tou mwen gen lodas.
Yo se ebre, mwen menm tou; yo se pitit Izrayèl, mwen menm tou; se ras Abraam yo ye, mwen menm tou; yo se sèvitè Jezikri (m’ap pale tankou moun ki pa gen yon ti kras sajès), mwen sa plis toujou: nan anpil fatig pi plis, nan prizon pi plis toujou, nan kou pi plis ankò, nan lanmò anpil fwa. Mwen te resevwa karant kout fwèt mwens youn nan men Juif yo; twa fwa yo bat mwen, yon fwa yo kalonnen m’, mwen fè nofraj twa fwa, mwen ret yon nuit ak yon jou nan fon lanmè. Anpil fwa mwen nan vwayaj, nan danje larivyè, nan danje asasen, nan tout kalite danje, danje sou bò nasyon yo, danje nan lavil, danje nan savann, danje nan lanmè, danje nan frè ki pa frè tout bon vre; mwen nan fatig ak tray, nan anpil vèy, nan grangou ak swaf, nan anpil jèn, nan fredi ak manke rad.
An plis tout sa, ki make kò m’, gen sa k’ap trakase kè m’ chak jou, tèt chaje m’ pou tout Legliz yo. Kilès ki malad pou m’ pa malad? kilès ki tonbe, pou m’ pa santi dife nan kò m’? Si gen pou fè lwanj tèt mwen, se pou feblès mwen m’ap fè lwanj.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Anba tout tray yo Bondye delivre moun ki kòrèk yo.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, an nou fè konpliman pou non l’ ansanm. Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li deliver m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la reponn li, anba tout tray li li sove l’.R.
LEVANJIL
“Kote trezò w’ la ye a, se la kè ou ye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 19-23
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa ranmase trezò nou sou tè a, kote lawouy ak mit ap devore, kote vòlè ap kase kay pou yo vòlè. Ranmase trezò nou nan syèl la, kote lawouy ni mit pa devore, kote vòlè pa kase kay pou yo vòlè. Sèke kote trezò w’ la ye a, se la kè w’ap ye tou.
Lanp kò ou se je ou: si je ou an sante, tout kò ou ap klere. Men si je ou malad, tout kò ou ap nan fènwa. Konsa si limyè ki nan ou a, se fènwa li ye, fènwa yo yo menm, ala anpil y’ap anpil!”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Refleksyon nou pou jodi a, n’ap santre li sou yon avètisman Jezi ba nou, daprè Levanjil Matye a. Jezi di nou, pa ramase trezò sou tè a; pito nou chèche trezò tout bon vre a. Nan premye lekti a nou wè Pòl ki prezante moun Korent yo diplòm li, se gratis li genyen l’, li te batay anpil pou Levanjil la te kab rive tout kote, onè li genyen nan travay sa a, sa ki fè kè li kontan anpil, se soufrans, traka, difikilte li te rankontre nan travay preche Levanjil la; nou pa konnen si gen Apot ki te fè gwo etid ki te konn vante tèt yo oubyen chante kantamwa, men Pòl li menm, se renmen li te gen nan kèl li li te bay sitou sa ki pi piti yo, ki pi fèb yo, bagay sa yo te pi enpòtan pase tout lòt tit yon apot te kabab genyen. Pòl te denonse moun sa yo k’ap pwofite tit yo genyen pou eksplwate sa ki pi fèb yo. Jodi a Apot yo pa la, Pòl pa la men se nou menm k’ap kontinye sa yo te kòmanse; mache preche Levanjil la se pa yon bagay nou jwenn atè, men se yon kado Bondye fè nou; nou pa gen pou n’ vante tèt nou, se pou nou fè travay nou byen pou n’ kab jwenn rekonpans nou, se pou nou fyè lè se travay Granmèt la n’ap fè, menm si l’ gen soufrans, rekonpans nou ap gran devan Bondye. Jodi a, yon lòt fwa ankò, Jezi envite n’ mete konfyans nou nan Pwovidans Bondye Papa nou olye pou nou ramase richès ki sou tè a, paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou. Sèvi ak trezò Granmèt la konfye nou an, li ba nou l’ pou nou fè l’ grandi, boujonnen, fleri, donnen, epi pou n’ miltipliye l’; se pou nou pran responsablite nou nan fè travay Granmèt la konfye nou an epi li menm l’ap pran responsablite l’ nan okipasyon pa nou yo tou. Jezi di nou ankò, je nou se lanp kò a li ye, je nou reprezante konsyans nou, si je a nan limyè, nou nan laverite tout antye, si je a nan fènwa, nou pa wè klè, se nan peche n’ap tonbe, lè sa a se nan manti nou ye; kote nou konn wè yon avèg ap kondi yon lòt avèg! sinon toude ap tonbe nan twou. Frè m’/ sè m’, an nou chèche vrè trezò ki sòti nan syèl la, tout sa ki kapab bay lavi etènèl la, sa ki kapab bay lavi nou valè; mande Jezi lagras, pou n’ kab dekouvri vrè richès ki p’ap gate a. Tout sa se nan renmen an pou n’ jwenn li, lè w’ gen renmen  nan  kè w’, sa pouse ou fè sa ki byen. Toujou chèche richès ki sòti nan syèl la.
LAPRIYÈ: Granmèt papa mwen, tanpri louvri je m’ pou m’ wè verite a: ou konnen kijan m’ frajil, nan lavi chak jou a ede m’ chèche vrè richès ki sòti nan syèl la, konsa m’a mete kè m’ kote trezò m’ ye a. Ban m’ lafwa, konfyans ak renmen pou m’ kab bati yon sosyete tou nèf. Amèn.

PWOPOZISYON: Avèk yon kè disponib m’ap chèche limyè enteryè k’ap fè m’ dekouvri vrè trezò ki bay lavi etènèl la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario