Páginas

SAMDI 22

Koulè Vèt                         
PREMYE MOSO LABIB
“Ak tout kè m’ m’ap jwenn fyète m’ nan feblès mwen yo”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 12, 1-10
Frè m’ yo:
Si gen okazyon tire lwanj (pa gen nesesite), m’ap rive nan vizyon ak revelasyon Granmèt la. Mwen konnen yon moun nan Jezikri depi plis pase katòzan (swa nan kò a, mwen pa konnen; swa andeyò kò a, mwen pa konnen, Bondye konnen), moun sa a yo sezi l’ jous nan twazyèm syèl la. Mwen konnen moun sa a (swa nan kò a, swa andeyò kò a mwen pa konnen, Bondye konnen), yo sezi l’ jous nan paradi, li tande pawòl kache, bagay yo pa pèmèt moun pale.
Pou moun sa a m’ap fè lwanj tèt mwen; pou mwen menm, mwen p’ap fè lwanj pwòp tèt mwen ditou, sof nan feblès mwen yo. Sèke, menm si m’ ta vle fè lwanj mwen, mwen pa ta fou: se laverite mwen ta di; mwen pe bouch mwen kan menm, pou moun pa konprann mwen plis pase sa l’ wè nan mwen an, oubyen sa l’ tande nan mwen an.
Epi tou, pou grandè revelasyon yo pa vire tèt mwen, yo ban m’ yon pikan nan chè m’, yon mesaje Satan k’ap souflete m’. Sou kesyon sa a twa fwa mwen mande Granmèt la pou l’ wete l’ lwen m’; li di m’: “Favè m’ kont ou, sèke se nan feblès la fòs la bay randman”.
Konsa se ak tout kè m’ m’ap fè lwanj tèt mwen nan feblès mwen yo, pou fòs Jezikri a abite nan mwen. Se pousa mwen jwenn plezi m’ nan feblès mwen yo, nan mank dega, nan tray, nan pèsekisyon, nan kè sere pou Jezikri: lè m’ fèb, se lè sa a mwen fò.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 8-9. 10-11. 12-13
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
Mesaje Granmèt la monte lagad alantou moun ki respekte l’ yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon; se chans pou moun ki met espwa sou li.R.
Respekte Granmèt la, sen l’ yo, paske pa gen bezwen pou moun ki respekte l’ yo. Rich yo vin pòv, yo grangou, men sa k’ap chèche Granmèt la, yo pa manke okenn byen.R.
Vini, pitit mwen yo, koute m’: m’ap aprann nou respè Granmèt la. Kilès moun sa a ki vle lavi a, ki renmen jou pou l’ wè byen an? R.
LEVANJIL
“Pa pran tèt chaje pou demen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 24-34
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pèsòn pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn, l’ap renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye avèk lajan.
Se pousa mwen di nou: Pa pran tèt chaje pou lavi nou, pou nou mande ki sa n’ap manje, ni pou kò nou ak kisa n’ap abiye l’: èske lavi a pa plis pase manje a, epi kò a plis pase rad la? Gade zwazo syèl yo, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa ranmase nan depo; epoutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa plis pase yo?
Kilès nan nou, afòs l’ap kalkile, ki kapab mete yon mezi an plis sou wotè l’?
Pou rad la, poukisa nou pran tèt chaje? Konsidere lis yo nan jaden yo, kijan yo grandi; yo pa travay, yo pa fè twal. Men mwen di nou ata Salomon nan tout bèlte l’ li pa t’ abiye tankou youn nan yo. Konsa si zèb jaden an ki la jodi a, epi demen y’ap jete l’ nan dife, Bondye abiye l’ konsa, èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti lafwa?
Konsa, pa pran tèt chaje, ap di: “Kisa n’ap manje?” oubyen “Kisa n’ap bwè?”, oubyen “Ak ki sa n’ap abiye?” Tout bagay sa yo, payen yo ap chèche yo; Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa kòmanse chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap vin an plis pou nou.
Pa pran tèt chaje pou demen; jou demen an ap pran tèt chaje pou kont pa l’: mizè chak jou kont pou jou a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Se pa ti preokipasyon nou genyen nan lavi a a. Nou kouri monte, nou kouri desann. Nou fè pwojè pou plizyè ane. N’ap chèche opòtinite pou etidye, pou travay. Anpil fwa lè nou pa jwenn bagay sa yo, lè nou santi anviwònman an pa bon pou nou. Nou fè lide ale lòt kote pou nou ale chèche lavi. Paske nou gen anpil presyon sou tèt nou. Nou gen presyon lekòl timoun ki sou kont nou, fòk yo abiye, fòk yo manje, si yo malad fòk yo ale lopital. Pafwa gen fèm kay pou peye, gen taks pou peye, sèvis kouran, sèvis dlo, si w’ bezwen fè yon apèl fòk ou achte kat rechaj. Pagay sa yo konn ba nou anpil panik, anpil fristrasyon, anpil pwoblèm ki fè nou pa menm gentan panse ak pwòp tèt pa nou. Anpil fwa nou pa fou, nou wè se yon gras. Si pwoblèm pa fini ak nou, se paske nou rezistan e nou pa konnen ki sa ki fè nou kapab reziste konsa. Pafwa pwoblèm sa yo konn pa menm ba nou tan pou nou panse relasyon nou ak sila a ki te kreye nou an, sila ki ba nou respirasyon an. Sa ki pi tèrib la, gen moman difisil ou kapab ap travèse, epi se nan moman sa yon lòt ka vini pou ou: yon ka aksidan, yon ka lanmò, yon gwo ka maladi. Sa konn fè nou blije al prete ponya, nou konn blije prete san nou pa konnen kilè n’ap ka renmèt. Ouf Elas!
Gen de lè nou konn di: Bondye, kisa m’ fè m’ap peye. Ebyen fas a tout sitiyasyon sa yo, Granmèt la ap di nou jodi a, pa trakase nou pou granmesi, paske mizè chak jou kont pou jou a.Piga nou pran tèt chaje pou demen; jou demen an ap pran tèt chaje pou kont pa l’.
Jezi ap di nou, fòk nou aprann kategorize tout bagay selon degre enpòtans yo:lavi a vo plis pase manje a, epi kò a vo plis pase rad la.
Gen anpil moun ki konplike lavi yo poutèt yo pa rive fè divizyon sa oubyen kategorizasyon sa a. Moun ki bay kò a plis enpòtans pase lavi a, li chèche fè bagay ki fè kò a plezi; moun ki bay rad la plis enpòtans pase kò a, li chèche kiltive aparans, li toujou ap chèche alamòd, li toujou vle mete pi bèl rechany sou li, menm si li pa ta genyen pou li manje. Moun sila yo, fasilman yo kapab tonbe nan fè sa k’ pa sa, e lè sa sosyete a lonje dwèt sou yo. Lè sa yo vin lèd paske gen yon move etikèt ki kole sou do yo ki p’ap janm ka detache, epi yo pèdi diyite yo. Sa ki enpòtan pou nou kenbe jodi a, sèke Bondye pa janm abandone pitit li yo. Kèlke swa ka ki prezante pou ou, toujou fè Bondye konfyans, toujou kore ou sou Bondye. Paske lè nou nan men Granmèt la, nou toujou byen kore, menm si lanmè move, san pwoblèm n’ap sove. Se asirans sa Apot Pòl te genyen ki fè li te di: “Lè m’ fèb, se lè sa a mwen fò”. Vrèman vre Pòl se sila ki te kwè ke favè Granmèt la te kont pou li, depi Granmèt la avèk yon moun, tout pwoblèm bat ba devan li. Se sa li te vle moun Legliz Korent yo kwè nan chapit 12 dezyèm Lèt li te voye pou yo a.
LAPRIYÈ: Granmèt nan feblès mwen, nan tray, nan pèsekisyon, tanpri ban mwen fòs ak kouraj ou pou mwen kapab toujou santi ou la. Mwen kwè nan ou, mwen adore ou e mwen renmen ou.
PWOPOZISYON: Pote konsolasyon bay yon moun ki nan ka. Nan prezans ou li kapab santi prezans Bondye. Ede, nan fason ou kapab, kèlke swa moun ki nan yon sitiyasyon difisil.

No hay comentarios:

Publicar un comentario