Koulè Vèt
12 ZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Y’ap gade sila a yo pike a”.
NAN LIV PWOFÈT ZAKARI 12, 10-11
Men pawòl Granmèt la:
“M’ap vide yon lespri favè ak lapriyè
sou kay David la ak sou moun ki abite Jerizalèm yo: y’ap gade m’, mwen menm yo
te pèse a, y’ap kriye sou li, yon rèl tankou pou yon sèl pitit gason, y’ap plenn
sou li, tankou yo konn plenn pou lanmò premye pitit gason.
Jou sa a, rèl la ap gran nan Jerizalèm,
tankou rèl Adadremon nan plenn Megido a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 62, 2. 3-4. 5-6. 8-9
R/ Nanm mwen swaf ou, Granmèt, Bondye mwen.
Bondye, se
Bondye m’ ou ye. se kote ou m’ap veye depi granmaten. Nanm mwen swaf ou, chè mwen
anvi ou.R.
Nan tè savann
nan, ki sèk la, ki san dlo a, se konsa mwen parèt devan ou nan kay sakre a, pou
m’ wè fòs ou ak bèlte ou. Sèke kè sansib ou pi bon pase lavi yo, bouch mwen ap
fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè
konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’. Tankou ak vyann ak bon
manje gra nanm mwen plen, ak pawòl fèt bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Paske ou pote
m’ sekou, anba vwal zèl ou m’ap fete. Nanm mwen kole apre ou, men dwat ou
soutni m’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Nou tout ki batize, nou abiye ak Jezikri”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU GALAT YO 3, 26
29
Frè m’ yo:
Nou tout nou
se pitit Bondye gras a lafwa a, ki nan Jezikri a. Reyèlman vre nou tout ki
batize nan Jezikri, nou abiye ak Jezikri. Pa gen kesyon Juif ni Grèk, nan pwen
ni esklav ni moun lib, pa gen gason ni fi: sèke nou tout se yon sèl nou fè nan
Jezikri.
Si nou pou Jezikri, konsa nou se ras
Abraam, eritye daprè pwomès la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Ou se Kris Bondye a.Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9,
18-24
Lè sa a:
Jezi t’ap lapriyè pou kont li, disip
yo te avèk li. Li poze yo kesyon, li di: “Kilès foul yo di mwen ye?”
Yo reponn, yo di: “Jan Batis; dòt menm
Eli; dòt ankò se youn nan pwofèt lontan yo ki leve”.
Jezi di yo: “Nou menm menm kilès nou
di mwen ye?”
Simon Pyè
pran lapawòl, li di: “Kris Bondye a”.
Jezi menm menase
yo li pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsònn sa, li di Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil, pou ansyen yo rejte l’, ni chèf prèt yo, ni pwofesè yo, l’ap
mouri, men sou twazyèm jou a, l’ap tounen vin vivan.
Li t’ap di
tout moun: “Si yon moun vle vin apre mwen, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’
pran kwa l’, chak jou, pou l’ suiv mwen. Reyèlman vre, moun ki vle sove lavi l’,
l’ap pèdi l’: moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Nanm mwen swaf ou Bondye tankou yon tè ki sèk! Se ak refren sa a frè m’/
sè m’ litiji jodi a, nan repons premye lekti a envite n’ medite. Veritab chemen
konvèsyon ak sentete a se lè moun nan prè pou l’ antre anndan kè l’ pou l’ fè
lapè ak Bondye, avèk pwòp tèt li epi avèk pwochen li! Pwofèt Zakari deja pale
de etap sa a pèp Bondye a dwe rive ladan l’, pou l’ kapab benefisye tout favè
Bondye li menm sèl bay sila yo ki konnen kòman pou yo rabese tèt yo, pou yo
rekonèt peche yo epi pou yo vire fas yo nan direksyon Bondye lavi a. Nan lavi
chak jou nou, nou gen anpil fason nou ye, fason n’ panse, fason n’ aji ki
merite chanje. Vrè chanjman sa ap rive posib lè n’ kite Pawòl Bondye a oryante
lavi nou, lè n’ deside mete lafwa n’ nan pwojè lavi li gen pou nou cha k’ epi
pou tout moun.
Dezyèm moso labib la raple n’
nouvo idantite n’ genyen gras a lafwa n’ nan Pitit Bondye a. Nan batèm nan nou
te mouri ak pwòp tèt pa nou pou n’ kapab viv pou Jezikri, nou te aksepte vin
tounen manb Jezikri pou frè n’ ak se n’ yo, pou limanite; nou te aksepte rantre
nan bèl reyalite lafwa sa a ki pouse n’ travay ansanm tankou frè ak sè pou n’
kapab temwaye prezans Jezikri nan mond sa a. Jan nouvo tèm plan pastoral ane
2013 la di n’ nan, se vrèman “nan lafwa epi nan fratènite n’ap ka bati kominote
nou an”, n’ap ka chanje fas tè sa a. An nou, ansanm, kwape tout vye fòs lanmò
ak divizyon ki vle mete n’ dozado epi fè n’ bliye sa nou ye. Ann mete tout bon jan
eneji n’ yo ansanm pou n’ sèvi Bondye Vivan an nan lòt yo. Anfas yon sosyete ki
divize, anfas anpil menas nou kontre nan diferant kominote legliz ki pouse n’
nan atitid endividyalis, nan aksyon egoyis, nan endiferans nan relasyon n’ youn
ak lòt, ann aksepte kite Lespri lavi a soufle sou nou yon souf nouvo pou nou
rive viv lafwa n’ epi temwanye fratènite nou an yon fason ki tou nèf. San
volonte pèsonèl pou chanjman an epi san konkou Lespri Bondye nou p’ap ka rive
nan vrè temwanyaj lavi a daprè Lespri Sen an. Se pou fòs Lespri Bondye a kase
tout miray divizyon ak endiferans ki egziste nan lavi nou kòm kretyen epi pou
renmen Bondye a n’ te resevwa nan lagras batèm nan fè n’ rive avanse pi fon nan
bon jan aksyon ki kore reyalite lafwa n’ap preche a.
Levanjil lik la ede n’ rive viv
yon reyalite ki kapital pou nou menm kretyen sou kesyon lafwa a. Reyalite a, se
rive nan konesans Jezikri a, Pitit Bondye a, Kris la, Sila a ki bay lavi l’ pou
limanite a. Jezi, pi devan pral devwale disip li yo kote li gen pou l’ bay lavi
li, men sou twa jou l’ap sòti nan pami mò yo. Se yon reyalite ki envite n’
reflechi anpil pwop sans lavi nou, sou konvèsyon nou, sou fason n’ dwe mouri
nou menm tou pou n’ ka viv pou li, Jezikri, menm jan li menm li te mouri epi li
t’ap viv pou Bondye epi avèk li. Sa fè n’ antre nan kokenn chenn reyalite lavi
nou kòm kretyen. Nou gen pou n’ bay pwòp lavi nou pou lòt yo, san n’ pa chache
enterè patikilye n’ men pou n’ chache volonte Bondye a. Moun ki renmen lavi l’,
l’ap pèdi l’; men sila k’ pèdi lavi l’ pou pote temwayaj renmen Bondye a pou
limanite l’ap genyen l’ pou tout tan. Legliz, nou se pèp Bondye a, nou se tanp
Lespri Sen an, nou se Kò Jezikri ki vivan nan mond sa a. Se pou Granmèt la ba nou
fòs pou n’ vin tounen vrè temwen leve byen vivan l’ lan. Men pou n’ rive la a nou dwe pote kwa n’ chak jou dèyè li!
LAPRIYÈ: Granmèt, ou
menm ki se Papa bon kè a, ou menm ki renmen nou chak epi ki devwale kè sansib
ou an favè nou, tanpri, ede n’ kite Lespri w’ la anvayi nou depi kounye epi
pandan tout rès tan n’ap pase sou tè a pou n’ ka tounen yon temwen lafwa a, yon
temwen renmen an, yon temwen leve byen vivan w’ lan. Amèn
PWOPOZISYON: Pandan ane sa a ki konsakre ak lafwa epi ak fratènite a,
bay tèt ou objektif pou w’ medite epi pou w’ kesyone chak aksyon w’ yo dekwa
pou w’ rive viv pwòp idantite w’ nan fidelite a Kris la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario