Páginas

LENDI 24

Koulè Blan
NESANS SEN JAN BATIS
(Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI  49, 1-6
Koute, zile yo, fè atansyon, pèp yo, antan nou lwen an:
Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan vant manman m’, li sonje non m’; li mete bouch mwen tankou yon nepe pwenti, li pwoteje m’ anba lonbraj men l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan dyakout li, li di m’: “Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa m’”.
Mwen di: “Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon, se pou vid mwen te gaspiye fòs mwen; epoutan jijman m’ te avèk Granmèt la, rekonpans mwen te avèk Bondye m’”.
Koulye a, Granmèt la ki fòme m’ depi nan vant pou m’ sèvitè l’ la, li di pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li; epi Izrayèl p’ap rasanble. Mwen jwenn glwa nan je Granmèt la, Granmèt la vin tounen fòs mwen.
Li di: “Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou leve ras Jakòb yo, pou ou fè ekzile Izrayèl yo tounen; mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou sove m’ nan rive jous nan bout tè a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 138, 1-3.-14.15
R/ M’ap fè lwanj, paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’, ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou konprann panse m’ depi byen lwen, santye m’ ak kouche m’, ou ekzamine yo. Tout wout mwen yo ou wè yo byen klè.R.
Paske se ou menm ki te fòme ren m’, ou te trese m’ nan vant manman m’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè; aksyon ou yo ekstrawòdinè, nan fon kè m’ mwen konn sa byen.R.
Zo m’ pa t’ kache lwen ou, lè mwen te fèt nan sekrè, lè ladrès ou t’ap fè m’ pran fòm anba tè a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Jan t’ap preche devan fas Jezikri ki t’ap vini an”.
NAN TRAVAT APOT YO 13,22-26
Jou sa yo: Pòl t’ap di:
“Bondye te leve wa David pou zansèt yo, li sèvi l’ temwen, li di: “Mwen jwenn David, pitit Jese a, yon moun daprè kè m’, l’ap fè tout volonte m’ yo”. Nan ras li, daprè pwomès la, Bondye fè Jezi parèt kòm sovè pou Izrayèl. Devan fas li ki t’ap vini an, Jan t’ap preche yon batèm penitans pou tout pèp Izrayèl la.
Lè Jan t’ap fini kous li, li t’ap di: “Sa a nou konprann mwen ye a, se pa sa mwen ye; men l’ap vini aprè m’, li menm mwen pa merite defèt sapat pye l’ la”.
[Mesye] Frè m’ yo, pitit ras Abraam yo, epi moun yo nan pami nou ki krenn Bondye a, se pou nou yo te voye pawòl sove a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Jan se non l’ sa”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 57-66. 80
Lè pou Elizabèt anfante a rive, li fè yon ti gason. Vwazen yo ak fanmi yo tande kijan Granmèt la te fè mèvèy mizerikòd li a parèt pou li; yo fè kè kontan avèk li. Rive, sou uityèm jou a, yo vini pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo t’ap rele l’ non papa l’: Zakari.
Manman l’ pran lapawòl, li di: “Non, men y’ap rele l’ Jan”.
Yo di l’: “Men pa gen pèsòn nan fanmi ou yo rele non sa a”. Yo fè papa l’ siy kjjan l’ te vle pou l’ rele. Li mande yon adwaz, li ekri, li di: “Jan, se non l’ sa”. Tout moun sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage li pran pale, li fè konpliman pou Bondye. Sezisman tonbe sou tout vwazen l’ yo; nan tout mòn Jide yo pawòl sa yo t’ap mache bouch an bouch. Tout moun ki tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: “Kisa ti pitit sa a ap ye?” Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
Pitit la menm t’ap devlope, li t’ap gen plis fòs nan Lespri a; li te nan dezè yo jous jou pou l’ te parèt devan Izrayèl.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a litiji a envite n’ fete nesans Jan Batis ki sen. Se youn nan gran sen Legliz la fete, ki ede n’ dekouvri grandè ak mèvèy Bondye nan lavi moun, sa ede n’ konprann toutpwisans Bondye, sa montre n’ se Bondye ki toujou pran inisyativ la, se li menm ki ka fasone n’ jan li vle paske se li ki fome n’, se li ki bati lavi nou e lavi nou jwenn sans li lè n’ kite l’ fè sa l’ vle ak nou. Fèt nesans Jan Batis envite n’ reflechi tou sou pwòp nesans pa nou, sans nesans pa nou kòm kretyen, men avan tou kòm moun Bondye bay lavi. Èske pwòp lavi nou gen sans li? Èske n’ rive konprann nou menm pouki Bondye mete n’ sou fas tè a? Nan premye lekti a pwofèt Izayi fè n’ sonje yon gran verite nan lavi l’, men ki dwe di n’ kichòy tou, paske nou pa kwè lèzòm se pitimi san gadò. Sètènman lekti a fè n’ dekouvri Bondye chwazi pwofèt la depi nan vant manman l’, pou l’ jwenn gwa li nan li. Èske nan lavi m’ Bondye jwenn glwa li? Èske lavi m’ se lwaj pou li?
Anpil fwa nan lavi nou, tankou pwofèt la nou gen tandans kwè lavi n’ pa gen valè, nou livre pou kont nou, epoutan pwofèt la di n’ nou se moun ki chwazi. Si nou la, sètènman nou gen yon misyon espesyal pou n’ fè glwa Bondye gaye sou fas tè a. Zakari, papa Jan Batis pa t’ kwè vrèman nan laj li rive si l’ te kapab fè pitit, men Bondye pa janm bliye lapriyè nou fè yo, menm lè n’ gen tandans dekouraje: Bondye n’ nan se Bondye lavi a, Bondye kè sansib la, Bondye bagay ki parèt enposib nan je nou yo.
Jan Batis te gen misyon pou l’ prepare plas pou Granmèt la, pou Sila a ki te gen pou l’ vini an, Jezi. Li t’ap viv nan dezè a epi l’ t’ap preche konvèsyon. Chanje kè nou epi kwè nan Bòn Nouvèl la! Sa se pawòl kle nan misyon li nan deze a. Li te kite Lespri a makonnen l’ tèlman ke l’ te pwisan anpil, nan pawol li yo, nan fason l’ t’ap viv; li te chèche sa ki piti a. Li te reyèlman yon limyè pou nasyon yo, paske moun te sòti toupatou vin koute l’ epi resevwa batèm nan men li. Li te di, se pa li menm ki Mesi a, men sila k’ap prepare chemen pou Mesi a. Pi devan l’ pral gen kouraj pou l’ prezante Jezikri kòm mouton Bondye a ki wete peche sou fas tè a. Li te pi gran pwofèt ki pa t’ janm ekziste, daprè Jezi nan lwanj li te fè pou li aprè yo te fin koupe tèt li. Yo te touye l’ paske l’ t’ap defann laverite a, li t’ap denonse sitiyasyon adiltè youn nan gran chèf Wòm nan, lè l’ t’ap viv ak madanm frè l’ pandan frè l’ la te ankò vivan. Pwòp sitiyasyon lavi yon pwofèt se pou tout pwofèt. Anpil fwa n’ pa kontre pèsekisyon paske n’ pa vrèman ranpli devwa n’ kòm pwofèt. Anpil fwa n’ gen tandans aksepte sitiyasyon yo, enjistis sosyete a, anpil fwa n’ gen tandans fè n’ tounen konplis malfèktè yo. Fèt Jan ki Sen jodi a a dwe di n’ kichòy kòm legliz.
Jan Batis te gen anpil imilite pou l’ rekonèt li pa Kris la pandan l’ te gen anpil renome. Anpil fwa nou menm nou vle parèt gran nan je lòt yo pandan nou bliye vrè chemen grandè a, se chemen imilite a, petitès la. Sa fè n’ sonje sa Jezi te di disip li yo lè l’ envite sa k’ vle vin premye yo se pou yo tounen sèvitè tout moun, sa k’ vle vin gran yo se pou yo vin esklav tout moun. Jan Batis te vrèman viv pawòl sa a, li menm ki te rive bay lavi l’ pou pawòl verite a, pawòl renmen an, pawòl jistis la. Konbyen fwa n’ prèt pou n’ defann lavi lòt yo? Nou vle panse, nan gran jou nesans Jan Batis, avèk tout timoun sa yo y’ap sakrifye nan zantray manman yo nan fè avòtman, n’ap panse ak tout paran ki pa pran reskonsablite yo, ak tout moun ki bliye si lavi yo makonnen ak Bondye, si lavi yo gen yon sans. N’ap lapriyè pou tout moun k’ap viv sou tè a rive dekouvri pwòp misyon yo; men pou sa rive fèt, se pou Jan Batis ede n’ viv nan imilite sa a, nan disponibilite sa a nan men Bondye pou n’ vin tounen sèvitè ak esklav tout moun.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple vide lagras ou sou nou ki deja fè rankont pèsonèl ak ou epi sou chak grenn moun ki poko rankontre w’ dekwa pou n’ nou tout ansanm nou rive dekouvri epi viv daprè vrè sans lavi a epi pou n’ akeyi misyon ou konfye n’ sou fas tè a. Amèn.

PWOPOZISYON:Nan ekzamine konsyans ou pèsonèlman, aprann dekouvri epi renouvle misyon Bondye konfye w’.Pran dispozisyon pou w’ ede lòt ki twouble dekouvri epi akeyi pwòp misyon pa yo nan mitan difikilte y’ap viv la!

No hay comentarios:

Publicar un comentario