Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Aga anfante yon ti gason, pou Abraam, li rele non l’ Izmayèl”.
NAN LIV LAJENÈZ LA 16,1-12.15-16
Jou sa yo:
Saray, madanm Abram nan, pa t’ fè
pitit; men li te gen yon esklav ejipsyen, yo te rele Aga, li di mari l’: “Men
Granmèt la fèmen m’, pou m’ pa fè pitit; al jwenn sèvant mwen an, petèt omwen m’ap
gen pitit gras a li”. Abram aksepte sa l’ mande a, li pran Aga, fi ejipsyen an,
sèvant li a, aprè dizan depi yo te kòmanse abite nan peyi Kanaan an, li bay
mari l’ li kòm madanm. Abram al kote l’. Men lè fi a wè li vin pote yon pitit
nan vant, li meprize metrès li a.Saray di Abram: “Ou aji avèk mechanste kont mwen;
mwen renmèt sèvant mwen an sou kè ou, li menm lè l’ wè li vin pote yon pitit
nan vant, li koupe m’ kout je. Granmèt la ap jije ant mwen menm ak ou menm”.
Abram reponn li: “Men, sèvant ou nan men ou; fè jan ou vle avèk li”.Saray maltrete
l’; li sove. Lè Mesaje Granmèt la rankontre l’ bò sous dlo nan savann nan, ki
sou wout Sour la nan dezè a, li di l’: “Aga, sèvant Saray, kote ou sòti, epi
kote w’a prale?” Li reponn: “Mwen sove sot devan Saray, metrès mwen
an”.
Mesaje Granmèt la di l’: “Tounen kay metrès w’a, rabese
tèt ou anba men li”. Li di ankò: “M’ap fè ras ou vin anpil anpil, yo p’ap kapab
konte l’, tèlman l’ap anpil”.
Aprè sa, li
di: “Men, ou pote yon ti pitit nan vant, w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’
Izmayèl, paske Granmèt la koute tray ou. Li menm l’ap yon gason ki gen fòs: men
l’ kont tout moun, men tout moun kont li, l’ap plante joupa an fas rejyon tout
frè l’ yo”.
Aga anfante yon ti gason pou Abram, li rele non l’ Izmayèl.
Abram te gen katrevensizan, lè Aga anfante Izmayèl pou li a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
105, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè sansib li
pou tout tan. Kilès k’ap rakonte pouvwa Granmèt la, k’ap fè tande tout lwanj li
yo?R.
Se chans pou moun ki obsève jijman l’, ki fè jistis pou
tout okazyon.Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou genyen pou pèp ou a.R.
Vizite nou nan delivrans ou a, pou nou kapab wè byen
sila yo ou chwazi yo, pou nou kontan nan kontantman nasyon w’ nan, pou nou jwenn
lwanj nou avèk eritaj ou a.R.
LEVANJIL
“Kay ki bati
sou wòch avèk kay ki bati sou sab”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7,
21-29
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se pa tout moun k’ap di m’: “Granmèt, Granmèt”, k’ap
antre nan rè syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm
k’ap antre nan rèy syèl la. Anpil moun ap di m’ jou sa a: “Granmèt, Granmèt,
èske se pa onon ou nou te fè travay pwofèt, èske se pa o non ou nou te fè anpil
mèvèy?” Lè sa a, m’ap deklare yo: “Mwen pa janm konnen nou: rale kò nou sot sou
mwen, nou menm k’ap fè peche”.
Sèke tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, epi ki reyalize
yo, li sanble avèk yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè
desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe: sèke fondasyon l’ te
sou wòch.
Tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, men ki pa reyalize
yo, li sanble ak yon moun sot, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann,
van soufle, yo fonse sou kay sa a, li tonbe, tablati l’ la gran”.
Rive, lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, foul yo te sezi
poutèt lansèyman l’: sèke li t’ap anseye yo tankou moun ki gen pouvwa, men se
pa tankou pwofesè yo ak farizyen yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’/sè m’ yo,
nan non Jezi lavi a m’ap salye nou ak tout kè mwen. Yon lòt fwa ankò, nou pral
wè nan ti refleksyon nou jounen jodi a, kisa pawòl Bondye pral di nou. Nan
premye moso Labib la, nou jwenn nan liv Lajenèz, nou wè kòman Sara, madanm
Abram pa t’ ka fè pitit, li te bay Abram sèvant li pou te kapab fè yon pitit. Men aprè sa, sèvant
lan te twouve ap taye banda sou Sara. Konsa Sara te maltrete l’ e li te sove
kite kay la. Men mesaje Bondye te mande retounen mande Sara eskiz e li te fè
sa. Byen souvan, nou menm tou, lè yon moun fè yon byen pou nou, nou konn sòti
pou nou bay moun nan pwoblèm aprè. Ann gade nan nou menm konbyen fwa nou aji
konsa, pou nou kapab gen kouraj mande padon. Nan sòm 105 yo pwopoze nou pou
jodi a, nou wè se toutan nou dwe fè lwanj pou Bondye, ni lè sa bon, ni lè sa pa
bon, paske li se yon Bondye kè sansib. Se pa tout moun k’ap di Granmèt, Granmèt
k’ap antre nan rèy syèl la, se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la. Se sa
Jezi deklare nan Levanjil Matye a, nan chapit 7, vèsè 21. Pi devan li di: moun ki koute pawòl li, ki mete yo
Pratik, se tankou moun ki bati kay yo sou wòch, lè lapli vini, li rete fèm. E moun ki koute pawòl
li ki pa mete yo an pratik, se tankou moun ki bati kay yo sou sab, lè lapli
vini, lavalas bwote kay la ale. Nou menm, ann gade ak kilès nou sanble. Pafwa
nou byen fon Legliz, nou nan tout gwoup, nou nan tout selebrasyon k’ap fèt nan
Legliz. Pafwa nou sanble moun ki pi sen nan Legliz la. Anpil fwa, tout se
aparans paske nou pa mete pawòl Bondye an pratik, nou fè lekontrè de sa pawòl
la mande nou. Fòk nou fè atansyon tou nan fason n’ap sèvi Bondye, pou nou pa
travay an ven, konsa n’a rive eritye wayòm syèl la.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, n’ap mande w’ jodi a, ede nou mete pawòl ou
yo an Pratik, ede nou kore lafwa nou sou pawòl ou yo, konsa n’a eritye wayòm ou pwomèt nou an.
PWOPOZISYON: Kore lafwa nou sou
pawòl Bondye a, pou l’ kapab pote fwi nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario