Páginas

MÈKREDI 26

Koulè Vèt                         
PRMYE MOSO LABIB
“Abram kwè Bondye, li konsidere sa kòm jistis pou li; Granmèt la pase kontra avèk li”.
NAN LIV LAJENÈZ  15, 1-12. 17-18
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt la rive kot Abram nan yon vizyon, li di: “Pa pè, Abram: Mwen se pwoteksyon ou, rekonpans ou ap gran anpil”.
Abram di: “Granmèt Bondye, ki sa w’ap ban mwen? M’a prale san pitit, (sa k’ap rete) se pitit jeran lakay mwen an, Elyezè moun Damas la”. Abram di ankò: “Kanta mwen menm ou pa ban m’ desandans; men se yon esklav k’ap eritye m’”.
Menm lè a pawòl Granmèt la rive kote l’, li di: “Se pa sila a k’ap eritye ou, men se sila a k’ap soti nan vant ou a, se li menm w’ap genyen kòm eritye”. Li kondui l’, deyò, li di l’: “Gade syèl la, konte zetwal yo, si ou kapab”. Li di l’: “Se konsa desandans ou ap ye”. Abram kwè nan Bondye, li konte sa pou li kòm jistis.
Li di l’: “Se mwen menm Granmèt la, ki te fè ou sòti Our Kaldeyen yo, pou m’ ba ou tè sa a, pou ou posede li”.
Li menm li di: “Granmèt Bondye, kòman m’ap fè konnen m’ap posede l’?”
Granmèt la reponn, li di: “Pran yon ti bèf twazan, yon kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon pijon tou”. Li pran tout bèt sa yo, li separe yo nan mitan, li ranje chak pòsyon youn an fas lòt; men li pa separe zwazo yo. Malfini desann sou kò yo, men Abram chase yo.
Lè solèy t’a pral kouche, yon dòmi ki lou tonbe sou Abram, yon gran sezisman ak fènwa vlope l’.
Lè solèy la fin kouche, vin gen yon gwo nyaj nwa, yon founèz k’ap fè lafimen vin parèt, ak flanbo dife k’ap travèse bèt yo ki te separe yo. Jou sa a, Granmèt la pase kontra avèk Abram, li di: “Se ras ou m’ap bay tè sa a, sot depi larivyè Lejip la rive jous nan gran larivyè Lefrat la”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9
R/ Granmèt la sonje kontra l’ la pou tout tan.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan pami nasyon yo.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.R.
Ras Abram, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
“Se nan fwi yo n’ap rekonèt yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 15- 20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Fè atansyon pwofèt manti yo, k’ap vin kote nou ak rad mouton yo, men sou pa anndan, se lou voras; se nan fwi yo n’ap rekonèt yo. Èske yo konn keyi rezen sou pikan, oubyen fig frans sou chadwon? Konsa tout pye bwa ki bon li donnen fwi ki bon, men move pye bwa se move fwi li donnen. Yon bon pye bwa pa kapab donnen move fwi, ni yon move pye bwa pa kapab donnen bon fwi.
Tout pye bwa, ki pa donnen bon fwi, y’ap koupe l’, y’ap jete l’ nan dife. Konsa se nan fwi yo n’ap rekonèt yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan Levanjil jodi a, Matye ki sen ap fè nou konnen fòk nou fè pridans ak fo pwofèt yo. Pawòl fo pwofèt sa, se yon bagay ki te pale anpil depi nan tan lontan. Menm nan epòk Jezi  t’ap viv te gen anpil kalite fo pwofèt. Lè nou di fo pwofèt, nou pa di sèlman tout moun ki pran pawòl Bondye pou defann enterè pèsonèl yo, tout moun k’ap bay manti sou non Bondye, men fo pwofèt la se moun ki pa vle wè byen pou pitit Bondye, se moun ki itilize tout estrateji pou egare pitit Bondye yo. Ebyen, kontrèman ak fo pwofèt la, bon pwofèt la gen pou devwa pote pawòl Jezikri a bay tout pitit Bondye ki nan fènwa; travay sa se pa yon bagay ki fasil, men konsa tout se pa yon bagay ki difisil: se yon travay ki mande anpil bon konprann, obeyisans ak renmen pou fè li, paske ladan ou jwenn tout pwoblèm ki kapab dekouraje w’ pou w’ pa fè travay la. Se sa k’ fè konparezon Jezi fè a, pye bwa ak fwi a se pou li ede nou konpran wòl yon relijye, yon misyonè gen pou jwe nan mond lan jounen jodi a. Pyebwa ki bon an donnen bon fwi ki sot nan Bondye, se lanmou, lajistis, solidarite, lapè ansanm ak rekonsilyasyon  paske se nan Bondye li sòti.
Nou menn ki batize, se misyon nou, se wòl nou. Se pou nou briye pou disparèt latwoublay, pou kraze tout sa ki anpeche moun grandi kòmsadwa nan sosyete a, nou dwe ekzèse wòl nou kòm pwofèt.
LAPRIYÈ:N’ap lapriyè pou responsab Legliz la, espesyalman pap la, Monseyè yo, Prèt yo, Dyak yo ansanm ak layik yo, pou yo kapab travay tout bon vre pou pou Legliz la kapab rekòlte jistis, lanmou, fratènite, lapè tout kote li simen pawòl Bondye a.

PWOPOZISYON: Lèm di mwen se yon pwofèt, èske se yon  fo pwofèt osinon se yon pwofèt tout bon vre, èske nan kèm mwen renmen Bondye a ayi poul penetre tout vye fòs fènwa ki anvayi lavim. Kijan m´ap kapab montre ke m´se bon pwofèt la. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario