Páginas

SAMDI 29

Koulè Wouj               
PYÈ AK PÒL KI SEN, Apot
(Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Koulye a mwen konnen tout bon vre Granmèt la delivre m’ sot nan men Ewòd.”
NAN LIV TRAVAY APOT YO 12, 1-11
Jou sa yo:
Wa Ewòd lonje men l’ pou l’ fè kèk moun nan Legliz la pase mati. Li touye Jak, frè Jan an, avèk epe. Lè l’ wè sa fè Juif yo plezi, li pase lòd arete Pyè tou. Se te jou azim yo. Lè l’ fin fè arete l’, li fè mete l’ nan prizon, li renmèt li nan men kat eskwad sòlda ki gen kat sòlda nan chak pou yo siveye l’, li te vle fè l’ konparèt devan pèp la aprè Pak la. Yo te kenbe Pyè nan prizon an; men priyè t’ap monte san rete nan Legliz la kot Bondye pou li.
Lè Ewòd t’a pral fè l’ konparèt la, nan nuit sa a menm, Pyè t’ap dòmi nan mitan de sòlda, li te mare ak de chenn, te gen sòlda devan pòt la ki t’ap siveye prizon an.
Zanj Granmèt la vin kanpe, limyè klere nan kay la, li frape Pyè sou kote, li reveye l’, li di: “Leve byen vit”. Chenn yo tonbe sot nan men l’.
Zanj la di l’: “Met sentiwon ou, met sapat ou nan pye ou”. Li fè sa.
Li di l’: “Abiye ou, suiv mwen”. Li sòti, li suiv li, san l’ pa konnen sa zanj la t’ap fè a t’ap fèt vre; li te konprann se nan rèv li te ye. Yo travèse premye santinèl la, epi dezyèm nan, yo rive nan pòt an fè a ki kondui nan vil la; li louvri devan yo, yo sòti, yo pase nan yon koridò; menm lè a zanj la kite l’.
Lè sa a atò, Pyè retounen nan li menm epi li di: “Koulye a mwen konnen tout bon vre Granmèt la voye zanj li a, li delivre m’ sot nan men Ewòd ak nan tout sa pèp Jwif yo t’ap tann nan”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Nan tout tray mwen yo Granmèt la sove m’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove l’.R.
Zanj Granmèt la ap veye alantou moun ki krenn li yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Sa k’ rete pou m’ resevwa a, se kouwòn jistis la y’ap ban mwen an”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4, 6-8. 17-18
Ou menm mwen renmen anpil:
Mwen deja fin bay tèt mwen kòm sakrifis, lè a rive pou m’ pati nèt. Mwen batay bon batay la, mwen fini kous mwen, mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete pou m’ resevwa a, se kouwòn jistis la, sa Granmèt la ap ba mwen jou sa a, li menm ki jij kòrèk la; pa sèlman pou mwen, men pou sa yo ki renmen jou l’ap vini an.
Fè vit vin jwenn mwen san pèdi tan. Granmèt la menm te kanpe kote m’, li te ban m’asirans, pou prèch mwen te kapab transmèt Pawòl la byen, pou tout nasyon yo te kapab tande l’. Mwen delivre sot nan bouch lyon an. Granmèt la delivre m’ sot anba tout move mannèv, l’ap sove m’ nan peyi wa li a. Konpliman pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: “Kisa moun yo di Pitit moun nan ye?”
Yo menm yo di: “Genyen se Jan Batis, dòt menm se Eli, dòt ankò se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo”.
Jezi di yo: “E nou menm kisa nou di mwen ye?”
Simon Pyè pran lapawòl, li di: “Ou se Kris, Pitit Bondye vivan an”.
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Ala kontantman pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè ni san ki devwale ou sa, men Papa m’ ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, epi pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa kont li; m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a se 29 jen, se fèt 2 potorik gason nan Legliz la: Pyè avèk Pòl. An nou fè yon ti gade lavi mesye sa a yo, kòman yo te konfòme lavi yo ak Pawòl Bondye ki fè jodi a, Legliz Inivèsèl ap pale de yo.
Pyè se te yon pechè pwason, non li se te Simon. Yon jou pandan l’ap peche bò lanmè a, ansanm ak kèk lòt mesye, se la Jezi te rele yo e yo te kite tout bagay pou yo swiv li.
Pyè se te youn nan Apot ki te pi pwòch Jezi yo. Se sa k’ fè li te gen chans viv tout evenman ki te pase avèk Jezi, tankou tout mirak li te fè nan Jerizalèm avèk tout ansèyman li yo.
 Lè Jezi t’ap anonse lanmò li, li di yo tout gen pou kouri kite l’, Pyè te sèmante jamè, menm si tout ale, li menm li p’ap janm abandone l’. Jezi te di l’ : anvan kòk la chante, w’ap gen tan di twa fwa ou pa konnen m’. Kòm Jezi konnen sa k’ap pase nan kè nou chak, sa te pase ekzateman jan li te di a. Aprè Jezi fin monte nan syèl, apot yo te sibi anpil pèsekisyon, poutèt yo t’ap preche epi fè mirak nan non li. Konsa nan premye moso Labib la, nou wè kòman yo te arete Pyè, yo mete l’ nan prizon poutèt pawòl Bondye a, men zanj Bondye te rantre, li te kase chenn yo e li te libere Pyè.
“Ou se Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap gen viktwa kont li.” Matye 16,19.
Se sa nou li nan Levanjil jodi a, sa vle di Jezi te fonde Legliz la sou Apot yo. Se Pyè li te remèt kle wayòm li a, se sa k’ fè li te di l’: «sa w’ lage ap ret lage, men sa w’ mare sou tè a ap ret mare». Sa montre nou tou, pouvwa evèk ak pè yo genyen pou yo padone peche nan non Jezi nan sakreman rekonsilyasyon an. Se chaj sa a Jezi te bay pyè ki fè jous jounen jodi a gen moun ki ranplase Pyè nan Legliz la pou kapab kontinye travay sa a. Se pou sa gen Pap nan Legliz la. Pa bliye nou te di nan kòmansman se fèt 2 gwo nèg, an nou gade pou nou wè lavi Pòl, kòman sa te ye. Menm jan avèk Pyè, anvan, non li se te Sòl. Li pa t’ nan Palestin, ki fè li pa t’ konnen Jezi pèsonèlman. Aprè lanmò Jezi, li retounen Jerizalèm e li rankontre ak disip Jezi yo ki t’ap fè anpil mèvèy, konsa li kòmanse ap pèsekikite yo epi pèsekite tout kretyen yo. Plan Bondye se pa plan lèzòm, se konsa yon jou, pandan Sòl te sou wout pou l’al pèsekite kretyen nan vil Damas, yon gwo limyè frape l’, li vwale je l’ e li tande yon vwa ki di: « Sòl, Sòl, poukisa w’ap pèsekite m’ konsa». Se te vwa Jezi. Li te rete twa jou konsa nan Damas e Bondye te voye youn nan disip li yo al batize l’ e li te vin wè. Se konsa li vin resevwa non Pòl e li tounen disip k’ap preche nan non Jezi. Tout moun te pè paske yo pa t’ rive kwè. Konsa li menm li kòmanse sibi pèsekisyon, li antreprann plizyè vwayaj, li tonbe nan lanmè. Li ekri pi fò lèt ki nan fen Nouvo Testaman an. Dezyèm moso Labib yo pwopoze nou jodi a sòti nan yon lèt li te ekri Timote, kote li fè deklarasyon sa a:
«Mwen deja fin bay tèt mwen kòm sakrifis, lè a rive pou m’ pati nèt. Mwen batay bon batay la, mwen fini kous mwen, mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete pou m’ resevwa a, se kouwòn jistis la, sa Granmèt la ap ban mwen jou sa a, li menm ki jij kòrèk la; pa sèlman pou mwen, men pou sa yo ki renmen jou l’ap vini an ».
An nou pran 2 mesye sa yo kòm ekzanp pou nou kapab tounen temwen Kris la, e yon jou menm jan avèk yo n’a va al jwi nan bèlte li rèzève pou nou chak la.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, n’ap mande w’ ede nou swiv ekzanp Pyè avèk Pòl, pou n’ kapab sèvi w’ temwen tout kote nou pase.

PWOPOZISYON: Mwen vle sèvi Jezi temwen tout kote m’ pase, nan fason m’ap viv nan kominote m’, nan jan m’ap sèvi ak frè ak sè mwen yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario