Páginas

DIMANCH 30

Koulè Vèt                        
13 ZYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Elize leve, li pati, li suiv Eli”.
NAN PREMYE LIV WA YO 19, 16b. 19 21
Jou sa yo:
Granmèt la di Eli: “Elize pitit Safat la, moun Abèl Méola a, w’a sakre l’ kòm pwofèt nan plas ou”. Eli pati, li jwenn Elize, pitit Safat la, ki t’ap travay tè avèk douz makòn bèf; li menm menm li te nan douzyèm makòn bèf la ak moun yo ki t’ap travay tè a. Eli rive kote l’, li voye manto l’ sou li. Menm lè a, Elize kite bèf yo, li kouri dèyè Eli, li di: “Kite m’ al anbrase papa m’ ak manman m’, tanpri, aprè sa m’a suiv ou”. Eli di l’: “Ale, tounen, sa m’ fè ou la, se koze pa m’”.
Men Elize tounen sot kote l’, li pran de bèf, li touye yo, ak bwa zouti ki t’ap vire tè a, li kuit vyann yo; li bay pèp la, yo manje. Li leve, li pati, li suiv Eli, li sèvi l’.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse; menm chè m’ poze nan esperans.Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap plen nèt devan fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Se pou libète a yo rele nou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO               5, 1. 13-18
Frè m’ yo:
Se pou libète a, Jezikri te delivre nou. Se pou nou kanpe fèm, pa kite yo mete nou anba jouk esklavaj la ankò.
Nou menm yo rele nou pou libète a, frè m’ yo, sèlman pa fè libète a sèvi okazyon pou chè a; men gras a renmen ki nan Lespri a, se pou nou youn sèvi lòt. Tout lalwa a se nan yon sèl pawòl li reyalize: “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”. Si nou youn ap mòde lòt, ap manje lòt, fè atansyon pou nou youn pa fin touye lòt.
Mwen di: Mache nan Lespri a, konsa nou p’ap reyalize sa chè a anvi a. Sèke chè a gen anvi ki drese kont lespri a, lespri a tou kont chè a; youn ap batay kont lòt, si byen se pa sa nou vle nou fè. Si nou kite Lespri a kondui nou, nou pa anba lalwa a.
LEVANJIL
“Li mare min li, pou l’ monte Jerizalèm. M’ap suiv ou kote w’a prale”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN          9, 51-62
Lè jou yo rive pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’ monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa resevwa yo, paske fas li te bay nan direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo Jak ak Jan ouè sa, yo di: “Granmèt, èske ou vle nou bay lòd pou dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?”
Li vire, li fè yo losèvasyon, li di: “Nou pa konnen ki lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’ pèdi lavi yo, men pou l’ sove”. Y’ale nan yon lòt vil.
Pandan y’ap mache sou wout la, yon moun di l’:”M’ap suiv ou kote w’a prale”.
Jezi di l’: “Mangous yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen nich yo; men Pitit moun nan pa gen kote pou l’ poze tèt li”.
Li di yon lòt: “Suiv mwen”.
Sila a menm di: “Granmèt, pèmèt mwen dabò pou m’ al antere papa m’”.
Jezi di l’: “Kite mò yo antere mò pa yo; ou menm al anonse rèy Bondye a”.
Yon lòt di: “M’ap suiv ou, Granmèt; men pèmèt mwen al di moun lakay mwen orevwa anvan”.
Jezi di l’: “Si yon moun fin met men nan zouti k’ap vire tè a, epi li vire gade dèyè, li pa merite rèy Bondye a”.
REFLEKSYON: Si nou fè konparezon lekti premye moso Labib ak lekti Levanjil jodi a, nou pral wè de istwa ki sanble anpil. Nan istwa Ansyen Kontra a, Eli chwazi Elize kòm disip, li mande Elize swiv li. Men Elize mande Eli pou li kite l’ anbrase manman l’ ak papa l’. Eli dakò, epi Elize tou fè yon gwo repa pou moun li yo avan l’ kite yo. Nan istwa Nouvo Kontra a, Jezi rele kèk moun pou yo swiv li, menm jan Eli te fè ak Elize. Menm jan tou, moun yo mande Jezi pou yo al ranje kèk bagay lakay yo avan. Yo gen bòn volonte, yo konnen yo gen yon angajman ak fanmi yo epi yo pa vle jis lage yo konsa. Men jan Jezi reponn yo byen diferan ak jan Eli te reponn Elize. Jezi mande yon angajman pi radikal toujou. Li fè moun sa yo konprann, si yo gen pou yo swiv li, fòk yo dakò swiv li nèt. Repons Jezi a kapab fè n’ sèzi. Lè moun yo te mande li pèmisyon pou al rezoud kèk zafè avan yo te swiv li, se yon bagay nòmal yo t’ap mande li. Alò, fò n’ chache konprann pou kisa Jezi pa t’ dakò, jan Eli te dakò nan ka Elize. 
Pafwa nou abitye chwazi ant sa ki bon ak sa ki pa bon. Nou konnen depi nou pa nan volè, depi nou pa tafyatè, depi nou pa nan gaspiye lajan nenpòt jan, sa ase. Se bon jan kretyen nou ye.
Jezi mande nou fè yon lòt pa ankò. Si n’ pran desizyon swiv Jezi ak tout kè nou, se pa yon kesyon evite sesi, evite sela. Nou kite bagay sa yo, lontan. Nan jan li reponn moun li t’ap rele yo, li fè n’ wè si pafwa, nou ta dwe chwazi ant yon bagay ki bon ak yon lòt bagay ki pi bon toujou.
Si n’ap swiv Jezi tout bon, sa pa vle di lage fanmi nou, men nou pa ka kite menm fanmi nou mare pye nou nan chemen sèvis Granmèt la. Angajman poto mitan lavi yon kretyen se angajman li genyen ak Jezi.
LAPRIYÈ: Jezi, ede m’ swiv ou san m’ pa gade deyè! Amèn.

PWOPOZISYON:Kòman m’ ka sèvi frè m’ ak sè m’ yo pi byen toujou, san m’ pa gade ki avantaj sa ap pote pou mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario