Koulè Vèt
PREMYE
MOSO LABIB
“Èske w’ap pèdi moun
kòrèk la avèk mechan an?”
NAN LIV
LAJENÈZ 18, 16-33
Lè mesye yo pati sot nan
tè fon Manbre a, yo dirije je yo kont Sodòm; Abraam t’ap mache avèk yo, li t’ap
akonpaye yo.
Granmèt la di: “Èske mwen
kapab kache Abraam bagay yo m’a pral fè a, paske li gen pou l’ vin tounen yon
gran nasyon ki gen anpil fòs, epi tout nasyon sou tè a ap beni nan li? Mwen
konnen li gen pou l’ avèti pitit li yo ak kay li aprè l’, pou yo obsève chemen
Granmèt la, pou yo fè jijman ak jistis, pou Granmèt la kapab reyalize, poutèt
Abraam, tout sa l’ te di Abraam yo”.
Konsa Granmèt la di: “Rèl moun Sodòm yo ak moun Gomò
yo vin anpil, peche yo lou anpil. M’ap desann, m’ap gade si rèl la ki rive kote
m’ nan, se yo menm ki fè l’ monte avèk aksyon yo, wi ou non, fò m’ konnen”.
De Mesaje yo vire, yo pati sot la, y’al Sodòm. Abraam
te kanpe toujou devan Granmèt la. Li pwoche, li di:
“Èske w’ap detwi moun kòrèk la avèk mechan an? Si ta gen senkant moun kòrèk nan
lavil la, èske tout moun ta peri? Èske ou p’ap menaje kote sa a poutèt senkant
moun kòrèk yo, si ta genyen yo ladan l’? Wete sa nan lide ou, pou ou fè bagay
sa a, pou ou touye moun kòrèk la avèk mechan an, pou ou trete moun kòrèk la
tankou mechan an. Sa pa sanble ou: ou menm k’ap jije tout tè a, ou pa dwe fè
jijman sa a ditou”.
Granmèt la di l’:
“Si m’ jwenn senkant moun kòrèk nan mitan vil Sodòm nan, m’ap kite tout kote a
poutèt yo”.
Abraam pran lapawòl, li di:
“Kòm mwen kòmanse yon fwa, m’ap pale ak Granmèt mwen, malgre mwen se pousyè ak
sann. Kisa w’ap fè, si manke senk moun pou fè senkant moun kòrèk yo? Èske w’ap
detwi tout vil la poutèt se karantsenk sèlman ki kòrèk?”
Li di: “Mwen p’ap detwi l’, si
m’ jwenn karantsenk ladan l’.
Abraam pale ankò ak Granmèt la: “Men si se karant ou jwenn ladan l’, ki
sa w’ap fè?” Li di: “Mwen p’ap frape l’ poutèt karant yo”.
Abraam di: “Tanpri, pa fache, Granmèt, si m’ pale; ki sa w’ap fè, si se
trant ou jwenn ladan l’?”
Li reponn: “Mwen p’ap fè sa m’ te deside a si m’ jwenn trant ladan li”.
Li di: “Kòm yon fwa, mwen kòmanse, m’ap pale ak Granmèt mwen. Ki sa
w’ap fè, si ou jwenn ven?”
Li di: “Mwen p’ap touye yo poutèt ven yo”.
Abraam di: “Tanpri, pa fache, Granmèt, si m’ pale ankò yon fwa. Ki sa
w’ap fè, si ou jwenn dis ladan l’?” Li di: “Mwen p’ap detwi l’ poutèt dis yo”.
Granmèt la pati, lè l’ fin pale avèk Abraam; Abraam tounen lakay li.
Pawòl Granmèt
la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4.
8-9. 10-11
R/ Granmèt la
pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ anndan m’, fè
konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye
tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fòt ou yo, ki geri tout maladi ou yo; li menm
ki delivre lavi w’ sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib, li pran pasyans, li gen anpil
kè sansib. Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.R.
Se pa daprè peche nou yo li trete nou, ni daprè fòt
nou yo li renmèt nou. Sèke otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li plen pou
ranvèse sou sila yo ki respekte l’ yo.R.
LEVANJIL
“Suiv mwen”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 18- 22
Lè sa a:
Jezi wè anpil foul
alantou l’, li pase lòd pou travèse lòt bò lanmè. Yon pwofesè pwoche, li di l’:
“Mèt, m’ap suiv ou kote w’a prale”.
Jezi di l’: “Rena yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen
nich yo; Pitit moun nan menm pa gen kote pou l’ poze tèt li”.
Youn nan disip li yo di l’: “Granmèt, kite m’ al
antere papa m’ anvan”.
Jezi menm di l’: “Suiv mwen, kite mò yo antere mò pa
yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Kè sansib Granmèt la pou pitit li yo pa gen mezi. Li
toujou prè pou li epanye yo de tout danje. Li toujou prè pou li koute pitit li
yo lè yo rele li. Jodi a, nan premye lekti a, nou wè aklè kijan Granmèt la se
yon Bondye ki plen konpasyon pou pitit li yo. Frè m’ak sè m’ yo, Bondye Granmèt
la renmen nou anpil. Li la l’ap tann nou ak de bra li louvri pou li resevwa
priyè nou yo, pou li ka ba nou sa n’ap mande li yo. An nou gade Abraam, li te
yon moun ki t’ap sèvi Granmèt. Li t’ap lapriyè Granmèt, li t’ap mande l’ sekou
pou moun nan vil Sodòm ak Gomò. Moso labib sa montre nou kijan
Bondye gen pasyans ak nou. Li te pran anpil pasyans ak Abraam. Li te koute priyè li yo. Abraam te
fè Granmèt la anpil konfyans. Li te kwè nan bon kè Granmèt la. Se sa ki fè li
pwoche kot Granmèt pou l’ te mande l’ pou l’epanye moun ki te jis yo anban gwo
malè ki t’ap tonbe sou vil Sodòm ak Gomò a. Li te kòmanse mande Granmèt sekou
pou senkant moun jous li te rive nan dis moun. Granmèt la te fè l’ pwomès ke li
pa t’ap detwi moun jis yo ansanm ak mechan yo. Jodi a premye moso labib la
montre kijan pou nou lapriyè Granmèt la. Premye moso labib la envite nou pou
nou pran modèl sou Abraam, pou nou fè Granmèt la anpil konfyans, pou nou kwè ke
Granmèt la ap koute priyè nou yo, e l’ap ba nou sa n’ap mande l’ la. Anpil fwa
nou pa wè fwi priyè nou yo, se paske nou pa mande ak lafwa. Frè m’ ak sè m’ yo
lapriyè pa mache san lafwa. Si yon moun ap priye epi li pa gen lafwa se tankou
li te lave men l’ epi li siye l’ atè. Tankou Abraam, an nou mete fòs nan
lapriyè nou yo, an nou fè Bondye konfyans paske li se yon papa bon kè ki p’ap
janm lage nou menm jan li pa t’ lage moun ki te korèk nan vil Sodòm ak Gomò yo.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki se mèt syèl la ak tè a, nou
konnen ou se yon Bondye ki gen bon kè, tanpri souple vire je w’ gade pèp ou a
k’ap plenyen nan pye. Tanpri papa, voye Lespri ou a vin refè fòs nou, konsa
n’ap travay pou plis moun ka antre nan wayòm ou an. Nou mande ou sa pa pouvwa
Jezikri Granmèt nou an.
P W O P O Z I S Y O N : L a p r i y è Granmèt la ak anpil
lafwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario