Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la fè lapli souf ak dife tonbe sou Sodòm ak Gomò”.
NAN LIV LAJENÈZ 19, 15-29
Jou sa yo:
Mesaje yo fòse Lòt, yo di: “Leve, pran madanm ou ak de
pitit fi ou genyen yo, pou ou pa peri, ou menm tou menm jan, nan krim Sodòm nan”.
Kòm l’ap eseye kache, yo sezi men l’, ni men madanm li ak men de pitit fi l’
yo, paske Granmèt la te menaje l’.
Yo kondui l’ fè l’ sòti, yo mete l’ deyò lavil la; lè
yo rive la, yo pale avèk li, yo di: “Sove lavi ou; pa gade dèyè ou, pa kanpe
nan okenn rejyon alantou yo; men chape kò ou nan mòn nan, pou ou pa peri ou menm
tou”.
Lòt di yo: “Tanpri, Granmèt mwen, kòm sèvitè ou jwenn
favè devan ou, ou fè kè ou sansib anpil pou mwen, pou ou sove lavi m’; men, mwen
pa kapab sove nan mòn nan, mwen pè pou malè pa sezi m’, pou m’ mouri. Gen lavil
sa a tou pre, kote mwen kapab sove, li tou piti, m’ap sove ladan l’; èske li pa
tou piti? Se konsa m’a viv!”
Li di l’: “Men, menm sou pwen sa a, mwen aksepte
lapriyè ou yo, mwen p’ap detwi lavil la, sa ou plede pou li a. Fè vit, sove kò ou
laba a, paske mwen p’ap kapab fè anyen joustan ou antre ladan li”. Se pou sa yo
rele non vil sa a Segò. Solèy t’ap leve sou tè a, Lòt menm
t’ap antre Segò.
Konsa Granmèt
la fè lapli souf ak dife tonbe sou Sodòm ak Gomò sot nan syèl la, li detwi vil
sa yo, ak tout rejyon alantou a, tout moun ki te abite vil yo ak tout plant tè a.
Madanm Lòt gade dèyè l’, li vin tounen yon blòk sèl.
Abraam menm leve
granmaten, kote l’ te ye anvan avèk Granmèt la, li gade Sodòm ak Gomò, ak tout
tè rejyon sa a; li wè flanm k’ap monte sot nan tè a tankou lafimen k’ap sot nan
founèz. Lè Bondye t’ap detwi vil rejyon sa a, li te sonje Abraam, li delivre
Lòt sot nan kraze l’ap kraze vil yo kote li te abite a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 25, 2-3. 9-10. 11-12
R/ Kè sansib ou, Granmèt, li devan je m’.
Eseye m’, Granmèt, sonde m’; boule ren m’ ak kè m’. Paske kè sansib ou a li devan je m’, mwen mache nan verite w’ la.R.
Pa ranmase mwen
ansanm avèk mechan yo, lavi m’ avèk moun san yo. Nan men yo se mechanste, men dwat
yo plen kado.R.
Mwen menm menm
se nan inosans mwen m’ap mache, delivre m’, pran pitye pou mwen. Pye m’ kanpe
nan chemen dwat, nan reyinyon yo m’ap fè lwanj Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Li leve, li
kòmande van ak lanmè, vin gen yon gran kalmi”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 23-27
Lè sa a:
Jezi monte nan yon batiman, disip li yo suiv li. Yon
gran tanpèt leve nan lanmè a, si tèlman, batiman an te kouvri ak lanm yo; li menm
menm li t’ap dòmi. Disip li yo pwoche kote l’; yo reveye l’, yo di: “Granmèt,
sove nou, n’ap peri”.
Jezi menm di yo: “Pouki sa nou pè a, lafwa nou piti?”
Lè sa a atò, li leve, li kòmande van an ak lanmè a, vin gen yon gran kalmi.
Mesye yo sezi, yo di: “Kilès sila a, paske van ak lanmè
obeyi li?”
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Kretyen, annou fè yon ti
reflechi sou bèl pawòl sa yo nou sot tande a. Se yon gwo chans nou genyen
jounen jodi a paske n’ap tande Ganmèt la k’ap pale avèk nou, paske n’ap tande
pawòl li a. Pawòl Bondye a se limiyè k’ap klere chemen nou lè fènwa vle anvayi
lavi nou. Se pawòl ki ka ede lafwa nou vin pi fèm pou lespri nou pa twouble lè
gwo tanpèt pwoblèm vle chavire bato lavi nou.
Nan Levanjil jounen jodi a nou wè apot yo ak Jezi
ki te nan yon bato, epi gwo van te vle koule bato a. Nou wè tou koman apot yo
te pè; nou wè jan yo te manke lafwa. Yo te pran kriye; yo te rele Jezi, epi Jezi te
kalme tanpèt la, li te sove yo. Zanmi mwen, anpil fwa nan lavi nou, nou aji
tankou apot yo. Anpil fwa nou manke lafwa. Se chak jou menm bagay sa ki te pase
apot yo a ap pase nou. Anpil fwa lè moman fènwa yo rive nan lavi nou, nou kite
laperèz anviyi nou. Anpil fwa lè gwo van tanpèt yo vle chavire bato lavi nou,
lafwa nou febli epi nou bliye si Jezi la ansanm avèk nou. Nou bliye si se li ki
kapitèn bato lavi nou. Jodi a frè m’ak sè m’ yo Granmèt la ap di nou menm sa li
te di apot yo a : « poukisa nou pè, lafwa nou piti ». Apot yo
tou ap pale avèk nou nan Levanjil la jodi a. Y’ap di nou pou nou pa fè lòt wout
lè nou nan moman difil yo; se kot Granmèt la pou nou ale, se li menm pou nou
rele paske se bò kote l’ sekou nou ye. Nan premye lekti a nou wè kijan Granmèt la te
epanye moun ki te gen lafwa nan li yo nan vil Sodòm. Li te epanye Lòt ak fanmi
li. Nou wè tou kisa ki te rive madanm Lòt paske li pa t’ swiv lòd Granmèt la te
pase yo a.
Lafwa nou kòm kretyen ap fè nou antre chak jou pi
plis nan Wayòm Granmèt la. Se gras ak lafwa a n’ap ka ret kole sou Granmèt
la.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm
ki se Papa, men pitit ou yo k’ap lapriyè nan pye ou. Tanpri souple Papa, ba nou
sa n’ap mande ou a, konsa n’a gen espwa antre nan peyi kote ou wa. Nou mande ou
sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON : Kretyen, an nou priye Granmèt
la avèk lafwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario