Koulè Wouj
TOMA KI SEN, Apot (Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Nou bati sou fondasyon Apot yo”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 19-22
Frè m’ yo:
Nou pa
etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen menm peyi ak sen yo, nou se moun
kay Bondye; nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt
la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap grandi vin yon tanp ki sen
nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou pou nou vin tounen kay Bondye
nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 116, 1.2
R/ Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon
yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske li vin asire kè sansib li
sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 24 29
Toma, youn nan douz yo, sa yo rele
Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo di l’: “Nou wè Granmèt
la”.
Li menm li di yo: “Si m’ pa wè mak
klou yo nan men l’, si m’ pa mete dwèt mwen nan plas klou yo, si m’ pa mete men
m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè”.
Aprè uit jou, disip li yo te anndan
ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te fèmen, li kanpe nan mitan, li di:
“Lapè pou nou”.
Aprè sa, li di Toma: “Met dwèt ou
isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen: sispann manke lafwa, se
pou ou kwè”.
Toma reponn, li di l’: “Granmèt
mwen ak Bondye mwen!”
Jezi di l’: “Paske ou wè m’, Toma,
ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi
a Legliz la ap fete Sen Toma, youn nan douz Apot Jezikri te chwazi yo. Non Sen Toma
site nan lis apot Jezikri yo nan Levanjil Sinoptik yo (Matye, Mak ak Lik). Non
li site tou nan Liv Travay Apot yo. Sen Jan, nan Levanjil li ekri a, li bay
Toma yon plas trè patikilye. Toma se sèl Apot ki te doute sou rezireksyon Jezi
a. Malgre li te viv ak Granmèt la, li te mache toupatou ansanm ak li, li te
temwen tout mirak li t’ap fè yo, li gen yon bagay li pa t’ ko konprann. Li pa
t’ kwè Pitit Moun nan te gen pou li te leve byen vivan soti nan lanmò, aprè yo
te fin arete li, yo te kondane li pou li te mouri sou kwa a. Li sanble te bliye
pawòl Jezi yo: “Pitit Moun nan gen pou soufri, pou mouri anba men mechan yo,
men sou twa jou l’ap resisite”.
Nou sonje
kòman Jezi te fè plizyè moun wè li aprè li te fin resite. Ebyen lè li te parèt
devan Apot yo byen vivan, Toma li menm li pa t’ la e lè lòt Apot yo te rapòte
li sa, li te refize kwè. Li te di si li pa wè Mèt la ak mak klou yo nan men li,
li p’ap janm kwè! Kisa ki te pase? Ebyen sou ui jou (sa vle di sou yon semèn),
Jezi te parèt yon dezyèm fwa devan Apot yo. Li salye yo antan li di yo: “Lapè pou nou”.
Fwa sa a,
Toma te la, li te wè, li te kwè se te Jezi tout bon vre; e nan yon gwo sezisman
li te eksprime lafwa li antan li di: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”.
Jezi te pran tan pou li te montre li men li ak kòt li yo; li te di Toma: “Met
dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen: sispann manke
lafwa, se pou ou kwè”.
Nan yon moman gwo enkyetid, yon moman
pèsekisyon kote Apot yo te oblije kache pou yo pa touye yo, se nan moman sa
Jezi parèt e li pote lapè pou zanmi li yo. Nou menm tou, gen anpil fwa nou konn
pè soti deyò pou nou al pote Bòn Nouvèl la, nou konn pè fè tande vwa nou, e nou
rete byen trankil. N’ap viv nan yon mond de jou an jou k’ap vin pi
sekilarize. Jodi a y’ap pale nou de mondyalizasyon, globalizasyon. Gen yon
nouvèl kilti, yon nouvèl abitid, yon nouvo konpòtman, yon nouvèl mantalite, yon
nouvo fason pou nou konprann reyalite moun ak reyalite mond lan. Anpil van
chanjman ap souvle. Atravè radyo, televizyon, entènèt, elatriye, gen yon seri
valè, men tou yon seri anti-valè k’ap sikile. Lè nou pa deside antre nan nouvo
kouran yo, anpil fwa nou rete pasif oubyen nou netralize tèt nou, nou fè silans
pou yo pa di nou pa alamòd, n’ap viv nan Lantikite, oubyen nou pa sou moun. Nan
silans sa a, Jezi vini ankouraje nou, e l’ap di nou: “Lapè pou nou”. Mezanmi,
an nou pa kontinye fè doutans menm jan ak Sen Toma, paske Jezi di nou “ala
kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè”. Lafwa nou bati sou temwayaj ak
ansèyman Apot e misyon pa diferan ak misyon Apot yo te genyen an, misyon sa nou
jwenn li presize nan sòm n’ap medite pou jodi a: “Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la”.Se te misyon Sen Toma ak
tout lòt Apot yo. Jodi a se misyon Legliz la, se misyon chak moun ki batize.
LAPRIYÈ: Granmèt, menm si anpil fwa nou doute ke ou la
tout bon vre avèk nou, pa kite nou mouri nan fè doutans. Aprann nou di
menm jan ak sen Toma: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!” Pa kite fènwa move lavi ak move tandans nou yo bouche je nou; men tanpri
souple ede nou dekouvri klète prezans ou ki byen vivan an e ki pote lapè pou
nou an.
PWOPOZISYON:
Chèche dekouvri nan ki fason Bondye manifeste prezans li
nan lavi ou epitou di: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
No hay comentarios:
Publicar un comentario