Koulè Vèt ou
Blan
ELIZABÈT DE PÒTIGAL
PREMYE MOSO LABIB
“Sakrifis
zansèt nou Abraam”.
NAN LIV LAJENÈZ 22, 1-19
Jou sa yo:
Bondye eseye Abraam, li di l’: “Abraam, Abraam”. Li reponn:
“Men mwen”. Li di l’: “Pran pitit ou a, sèl pitit ou a, sila a ou renmen an,
Izaak, epi al nan tè vizyon an; lè w’a rive la, w’a ofri l’ kòm sakrifis antye
sou youn nan mòn yo, sa m’a montre w’ la”.
Konsa Abraam leve nannuit, li sele bourik li, li mennen
de jèn jan avèk li, epi Izaak pitit li a; kon l’ fin fann bwa pou sakrifis antye
a, li pati nan direksyon kote a Bondye te di l’ pou l’ ale a. Sou twazyèm jou a,
li leve je l’, li wè kote a byen lwen, li di ti moun li yo: “Ret tann isit la
avèk bourik la: mwen menm menm ak pitit sa a, n’ap avanse jous lòt bò a, lè nou
fin adore, n’ap tounen kote nou”.
Li pran bwa pou sakrifis antye a, li mete yo sou do
Izaak pitit li a; kanta li menm, li t’ap pote dife a ak kouto a nan men l’.
Pandan yo tou lè de t’ap mache ansanm, Izaak di papa l’: “Papa m’”. Li reponn: “Sa
ou vle, pitit?” Li di: “Men dife a ak bwa yo; kote bèt la y’ap touye pou
sakrifis antye a?” Abraam di l’: “Se Bondye k’ap okipe kesyon bèt y’ap touye
pou sakrifis antye a, pitit mwen”. Epi yo kontinye mache ansanm.
Yo rive kote Bondye te montre l’ la, li bati lotèl la
kote sa a, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izaak, pitit li a, li mete l’ sou
lotèl la, anlè ranje bwa yo, li lonje men l’, li redi kouto a pou l’ touye
pitit li a. Mesaje Granmèt la rele byen fò, antan l’ nan syèl la, li di: “Abraam,
Abraam”. Li reponn: “Men mwen”. Li di l’: “Pa lonje men ou sou pitit la, pa fè l’
anyen: koulye a mwen konnen ou respekte Bondye; poutèt mwen ou pa menaje sèl
pitit ou a”. Abraam leve je l’, li wè yon bouk dèyè do l’, ki te gen kòn li pran
nan lyann yo. Li pran l’, li ofri l’ kòm sakrifis antye nan plas pitit li a. Li
rele non kote sa a “Granmèt la wè”. Se pousa jous jodi a yo di: “Sou mòn nan
Granmèt la ap wè”.
Mesaje Granmèt la rele Abraam yon dezyèm fwa, antan l’
nan syèl la, li di: “Mwen fè sèman sou pwòp tèt mwen, deklarasyon Granmèt la;
poutèt ou fè bagay sa a, ou pa menaje pitit ou a, sèl pitit ou a, poutèt mwen,
m’ap beni ou, m’ap fè ras ou vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki
sou bò lanmè a; ras ou ap pran pòt lènmi l’ yo, nan ras ou tout nasyon tè a ap
jwenn benediksyon paske ou te obeyi vwa m’”. Abraam tounen kot ti moun li yo,
yo pati Bèsabe ansanm, yo abite la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 114,
1-2. 3-4. 5-6. 8-9
R/ M’ap mache devan Granmèt la nan rejyon vivan yo.
Oubyen: Alelouya.
Mwen renmen, paske Granmèt la koute vwa lapriyè m’. Paske
li panche zòrèy li sou mwen, lè mwen t’ap lapriyè nan jou m’ yo.R.
Pyèj lanmò yo te antoure m’, kè sere lanfè a rive sou mwen,
Tray ak doulè, se sa mwen rankontre, mwen te lapriyè non Granmèt la: “Granmèt,
tanpri, delivre nanm mwen”.R.
Granmèt la gen kè sansib, li kòrèk, Bondye nou an pran
pitye. Granmèt la pwoteje ti piti yo; mwen te rabese, li sove m’.R.
Paske li delivre nanm mwen sot nan lanmò, je m’ sot nan
dlo, pye m’ sot nan fo pa ki t’ap jete m’. M’ap mache devan Granmèt la nan rejyon
vivan yo.R.
LEVANJIL
“Yo fè lwanj
Bondye, ki bay lèzòm yon si gran pouvwa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 1-8
Lè sa a:
Jezi monte
nan yon batiman, li travèse lanmè, li rive nan lavil li a. Men yo vin prezante
l’ yon moun ki pa kapab fè mouvman, ki kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li di moun paralezi
a: “Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase”.
Detwa nan pwofesè yo di nan kè yo: “Sila a ap derespekte
Bondye”.
Lè Jezi wè panse yo, li di: “Pouki sa n’ap kalkile sa k’
mal nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil pou di: “Peche w’ yo padonnen”, oswa di: “Leve,
mache”? Ebyen pou nou kapab konnen Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’
padonnen peche yo”, lè sa a li di moun paralezi a: “Leve, pran kabann ou, al
lakay ou”.
Li leve, li pati ale lakay li.
Lè foul yo wè sa, yo sezi, yo fè lwanj Bondye, ki te
bay lèzòm yon si gran pouvwa.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Leve, pran
kabann ou, al lakay ou”. Se ak kalite pawòl sa yo Jezi te pase non paralizi a
lòd pou li ale lakay li aprè kokenn chenn mirak li opere nan lavi li. Tout sa
ki parèt enposib pou lèzòm, se sa ki pi fasil pou Granmèt la! Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a
pou l’ padonnen peche yo. Se sa Jezi te vle montre pwofesè yo ki te refize kwè
nan kalite travay Jezi t’ap fè yo. Yo te pretann Jezi t’ap fè manti sou Bondye,
yo te vle fè li pase pou yon blasfematè, lè li te di non paralize a: “Pran
konfyans, pitit, peche w’ yo efase”.
Pawòl sa a, se yon pawòl liberasyon, se pa sèlman yon
liberasyon pou kò a, men se sitou yon liberasyon pou nanm nan.
Zanmi mwen, sa fè nou konprann gen anpil fwa n’ap
soufri, se paske peche a antrave nou. Se peche a kif è nou prizonye maladi n’ap
sipòte nan kò nou ak nan lespri nou yo, bagay ki fè nou pa kapab jwi libète
Bondye vle pou tout pitit li yo. Yon lòt mesaj Levanjil jodi a pote pou nou,
sèke nou pa kapab sove san lòt, nou bezwen konkou yo, nou bezwen lapriyè yo ak
entèsesyon yo, paske anpil fwa Bondye toujou itilize yon entèmedyè, li bezwen
yon medyasyon menm li gen pouvwa tou pou li aji dirèkteman. Se sa nou wè nan
istwa gerizon nonm paralizi a. Matye ba nou presizyon sou kontèks la ak nan
fason sa te fèt: “Lè sa a: Jezi monte nan yon batiman, li travèse lanmè, li
rive nan lavil li a. Men yo vin prezante l’ yon moun ki pa kapab fè mouvman, ki
kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li di moun paralezi a: “Pran konfyans,
pitit, peche w’ yo efase”.
Jodi a, gen
anpil moun ki gen yon paralizi ki sanble ak paralyze nèg sila. Genyen tout
kalite fòm paralizi ki kokobe nou fizikman oubyen moralman: nou kapab site,
lanmou lajan, dwòg, sigarèt, grangou, lamizè sou tout fòm, maryaj gason ak
gason oubyen fanma ak fanm, egoyism, jalouzi, rayisans, elatriye.
Ann mande Granmèt la pou li libere nou anba jouk
paralizi sa yo. Ann mande li pran pitye pou nou e fè nou gen mizerikòd pou lòt
yo, menm jan li menm li gen mizerikòd pou nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt,
tanpri souple vin delivre nou; boule peche nou yo ak dife mizerikòd san limit
ou a, e fè nou tounen yon moun nouvo. Ba nou sante fizik ak mantal pou nou kapab fè lwanj ak konpliman pou ou
san rete.
PWOPOZISYON: Ofri Granmèt la tout paralizi k’ap kokobe ou e ki fè
ou pèdi imaj Bondye nan lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario