Koulè Vèt ou Blan
ANTWÁN MARI ZAKARI KI SEN, Prèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Izaak te tèlman renmen Rebeka, doulè lanmò manman l’ nan vin kalme”.
NAN LIV LAJENÈZ 23, 1-4. 19; 24, 1-8. 62-67
Sara viv sanvennsètan; li mouri nan vil Abe, se Ebwon,
nan peyi Kanaan. Abraam vini pou l’ plenn, pou l’ kriye l’.
Lè l’ leve sot nan sèvis lantèman an, li pale ak pitit Et
yo, li di: “Se etranje mwen ye ak pèleren lakay nou; ban m’ yon dwa pou m’ antere
lakay nou, pou m’ kapab antere mò m’ nan”. Konsa Abraam antere Sara, madanm li,
nan kavo jaden doub la ki anfas Manbre a (se Ebwon, nan peyi Kanaan).
Abraam te vye avèk anpil laj, Granmèt la te beni l’ nan
tout bagay.
Li di sèvitè lakay li a ki pi granmoun nan, sa l’ te mete
responsab tou sa l’ te genyen yo: “Mete men ou anba kuis mwen, pou m’ fè ou fè
sèman pa pouvwa Granmèt Bondye syèl la ak tè a, pou ou pa pran madanm pou pitit
mwen an nan pitit fi Kananeyèn yo, kote mwen abite a; men pati al nan peyi m’
ak fanmi m’, se la w’a pran yon madanm pou pitit mwen Izaak.
Sèvitè a reponn: “Si madanm nan pa vle vini avèk mwen an
nan peyi sa a, èske mwen dwe ramne pitit ou a al nan kote ou te pati a?” Abraam
di: “Fè atansyon pou pa janm ramne pitit mwen an laba a. Granmèt Bondye syèl
la, ki te pran m’ sot lakay papa m’ ak nan peyi nesans mwen, ki te pale avèk mwen,
ki te fè m’ sèman, li te di: “Se ras ou m’ap bay tè sa a”, se li menm k’ap voye
Mesaje l’ la devan ou, w’a pran yon madanm pou pitit mwen la a. Si se madanm
nan ki pa vle suiv ou, ou kit ak sèman an; sèlman pitit mwen an, pa ramne l’
laba a”.
Pandan tan sa a Izaak t’ap pwonmnen nan wout ki kondui
nan pui a, sa yo rele pui “Sila a ki vivan an, ki wè a”, sèke li te abite nan
tè nan Sid la. Li sòti pou l’ kalkile nan jaden an, lajounen an te deja bese.
Pandan li leve je l’, li wè chamo k’ap vin sot byen lwen. Rebeka tou, lè l’ wè Izaak, li desann sot sou chamo a, li di ti gason an:
“Kilès mesye sa a k’ap vin rankontre nou nan jaden an?” Li di l’: “Se mèt mwen an”.
Menm lè a, li pran manto l’, li kouvri kò l’.
Sèvitè a menm
rakonte Izaak tout sa k’ te pase. Izaak fè Rebeka antre nan joupa Sara manman l’,
li pran l’ pou madanm. Li si tèlman
renmen l’, doulè lanmò manman l’ nan vin kalme.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
105, 1-2: 3-4a. 4b-5
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè sansib li
pou tout tan.
Kilès k’ap rakonte pouvwa Granmèt la, k’ap fè tande
tout lwanj li yo? R.
Se chans pou
moun ki obsève jijman l’, ki fè jistis nan tout okazyon.
Sonje nou,
Granmèt, nan bon kè ou genyen pou pèp ou a.R.
Vizite nou
nan delivrans ou a, pou nou kapab wè byen sila yo ou chwazi yo, pou nou kontan
nan kontantman nasyon w’ nan, pou nou jwenn lwanj nou avèk eritaj ou a.R.
LEVANJIL
“Se pa moun
ki vanyan ki bezwen doktè; se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 9-13
Lè sa a:
Pandan Jezi ap pase, li wè yon mesye ki chita nan biwo
ladwán nan, yo te rele l’ Matye; li di l’: “Suiv mwen”. Li leve, li suiv li.
Rive, antan li sou tab nan lakay la, anpil pibliken ak
pechè vini, yo vin sou tab avèk Jezi epi avèk disip li yo. Lè farizyen yo wè
sa, yo di disip li yo: “Pouki sa mèt nou ap manje avèk pibliken yo avèk pechè
yo?”
Jezi menm tande, li di: “Se pa moun vanyan ki bezwen doktè,
men se malad yo. Al aprann sa sa vle di: “Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis”.
Sèke mwen pa vin rele moun kòrèk yo, men pechè yo”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Avèk litiji pawòl Bondye pou jodi a, nou
kapab dekouvri ke nan tout desizyon, se Jezi menm ki toujou pran inisyativ pou
fè premye pa, tankou jan nou wè sa lè li rele Matye ki te yon gwo pechè pou li
te kapab vin tounen patizan l’. Lè yon moun ki te nan move chemen aksepte
abandone tout bagay pou swiv Jezi, se bèl koze, se fèt nan syèl la! Jan nou wè
Matye rakonte l’ nan Levanjil li ekri a, pandan Jezi t’ap pase, li wè l’ chita
sou biwo kontribisyon an ap ramase lajan pou Women yo. Non li se te Levi; men Matye pa di sa li
menm. Jezi rele l’ li di l’: “swiv mwen”. San pèdi tan li leve pati kite biwo a
epi li swiv Jezi, li kite yon bagay pou l’al dèyè yon bagay ki pi bon, ki pi
enpòtan. Avèk Jezi tout moun se moun, li pa vle mete pèsonn sou kote, kèlkeswa
eta moun nan ye, pèp la pa t’ zanmi moun sa yo, moun k’ap travay nan
kontribisyon, Jwif yo te konsidere yo tankou pechè, epi yo t’ap touche taks nan
men Jwif pou Women yo: se pou tèt sa yo te mete yo deyò nan Tanp la epi mete yo
sou kote nan sosyete a; se pou sa Jezi
vini, pou l’ kraze tout miray sosyete ki separe moun ak moun, kote gen moun ki
kwè epi ki deklare se yo ki bon, lòt pa bon. Mezanmi, kote Jezi
ye tout moun gen valè epi tout moun merite yon chans pou goute peyi kote Bondye
wa. Se pou sa Jezi fè zanmi avèk sa ki pi pòv yo, sa ki fèb yo, ki pi meprize
yo, se pou montre zanmitay li ak yo nan chita manje ak yo; se yon fason pou pou
li di yo, yo menm tou yo gen valè, yo menm tou yo gen dwa ak diyite, sitou nan
je pa Bondye. Jodi a, frè ak sè m’ yo, Jezi mande n’ sispann meprize moun,
sispann mete yo sou kote, pa janm panse nou pi bon pase pèsonn paske nan lavi
nou li pa janm twò ta pou n’ fè yon reparasyon, yon sèl bagay nou bezwen aksepte
chanje, pou nou kite tout sa ki sèvi nou yon zidòl ak sa ki anpeche nou swiv
Jezi, pafwa lespri nou konn byen dispoze men chè a fèb, pou kont nou, nou p’ap
rive. Ann mande Jezi lagras pou n’ gen kouraj chanje tout sa ki merite chanje
nan lavi nou; se sèl li menm ki kapab ede nou: tout moun ki rete fidèl ak li,
yo rekonèt yo tankou prens Bondye, tankou jan nou wè l’ nan premye lekti a pou
Abraram, nan liv Lejenèz la, moun peyi Kanaan yo te respekte l’ epi ba l’
otorizasyon pou antere Sara lakay yo kòm etranje. An nou fè Bondye konfyans nan
lafwa. Depi w’ gen Jezi nan lavi w’ ou gen tout bagay.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, anpil
fwa w’ rele nou pou n’ tounen patizan w’, nou fè lasoud orèy paske nou makonnen
ak richès ki p’ap itil nou anyen, nou toujou ap chèche sekirite, pouvwa. Jodi a
nou vle mande w’ padon pou chak fwa nou refize reponn apèl ou, nou vin mande w’
yon chans pou n’ kab reviv; konsa n’a tounen vrè patizan w’. Pousa, nou bezwen
fòs ou ak Lespri pa w’, nou konnen Jezi, ou pa vini pou moun byen pòtan yo men
pou sila yo ki malad nan kò yo ak nan lespri yo, tout sa ki fèb, ki meprize, epi
ki nan peche. Amèn
PWOPOZISYON: Jezi, ban m’ yon
chans pou m’ rekonèt tout moun se moun, pou m’ pa twonpe tèt mwen nan panse ke
m’ pi bon pase yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario