Koulè Vèt
KENZYÈM SEMÈN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Pawòl la bò kote ou pou ou reyalize
li”.
NAN LIV DETEWONÒM 30, 10-14
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Se pou ou koute vwa Granmèt Bondye
ou, pou ou obsève lòd li yo ak desizyon l’ yo, ki ekri nan lalwa sa a, pou ou
tounen kot Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou. Kòmandman sa a
mwen kòmande w’ jodi a, li pa ni twò wo ni twò lwen pou ou, li pa chita nan syèl
la, pou ou ta di: “Kilès nan nou ki ta kapab monte nan syèl la, pou l’ pote l’
ba nou, pou nou koute l’, pou nou reyalize li?” Li pa jous lòt bò lanmè, pou ou
blije di: “Kilès nan nou ki ta kapab travèse lanmè a pou l’ pote l’ ba nou, pou
nou kapab koute l’, pou nou fè sa l’ kòmande a?” Men se bò kote w’ pawòl la ye,
tou pre ou, nan bouch ou ak nan kè ou, pou ou fè sa l’ di a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 68, 14 e 17. 30-31. 36ab e 37
R/ Pòv yo, chèche Bondye, kè nou ap viv.
Mwen menm
lapriyè m’ ap monte kote ou, Granmèt; nan tan favè a, Bondye. Nan pakèt kè
sansib ou a koute m’, nan verite delivrans ou a. Koute m’, Granmèt, paske kè
sansib ou a bon; daprè pakèt bon kè ou, voye je sou mwen.R.
Mwen menm mwen
pòv, m’ap plenn; delivrans ou a, Bondye, resevwa m’. M’ap fè lwanj non Bondye
avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.R.
Paske Bondye
ap sove Siyon, l’ap bati vil Jida yo. Ras sèvitè l’ yo ap eritye l’, moun ki renmen
non l’ yo, y’ap abite ladan l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Tout bagay se pa lantremiz li, se nan li yo kreye”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 15-20
Jezikri se
pòtre Bondye yo pa kapab wè a, premye pitit nan tout kreyati; paske se nan li
tout bagay fèt nan syèl yo ak sou tè a, ni sa yo kapab wè, ni sa yo pa kapab wè,
ni twòn, ni pouvwa, ni chèf, ni otorite: yo tout se pa lantremiz li epi se nan
li yo kreye, li menm li anvan yo tout, tout bagay kanpe fèm nan li.
Li se tèt kò
legliz la; li se kòmansman, premye pitit nan pami mò yo, pou l’ kapab kenbe premye
plas nan tout bagay: sèke se nan li Bondye te deside pou fè tout bagay nèt abite,
pou l’ rekonsilye tout moun nan li pa lantremiz li menm, antan l’ bay lapè pa
pouvwa san lakwa l’ la, ni pou sa k’ sou tè a, ni pou sa k’ nan syèl la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
ALELOUYA Jn
6, 64b. 69b
R/ Alelouya.
Pawòl ou yo, Granmèt, se lespri ak lavi; ou gen pawòl lavi tout tan an.R. Alelouya.
LEVANJIL
“Ki moun ki pwochen m’?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10,
25-37
Lè sa a:
Gen yon espesyalis
lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: “Mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ gen lavi
tout tan an?”
Jezi di l’: “Nan
lalwa a ki sa k’ ekri? Kijan ou li?”
Li reponn, li di: “Se pou ou renmen
Granmèt Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout lespri
ou, epi pwochen ou tankou ou menm”.
Jezi di l’: “Ou reponn byen: fè
sa, epi w’a viv”. Li menm menm, ki vle bay tèt li rezon, li di Jezi: “Kilès ki
pwochen m’?” Jezi pran lapawòl ankò, li di: “Yon mesye t’ap desann sot Jerizalèm
al Jeriko, li tonbe nan men asasen, yo vòlè l’, yo bat li, yo pati kite l’
prèske mouri. Yon prèt vin ap desann sou menm wout sa a, li wè l’, li pase. Menm
jan an tou yon levit, li rive tou pre kote a, li wè l’, li travèse. Men gen yon Samariten ki t’ap vwayaje, ki rive
tou pre l’, li wè l’, kè l’ fè l’ mal jous nan zantray li. Li pwoche, li mare
kote li te blese yo, li vide luil ak diven; li mete l’ sou milèt li, li kondui l’
nan yon lotèl, li swen l’. Nan landmen, li lonje de pyès lajan bay mèt lotèl
la, li di: “Okipe l’; tout sa w’a depanse an plis, se mwen menm k’ap renmèt ou
sa, lè m’ tounen”. Kilès nan twa sa yo ou panse ki pwochen moun sa a ki te tonbe nan men
asasen yo?” Li menm li di: “Sila a ki te fè kè l’ sansib pou li a”. Jezi di l’:
“Ale, ou menm tou fè menm jan”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Vwala te gen yon doktè lalwa ki
vini pou l’ pran Jezi nan pèlen. Li mande Jezi: Mèt,
sa pou m’ fè pou m’ jwenn lavi ki p’ap janm fini an? Jezi tounen mande l’: Ou
menm ki doktè lalwa, kisa ou li nan Labib? Li reponn: se pou w’ renmen Bondye
ak tout kè ou, epi se pou ou renmen pwochen ou menm jan ou renmen pwòp tèt pa
ou. Jezi di: ou byen reponn. Fè sa, epi w’a viv. Nèg la pa t’ kontan dèske li pa t’ reyisi
pran Jezi nan pyèj. Li di: kilès ki pwochen m’? Lè sa, Jezi rakonte yon parabòl,
li di: te gen yon moun ki t’ap desann sot Jerizalèm pou l’ ale Jeriko. Sou wout
la, li bare ak kèk vòlè, yo tonbe sou li, yo ba t’ li, yo piye l’ epi yo kite l’
depafini sou bò chemen an. Yon sakrifikatè
vinn pase la. Li wè nèg la, men li prese pou l’ ale fè sakrifis nan Tanp la. Li
se yon gwo nèg, li pa t’ kab okipe malere a, li pase lòt bò chemen an. Aprè sa,
te gen yon moun ras Levi k’ap fè sèvis nan Tanp la ki vin pase. Li fè menm jan
tou. Lè fini, gen yon etranje, yon
Samariten, ki vin pase. Samariten sa a wè yon Jwif, yon lènmi li, nan ka sa, kè
l’ fè l’ mal. Atout li lènmi mesye a, li pa t’ pè mete tèt li ba pou l’ sèvi nèg
la. Li swen li, li mete l’ sou bèt li epi li mennen l’ nan yon lotèl. Lè fini,
li peye mèt lotèl la pou l’ okipe malere a.
Lè Jezi fin rakonte parabòl sa a, li mande doktè lalwa a: “Kilès nan twa
mesye sa yo ki montre li se pwochen nèg ki bare ak vòlè yo? Lòt la reponn: sa k’
te gen pitye pou li a. Jezi di l’: se sa menm. Ou menm, ale fè menm jan tou. Mezanmi,
sa Jezi di doktè lalwa sa a, li di l’ pou nou tout. Li vle pou nou aji menm jan
ak samariten an, ki pa t’ gen move lògèy, ki pa t’ kenben rankin. Li pa t’
konprann li gwo nèg twòp pou l’ okipe malere a; li tounen yon sèvitè pou lènmi
li. Samariten sa a, se yon nèg ki dou. Jezi vle pou nou menm tou nou gen yon kè
ki dou. Li te di: Ala chans pou moun ki dou, paske tè a (ki donk, peyi wa ki
nan syèl la) se pou yo. Men, sa sa vle
di “dou”? Yon moun ki dou se pa nan pale fò, pa nan pran pòz, pa nan kòlè. Li
pa gen move lògèy. Li pa konprann li pi siperyè pase frè li yo. Li pa dèyè
premye plas. Li kab kite yon lòt moun pran devan. Pase pou l’ fè moun yo sèvi
li, li tounen sèvitè frè li yo. Premye ekzanp yon moun ki dou, se Jezi menm. A
tout li menm ak Bondye, li pa pè rabese tèt li pou l’ vin sèvite nou tout. Jezi
di: “Vin pran leson nan men m’, paske mwen dou, mwen gen kè m’ tou pòv, n’a
jwenn repo pou lavi nou. Nan lamès maten
an, ann mande Jezi montre nou kijan pou nou konbat move lògèy ki nan kè nou,
aprann nou ki jan pou nou vin dou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou di nan pwen anyen ou mande n’
ki depase fòs nou. Nou kwè ou, paske Pawòl ou se laverite. Men, lè ou mande n’
pou nou renmen menm jan ak Jezi, lavi a montre n’ se yon bagay ki fasil. Ede n’
konprann, tanpri, kouman ou renmen n’, malgre nou tou pa bon: sa va pèmèt nou
sipòte pwochen n’ pi byen. Ede n’ kwè Jezikri vin geri n’ anba egoyis nou, anba
enjistis nou yo: sa va ban n’ kouraj lite pou n’ fè tout pitit ou yo tounen yon
sèl fanmi.
PWOPOZISYON: Jezi vle pou nou gen yon kè ki dou. Mesaj sa a, se
pou nou viv li. Men ki jan nou kab fè sa: Semèn sa a, tanzantan an nou lapriyè
mande Jezi aprann nou vin dou, menm jan ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario