Koulè Vèt ou Blan
ANRI KI SEN
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye ap vizite nou, l’ap fè nou monte sot nan peyi sa”.
NAN LIV LAJENÈZ 49, 29-32; 50, 15-24
Jou sa yo:
Jakòb pase pitit li yo lòd, li di: “M’ap
tounen kot pèp mwen an; se pou nou antere m’ avèk zansèt mwen yo nan twou wòch
doub la, ki nan jaden Efwon, Itit la, an fas Manbre a, nan peyi Kanaan an, sa
Abraam te achte avèk jaden an nan men Efwon, Itit la, kòm posesyon pou simityè a.
Se la yo te antere l’, ni Sara, madanm li, se la Izaak te antere avèk Rebeka,
madanm li, se la tou Le a kouche, lè yo fin anbome li”.
Lè l’ fin pase lòd, pou l’ enstwi
pitit li yo, li ranmase pye l’ sou kabann nan, li mouri; yo depoze l’ kot pèp
li a. Lè l’ fin mouri, frè Jozèf yo te
pè, youn di lòt: “Si l’ sonje move tretman li te sibi a, epi li renmèt nou tout
mal nou te fè l’ la”, yo mande l’ konsa: “Papa nou te pase nou lòd anvan l’ te
mouri, pou nou te di ou pawòl li yo: “Mwen lapriyè ou pou ou bliye krim frè w’
yo ni peche yo, ni mechanste yo, sa yo te fè kont ou a”. Nou menm tou nou
lapriyè ou pou ou padonnen sèvitè Bondye papa ou yo pou fòt sa a”. Lè l’ tande
sa, Jozèf kriye.
Frè l’ yo vin kote l’, yo bese jous
atè devan l’, yo di: “Nou se sèvitè ou”. Li reponn yo: “Pa pè. Èske nou kapab reziste volonte Bondye? Nou te kalkile mal kont mwen. Men
Bondye fè sa vin tounen byen, pou l’ leve m’ anlè (jan nou wè koulye a), pou l’
sove anpil pèp. Pa pè: m’ap okipe nou ni pitit nou yo”. Li konsole yo, li pale
ak yo avèk jantiyès, avèk dousè.
Li abite Lejip avèk tout kay papa l’;
li viv sandizan, li wè pitit Efrayim jous nan twazyèm jenerasyon. Ni pitit Maki
tou, pitit Manase yo fèt sou jenou Jozèf.
Aprè sa, Jozèf di frè l’ yo: “Aprè
lanmò m’, Bondye ap vizite nou, l’ap fè nou monte sot nan peyi sa a al nan peyi
li te fè sèman bay Abraam, Izaak ak Jakòb la”. Lè l’ fin ba yo konsiy, lè li
fin di: “Bondye ap vizité nou: se pou nou pote zo m’ avèk nou sot isit la”,
Jozèf mouri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7
R/ Pòv yo, chèche Bondye, kè nou ap viv.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’,
anonse travay li nan pami nasyon yo. Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile
sou tout mèvèy li yo.R.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an,
se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’,
chèche fas li tout tan.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit
Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’
yo.R.
ALELOUYA 1
P 4. 14
R. Alelouya. Si
yo manke nou respè pou non Jezikri, se chans pou nou, paske Lespri Bondye a poze
sou nou. R. Alelouya.
LEVANJIL
“Pa pè moun k’ap
touye kò yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 24-33
Lè sa a: Jezi
di Apot li yo:
“Disip la pa anlè
mèt la, ni sèvitè a pa anlè mèt li. Sa kont pou disip la vin tankou
mèt li, pou sèvitè a vin tankou mèt li. Si yo rele pèdfamiy nan Bèlzeboub, y’ap
di pi mal pou sèvitè l’ yo.
Pa pè yo. Nan pwen anyen ki kache yo
p’ap konnen. Sa m’ di nou nan fènwa a, di l’ nan limyè; sa nou tande nan zòrèy, preche l’
sou tèt kay.
Pa pè sila yo k’ap touye kò a, men
ki pa kapab touye nanm nan; pito nou pè sila a ki kapab pèdi ni nanm nan ni kò a
nan dife a. Èske yo pa vann de zwazo pou yon goud; youn nan yo pa tonbe atè san
Papa nou pa vle. Cheve nan tèt nou, yo tout yo konte yo. Konsa, pa pè: nou vo plis pase
anpil zwazo.
Nenpòt moun k’ap rekonèt mwen devan lèzòm,
mwen menm tou m’ap rekonèt li devan Papa m’ ki nan syèl la. Men moun k’ap nye m’
devan lèzòm, m’ap nye l’ tou devan Papa m’ ki nan syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si
yo pa poze nou kesyon sa a – nou menm k’ap sèvi Bondye: ki pi gwo bagay ki
reprezante difikilte nan sèvis misyonè Jezikri a, li pwobab pou anpil nan nou
ta reponn: kritik ak lanmò. Natirèlman nou menm moun, menm jan ak lòt zannimo
yo, premye reyaksyon nou genyen devan yon sitiyasyon, se defann nou. E anpil fwa metòd defans nou redwi a de sèlman. Se
kritik ak vyolans, se jeneralman premye fason nou reyaji fas a moun k’ap
kritike nou yo ; sa vle di yon kritik ki jwe wòl anti-kritik ; oubyen
nou chanje diskou, lide oubyen pozisyon lè bagay yo parèt nwa pou nou. Sepandan lè nou youn ap egzote lòt nou souvan
di : pran kouraj frè m’, Bondye se fen an ki konte pou li. Kisa ki fè
diferans ant nou menm ak lòt moun yo ? Èske se sèlman esperans yon lòt vi tou nèf Granmèt la
pwomèt nou an ? Poukisa diferans sa a manke manifeste ? Nan premye
lekti jodi a nou jwenn repons ak kesyon sa yo nan lavi Jozèf. Malgre frè l’ yo te fin vann li, li pa genyen yo rankin,
men pito li akeyi yo an Egip lè yo te desann al chèche yon lavi miyò. Repons
lan pa lòt bagay ke konpreyansyon. Se sa ki pèmèt nou rann nou kont de inyorans
frè nou ki anpil fwa fè l’ komèt kèk reyakyon ki ka fè nou ditò. Se li menm tou
ki ban n’ posiblite dekouvri dèyè vye aksyon nou yo, sa nou fè youn lòt yo, ki
kalite lanmou k’ap jayi nan mitan n’. Li ede n’ konbat kont vwal ògèy ki anpil
fwa konn vle bouche je nou, kont lanbisyon ki souvan vle fè n’ pran plas mèt
la. Jezi, nan levanjil jodi a, envite n’ kite yon plas nan vi n’ pou
konpreyansyon ka boujonnen, paske lè l’ fin boujonnen li p’ap bay lòt fwi ke
tolerans. Pa pè si yo di
nou ke esperans nou pa baze sou anyen. Pa pè si lanmou nou dwe genyen oubyen
nou genyen pou pwochen nou yo ka koz lanmò nou, paske lavi nou kòm kretyen, se
yon angajman ki p’ap janm fini nou pran pou nou chèche vizaj Bondye nan moun ki
antoure nou yo. E youn nan pi bon mwayen nou ka rive fè sa, se nan konbinezon
pasyans ak konpreyansyon. Se lè n’a rive
konbine de kalite sa yo n’a va konprann ke atravè pawòl sa a: «Sam di nou nan
fè nwa, di l’ nan limyè; sa nou tande nan zòrèy, preche l’ je klè». Jezikri envite n’ fè lavi n’ tounen espas kote bòn nouvèl
la fè eko. Se sèl fason sa a n’ap sispann pran atitid defans lè, malgre tout
eprèv, nou dwe simaye mesaj la.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki toujou ap tann nou vin jwenn ou
malgre engratitid nou yo, paske ou se yon Bondye mizerikòd san limit, montre n’
kijan pou n’ manifeste tolerans nou anvè pwochen nou yo, konsa n’a aprann
renmen tout bon vre. Nou lapriyè w’ konsa nan non Jezi, pitit ou. Amèn.
PWOPOZISYON : Malgre tout obstak ou kapab rankontre, rekonèt Jezi devan
lèzòm pou li ka rekonèt ou devan Papa Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario