Páginas

VANDREDI 12

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen mèt mouri ak kè kontan, paske mwen wè fas ou”.
NAN LIV LAJENÈZ 46, 1-7. 28-30
Jou sa yo:
Izrayèl pati avèk tout sa l’ te genyen, li rive bò Pui Sèman an, li ofri sakrifis bay Bondye papa l’ Izaak nan kote sa a, li tande l’ nan vizyon nan nuit k’ap di l’: “Jakòb, Jakòb”. Li reponn li: “Men mwen”. Bondye di l’: “Mwen se Bondye ki fò a, Bondye papa w’ la. Pa pè; desann nan Lejip, paske m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon laba a. M’ap desann avèk ou laba a, m’ap mennen ou tounen; Jozèf ap poze men l’ sou je ou”.
Jakòb leve sot bò Pui Sèman an; pitit li yo pran l’ avèk ti pitit yo, avèk madanm yo sou kabwèt Farawon te voye pou pote granmoun nan ak tout sa l’ te posede nan peyi Kanaan an; li rive Lejip la avèk tout ras li, pitit li yo ak pitit pitit li yo, pitit fi l’ yo ak tout pitit yo avèk yo.
Li voye Jida devan l’ kot Jozèf, pou l’ anonse l’ l’ap vin rankontre l’ Gesèn. Lè l’ rive, Jozèf fè sele kabwèt li, li monte al rankontre papa l’ kote sa a; lè l’ wè l’, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’ lontan, li kriye. Papa a di Jozèf: “Koulye a mwen mèt mouri ak kè kontan, paske mwen wè fas ou, mwen kite ou an sante”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 36, 3-4. 18-19. 27-28. 39-40
R/ Delivrans moun ki kòrèk yo se nan Granmèt la li sòti.
Espere nan Granmèt la, fè sa k’ bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans. Jui nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Granmèt la konnen jou moun ki san tach yo, eritaj yo ap la pou tout tan. Yo p’ap wont nan tan malè a, nan jou grangou y’ap jwenn kont manje yo.R.
Vire do bay sa k’ mal, fè sa k’ byen, w’ap abite pou tout tan gen tan. Paske Granmèt la renmen jijman, li pa lage sen l’ yo. Moun ki pa kòrèk yo ap peri pou tout tan, ras mechan yo ap detwi.R.
Delivrans moun ki kòrèk yo sot nan Granmèt la, li sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la. Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo, l’ap delivre yo sot nan men moun peche yo, l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R.
LEVANJIL
“Se pa nou menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN10, 16-23
Lè sa a: Jezi di Apot li yo: “Men mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Se pou nou gen ladrès tankou sèpan, se pou nou senp tankou pijon.  Sèlman pran prekosyon ak moun yo; sèke y’ap renmèt nou nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo; y’ap kondui nou devan prefè yo ak wa yo poutèt mwen, pou nou sèvi m’ temwen devan yo ak devan nasyon yo. Men lè y’ap bay nou, pa reflechi sou fason osinon sou sa n’ap di: se nan lè sa a menm y’ap ba nou sa pou nou di; sèke se pa nou menm k’ap pale, se Lespri Papa nou k’ap pale nan nou.  Frè ap bay frè nan lanmò, papa ap bay pitit; pitit ap leve kont papa ak manman, y’ap fè touye yo. Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere jouskalafen, se li menm k’ap sove.  Lè y’a va pèsekite nou nan yon vil, sove kò nou nan yon lòt. An verite, mwen di nou, nou p’ap fini ak vil Izrayèl yo, anvan Pitit moun nan ap rive”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi voye Apot yo nan misyon avèk anpil rekòmandasyon, paske li konnen travay yon misyonè pa janm fasil. Nan premye lekti a, nou wè kote Jozèf akeyi tout fanmi li nan peyi Lejip. Gen yon pwovèb kreyòl ki di: Kou nen pran kou je kouri dlo, Jozèf te gen kè l’ sansib pou frè li yo; emosyon te pran l’ lè l’ wè yo; l’al rankontre yo epi li te lage kòl nan kou papa l’ epi li kriye e yo te rete lontan, youn t’ap anbrase lòt, papa Jozèf gade li epi li di kounye a mwen mèt mouri anpè paske mwen wè vizaj ou vivan toujou. Pawòl sa a raple nou lapriyè pwofèt Simeyon te fè bay Bondye nan Tanp plan, jou Mari ak Jozèf t’al prezante Ti Jezi nan Tanp la. Pawòl Bondye a envite nou pou nou aprann akeyi epi padone; se pou nou gen bon kè; piga nou rann mal pou mal, frè Jozèf yo pa t’ renmen l’paske yo te jalou de li, se poutèt sa yo te van li bay machann yo kòm esklav nan peyi Lejip se li ki te ba yo manje lè grangou te frape peyi sa a, li te sove lavi yo, li ba yo anpil manje, men kounye a se li menm ki resevwa tout fanmi an nan peyi Lejip. Jodi a, li ta bon pou nou pran leson sa a; tout sa se renmen an ki pou fè nou fè bagay sa yo tankou Sòm 36 la di nou: Bondye gade renmen li gen pou sila yo ki konnen l’ e ki rete fidèl, menm lè bagay yo difisil nou pa gen dwa lage lè se travay Bondye n’ap fè: piga nou panse pwiske se Bondye ki chwazi nou, ki konfye nou yon misyon, nou pa kapab rankontre pèsekisyon ladan l’; se poutèt sa nan Levanjil Matye a, Jezi di yo pran prekosyon nou ak moun sa yo paske Jezi li menm ki te bwa vèt la te pran anpil prekosyon, paske li te konnen sa sa ye pèsekisyon. Premye misyonè yo te fè menm ekspyans devan menas, rejè pèsekisyon: jodi a misyonè sa yo pa la ankò, se sou nou Jezi konte. Li di nou pa enkyete nou nan travay n’ap fè a, paske se pa travay nou li ye men se travay Bondye k’ap okipe tout bagay la. Sèl Lespri Jezi ki vivan an ki va montre nou kijan pou nou defann tèt nou; li di ankò, nou pa bezwen pè anyen; se li menm ki rele nou epi ki envite nou e voye nou, pwiske li avèk nou, nou pa bezwen chèche sekirite, ni parenn ni marenn, ni lajan; Bondye konnen sa nou vo: ti zwazo yo yo vann pou yon ti kòb pa vo plis pase nou; yo menm yo gen valè pa yo. Se Bondye menm k’ap pran swen nou: an nou fè l’ konfyans pou lafwa nou kab pouse rasin.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt tanpri louvri je n’ pou n’ kab wè tout sa ki anpeche n’ nan misyon an, tout sa ki fè nou pè, tankou pèsekiyon, menas, mepri. Tout sa, se paske nou manke lafwa: Bobdye papa tanpri ogmante lafwa nou dekwa pou anyen pa fè nou ebranle, konsa n’a pare pou swiv Jezi jis nan bout amèn.


PWOPOZISYON: Pèsekisyon, menas, ak mepri pa dwe fè levanjelizasyon an fè bak; yon vrè patizan Jezi pa dwe gade dèyè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario