Koulè Blan
BENWA KI SEN, Abe (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Se pou delivrans nou Bondye voye m’ Lejip la”.
NAN LIV LAJENÈZ 44, 18-21. 23b-29;
45, 1-5
Jou sa yo:
Jida pwoche pi pre, li di Jozèf avèk
asirans: “Tanpri, Granmèt mwen, kite sèvite w’ di yon pawòl nan zòrèy ou, pa
fache kont sèvitè ou; sèke ou menm, apre Farawon, se Granmèt mwen. Ou te poze
sèvitè w’ yo kesyon anvan: “Èske nou gen yon frè?” Nou te reponn ou, mèt mwen: “Nou
gen yon papa ki vye, ak yon frè ki tou piti, ki fèt pandan papa nou vye
granmoun nan; frè ki menm manman avèk li a mouri; se li menm sèl manman l’ genyen,
papa l’ menm renmen l’ anpil”.
Ou te di sèvitè w’ yo: “Mennen l’
ban mwen, m’ap poze je m’ sou li. Si ti frè nou an pa vini avèk nou, nou p’ap wè
fas mwen ankò”.
Men lè nou te monte kot sèvitè ou
papa nou, nou te rakonte l’ tout sa mèt nou te di. Papa nou te di: “Tounen,
achte yon ti ble pou nou”. Nou te di l’: “Nou pa kapab ale; si ti frè nou an desann
avèk nou, n’ap pati ansanm. Otreman, si l’ pa la, nou p’ap gen lodas wè fas mesye
a”. Li te reponn atò: “Nou konnen se de pitit madanm mwen te fè ban mwen. Youn
pati, nou te di: “Se yon bèt nan bwa ki devore l’, jouskoulye a li pa parèt. Si
nou pran sila a tou, epi kichòy rive l’ sou wout, n’ap fè cheve blan m’ yo desann
avèk chagren anba tè a”.
Jozèf pa t’ kapab kenbe ankò devan
tout moun ki te kanpe bò kote l’ yo. Li pase lòd pou tout moun soti deyò; lè pa
t’ gen okenn etranje ankò ki te la, youn rekonèt lòt. Jozèf leve vwa l’ avèk dlo nan je l’,
e Ejipsyen yo tande l’, ni tout kay Farawon an.
Li di frè l’ yo: “Se mwen menm Jozèf.
Èske papa m’ ap viv toujou?” Frè l’ yo pa t’ kapab reponn anyen, sezisman te twouble
yo. Li menm li pale ak yo avèk dousè, li di: “Pwoche kote mwen”. Lè yo pwoche tou pre, Jozèf di: “Se mwen menm, frè nou an, sa nou te vann Lejip
la. Pa pè, sa pa dwe parèt rèd pou nou, poutèt nou te vann mwen nan peyi sa yo;
sèke se pou delivrans nou Bondye te voye m’ devan nou nan Lejip”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM RÉPONS 104, 16-17. 18-19. 20-21
R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.
Li rele grangou sou tè a, li kase
tout baton pen.Li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo fikse pye l’ nan chenn, yo pase
kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’. Wa a voye
lage l’, chèf pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou
tout sa l’ posede.R.
ALELOUYA Mk 1, 15
R. Alelouya. Rèy
Bondye a tou pre, fè penitans, se pou nou kwè nan levanjil la. R. Alelouya.
LEVANJIL
“Nou resevwa gratis, se pou nou bay gratis”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 7-15
Lè sa a: Jezi
di Disip li yo:
“Ale, preche,
se pou nou di: Rèy syèl yo tou pre”. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki
gen maladi lalèp yo, chase demon yo. Nou te resevwa gratis, se pou nou
bay gratis. Pa pòte lò, ni lajan, ni monnen nan senti nou, ni sak pou wout la,
ni de chemiz, ni sapat, ni baton: travayè a merite pri travay li.
Nan nenpòt ki vil oswa bouk nou
antre, mande si gen yon moun ki onèt ladan l’, rete la joustan nou pati. Lè nou
antre nan lakay la, salye l’, antan nou di: “Lapè pou kay sa a”. Si kay sa a merite,
lapè nou an ap rive sou li; si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote nou.
Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa
koute pawòl nou yo, soti deyò kay yo a oubyen lavil yo a, souke pousyè sot nan
pye nou. An verite mwen di nou, y’ap gen plis tolerans pou peyi Sodòm ak Gomò
nan jou jijman an pase pou lavil sa a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan moso Levanjil sa,
nou wè Jezi ki voye disip yo nan misyon e li di yo ki konpòtman yo dwe
genyen.Nan lavi tout kretyen, gen twa etap : premyèman, tande pawòl la epi
kite li touche kè ou ; dezyèm etap la, se konvèsyon pawòl lan pote nan
lavi nou ; kidonk li chanje n’, li fè nou diferan avèk moun nou te ye avan
an ; epi etap final la, se anonse Bòn Nouvèl la, pawòl ki bay lapè a.Se ak sa Jezi envite Disip li yo, gaye Bòn Nouvèl lan.
Kòm moun ki kwè nan pawòl lavi a, nou pa kapab rete kwaze ponyèt nou, se pou
nou sòti pou nou fè lòt disip pou Jezi. Se pou lavi nou tounen temwayaj pou lòt
yo. Jezi fè nou kado renmen an, se pou nou aprann pataje l’. Se Bòn Nouvèl sa Jezi
mande disip li yo pou anonse, se menm misyon sa li remèt nou jodi a tankou
disip li. Jezi voye disip yo nan misyon,
men li ba yo kèk kondisyon, kèk enstriksyon avan yo pati. Kisa nou dwe anonse,
nan ki lide n’ap anonse: “rèy syèl yo tou
pre”. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon
yo”.Sa nou dwe anonse se wayòm Bondye a, se bòn nouvèl renmen an. Misyon Jezi
konfye nou an, se sèvis, sèvi lòt yo sitou sa ki nan plis bezwen yo. Se pa yon
tan pou nou reyalize pwojè pèsonèl nou. Vrèman vre, anpil fwa nou bliye
reyèlman ki misyon Granmèt la ba nou, nou fè pwòp pwojè nou pase nan plas pwojè
Bondye. Chak fwa nou aji konsa, nou detounen nou de misyon Jezi a, se pwòp
misyon pa nou n’ap reyalize. Dezyèm
endikasyon an, nou te jwenn gratis, se pou nou remèt gratis. Kado renmen an nou
resevwa nan men Bondye a, nou pa dwe kenbe li pou kont nou, se pou nou pataje l’ak
lòt yo, pou yo kapab goute tou kijan Bondye bon, nou dwe pote li bay moun ki
nan nesesite yo, moun ki pi frajil yo, sila yo ki pi fèb nan sosyete a. Lavi
yon kretyen dwe yon don pou sa ki pa genyen yo, pou tout sa ki nan bezwen yo.
Byen souvan, nou refize pataje sa nou resevwa gratis, nou bliye si lavi nou se
yon don e nou refize pataje l’ak sa k’ap soufri yo, ak sa ki nan lapenn yo.
Misyon an ekzijan anpil : li mande nou pou nou bay tèt nou pou lòt yo
totalman, nou pa dwe pè sakrifye lavi nou pou lòt yo, sa vle di pou Jezikri. Lòt endikasyon an, se konfyans nan Bondye,
abandone nou totalman nan bra li. Konsa nou p’ap bay tèt nou pwoblèm pou yon
ekip bagay nou manke o nou paka posede : Pa pòte lò, ni lajan, ni monnen
nan senti nou, ni sak pou wout la, ni de chemiz, ni sapat, ni baton, travayè a
merite pri travay li. Se pou nou gen konfyans nan sila ki gen tout pouvwa a. Se
pou nou konnen li toujou akonpanye nou nan tout sa n’ap fè. Sèl sila yo ki gen lafwa nan li kapab abandone yo tout bon vre nan bra li. Nan
moso Labib sa, Jezi livre nou kondisyon yon kretyen dwe mete an pratik nan
sèvis wayòm li an. Pou nou anonse bòn nouvèl la, pou nou gaye pawòl lapè a, gen
de bagay ki enpòtan, premye a, se bay tèt nou. Dezyèm nan, se konfyans nan
Bondye k’ap pèmèt nou aji menm lè nou pa konn kote nou prale, ki moun nou pral
rankontre, kisa nou pa genyen. Se konfyans k’ap pèmèt nou sòti nan ti kachèt
nou yo pou nou al rankontre lòt yo kote yo twouve yo.
LAPRIYÈ : Granmèt aprann nou mete tout konfyans nou nan ou, aprann nou mete lavi nou tout
bon vre nan sèvis wayòm ou an. Konsa nou konnen
w’ap toujou la pou soutni nou, pou ban nou sa ki nesesè pou nouri lavi nou.
PWOPOZISYON : Granmèt la pa janm
lage moun ki kwè nan li tout bon vre. Pou montre ou kwè, poze yon aksyon jodi a
ki pou benefisye yon moun ki nan bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario