Páginas

MÈKREDI 10

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou merite sa n’ap soufri a, paske nou te fè peche kont frè nou yo”.
NAN LIV LAJENÈZ                             41, 55-57; 42, 5-7a. 17-24a.
Jou sa yo:
Te gen grangou nan peyi Lejip la, pèp la rele kot Farawon, li mande manje. Farawon reponn: “Al jwenn Jozèf; nenpòt sa l’ di nou, n’a fè li”. Chak jou, grangou a t’ap vin pi rèd nan peyi a; Jozèf louvri
tout depo yo, li vann Ejipsyen yo; sèke grangou a t’ap kraze yo. Tout pwovens yo t’ap vin nan Lejip pou yo achte manje, pou yo kalme malè grangou a.
Pitit Jakòb yo antre nan peyi Lejip la avèk lòt moun yo ki te vwayaje pou yo achte a. Sèke te gen grangou nan peyi Kanaan an. Jozèf menm te chèf nan peyi Lejip la, se sou lòd li yo te konn vann ble bay pèp yo. Lè frè l’ yo salye l’, li rekonèt yo, li pale rèd avèk yo tankou ak etranje, li mande yo: “Kote nou soti?” Yo reponn: “Nan peyi Kanaan, pou nou achte manje nou bezwen”. “Li mete yo nan prizon pandan twa jou.
Sou twazyèm jou a, lè yo soti nan prizon an, li di: “Fè sa m’ di a, n’a viv, paske mwen respekte Bondye. Si se lapè nou pote, y’ap mare youn nan frè nou yo nan prizon; men nou menm, ale, pote ble a nou achte a, lakay nou; mennen dènye frè nou an ban mwen, pou m’ kapab wè si pawòl nou yo se laverite; konsa nou p’ap mouri”.
Yo fè jan l’ te di a; youn di lòt: “Nou merite sibi bagay sa yo vre, paske nou te fè peche kont frè nou an, nou te wè tray nanm li, pandan li t’ap lapriyè nou, men nou pa t’ koute; se pousa tray sa a rive sou nou an”. Youn nan yo, Wouben, di: “Èske m’ pa t’ di nou: “Pa fè peche kont pitit la”? men nou pa t’ koute m’. Koulye a y’ap mande regleman pou san li”.
Yo pa t’ konnen Jozèf te konprann, paske gras a yon moun ki te konn lang yo, li t’ap pale ak yo. Li rale kò l’ yon ti kras, li kriye; epi li tounen vin jwenn yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 32, 2-3. 10-11. 18-19
R/ Se pou kè sansib ou sou nou, Granmèt, menm jan nou espere nan ou a.
Fè lwanj pou Granmèt la, sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li. Chante yon kantik nouvo pou li, jwe mizik byen pou li avèk gran bravo.R.
Granmèt la gaye plan nasyon yo, li bloke kalkil pèp yo. Men plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
ALELOUYA Mk 1, 15
R. Alelouya. Rèy Bondye a tou pre; fè penitans, se pou nou kwè nan levanjil la. R. Alélouya.
LEVANJIL
“Ale kot mouton kay Izrayèl la k’ap peri yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 1-7
Lè sa a:
Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri papròp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès.
Non douz apot yo se te: Premye a Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, Jak pitit Zebede a, ak Jan, frè l’ la, Filip ak Batelemi, Toma ak Matye, pibliken an, Jak pitit Alfe a, ak Tade, Simon Kananeyen an ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi l’ la.
Douz sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di: “Pa ale nan wout payen yo, pa antre nan vil Samariten yo; men pito nou ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: “Rèy syèl la rive”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a, prensipalman Levanjil la ap pèmèt nou fikse atansyon nou sou de mo kle: apèl ak misyon. Jezi wè nesesite ki genyen pou kontinye anseye rèy Bondye a, aprè li fin bay tout li menm nan travay Papa a, li fòme yon kwoup misyonè pou vin asosye avèk li nan travay liberasyon tè a, liberasyon tout moun ki antrave anba pouvwa dyab la. Li rele douz gason, douz disip, douz apot; li rele yo, li ba yo pouvwa sou lespri ki pa pwòp yo. Se gwoup sa a ki pral kontinye transmèt leson l’ yo, ki pral kontinye fè mirak, geri malad elatriye.
Levanjil la di ke chak grenn disip yo te resevwa apèl Jezi a nan pwòp non yo (Simon, Andre Batèlmi…). Mesye sa yo se poto mitan Legliz Jezikri a. Nou sonje sa ki te pase ak yo jou Lapannkòt la, lè Papa ak Pitit la te reyalize pwomès Lespri Sen an, kote Apot yo te blennde, yo te ranpli ak fòs Lespri a ki te pouse yo ale nan tout kwen sou fas tè a pou yo te kapab reyalize misyon yo kòmsadwa. Gwo jou sa a, se jou inogirasyon Legliz la ke Jezi te fonte sou lafwa Apot Pyè a. Lesprisen an ki te anime Legliz la kontinye ap travay nan mitan pèp Bondye a e pou pèp Bondye a. Li se fòs Legliz la. Li kontinye ap rele moun nan pwòp non yo pou vin met men nan travay la… Apèl Bondye a se yon gras ke li fè a moun li vle. Jezi te gen anpil patizan, li te gen anpil fanatik men se sèlman douz li te fè Apot, li te ba yo bon jan lansèyman pou yo te kapab genyen tout sa ki pou pèmèt kontinye travay Mèt la kòmsadwa. Douz mesye sa yo reprezante 12 tribi Izrayèl la, sa vle di tout pèp ki sou latè. Atravè yo menm ki te gen misyon pou gaye bòn nouvèl la, se nou tout Bondye rele pou tounen non sèlman disip, men tou apot. Aprè apèl, tankou nou wè sa nan Levanjil la, se misyon. Jezi, ak respè e fidelite l’ pou misyon ke Papa l’ te konfye l’ la, prepare yon gwoup pou ale kontinye bay nouvèl la, men misyon l’ se te rasanble tout pèp Izrayèl la; se sa tou li konfye disip li yo. Anpil fwa nou panse pou nou ale nan misyon fòk nou deplase ale nan yon lòt peyi oubyen yon lòt pwovens pandan ke anndan pwòp fanmi nou nesesite pawòl la; nan anviwònman kote n’ap viv osinon nan vwazinay nou gen moun ki, yo menm tou, swaf konnen nonm sa ki rele Jezi a. Bon konpòtman ak kè sansib yon moun kòmanse depi nan pwòp fanmi ou. Yo paka tout lajounen ap fè lwanj kijan ou bon nan lari pandan ke moun anndan lakay fè fèt lè w’ sòti, ou menm k’ap viv nan yon kominote relijyez, kòman ou santi w’ lè nan gwoup ou fè pastoral la yo pa vle lage w’ pou jan ou bon; poutan anndan kouvan an, anndan kominote a se rèl pou prezans ou?  Nou wè nan premye lekti a kòman pwòp frè Jozèf yo, aprè yo te fin vann li ak machann izrayelit yo, kijan yo te eksperimante jijman Bondye, yo pa t’ epaye gwo epidemi grangou ki te frape peyi yo a, yo te oblije sòti al chache achte nan peyi Lejip yon fason pou yo te ka fè fas ak jijman Bondye, se la yo te kontre frè yo te vann nan, Jozèf, menm si yo pa t’ konn si se li menm; yo te mòtifye ke yo te komèt zak la.  Frè m’ ak sè m’ yo, nou pa dwe janm bliye ke nou pa dwe rann mal pou mal; se sa kontinyasyon liv Lajenèz la ap montre nou de Jozèf anvè frè li yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, fè nou gras patisipe nan gran fanmi ou a, ouvri je nou pou nou konprann misyon nou jodi a epi ba nou fòs Lespri Sen an pou nou konbat kont tout vye move lespri. Aprann nou viv byen youn ak lòt san okenn lanbisyon sou chemen lavi nou, ki ka koze lanmò ak rayisans.
 
PWOPOZISYON: Mande Granmèt la limyè Lespri Sen an pou konbat tout vye tandans ki ka mete n’ nan chirepit, ki ka koze deziyon ak lanmò.

No hay comentarios:

Publicar un comentario