Koulè Vèt
KATÒZYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO
LABIB
“Men m’ap vide tankou larivyè lapè sou li”.
NAN LIV PWOFÈT
IZAYI 66, 10-14c
Fè kè nou kontan
avèk Jerizalèm, fete nan li, nou tout ki renmen l’; fè kè nou kontan anpil, nou
tout ki te pran lapenn sou li.
Se pou nou bwè
lèt kont kò nou nan sen l’ k’ap ban nou konsolasyon, se pou nou souse lèt ak kè
kontan nan tout kalite bèlte l’.
Sèke men sa
Granmèt la di: “M’ap fè tankou yon larivyè lapè vide sou li, tankou ravin k’ap
debòde, m’ap vide bèlte nasyon yo sou li, bèlte sa a n’ap souse a.
Y’ap pote nou
sou kote, y’ap karese nou sou jenou. Tankou yon ti moun manman l’ap karese,
konsa m’ap karese nou mwen menm menm, y’ap konsole nou nan Jerizalèm.
N’ap gade, kè
nou ap kontan, zo nou ap jèmen tankou zèb, Granmèt la ap fè sèvitè l’ yo rekonèt
men li”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 65, l-3a. 4-5. 6-7a. 16 e 20
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Bat bravo pou
Bondye, tout tè a, chante bèlte non l’, fè lwanj li. Di Bondye: “Ala respè
travay ou yo merite.R.
Tout tè a ap
adore ou, l’ap chante pou ou, l’ap chante pou non ou”. Vini, n’a wè travay Bondye
yo, Li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li fè lanmè a
vin tounen tè sèk, y’ap pase larivyè a apye; n’ap kontan nan li kote sa a. Li menm
k’ap kòmande nan pouvwa l’ pou tout tan.R.
Vini, koute,
m’ap rakonte, nou tout ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Konpliman
pou Bondye, ki pa meprize lapriye m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Mak Granmèt
Jezi, mwen pote yo nan kò m”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU MOUN GALAT YO 6, 14- 18
Frè m’ yo:
Mwen pa gen dwa
jwenn konsiderasyon m’ okenn kote, sof nan kwa Granmèt nou Jezikri a, pa lantremiz
li, tè a kloure sou kwa pou mwen, epi mwen menm tou pou tè a. Reyèlman vre, nan
Jezikri, ni fè sikonsizyon ni pa fè l’, sa pa gen valè; sa k’ gen valè se moun
ki refèt tou nèf la.Tout moun ki suiv règ sa a, lapè sou yo ak kè sansib, ni
sou Izrayèl Bondye a tou.
Aprè sa,
pèsònn pa dwe ap trakase m’; mwen pote mak Granmèt Jezi nan kò m’.
Favè Granmèt
nou Jezikri avèk Lespri nou, frè m’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Lapè nou an ap poze sou li”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10,1-12.
17-20
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de
devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon
ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li a.
Ale; men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni
sapat, pa salye pèsònn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: “Lapè pou kay sa a”;
si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vi n’
jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye a merite
salè l’. Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo
resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: “Rèy
Bondye a tou pre nou”.
Men nan nenpòt ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa
nou, soti sou laplas li yo, epi di: “Ata pousyè, ki te kole sou nou nan vil nou
an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann sa, rè Bondye a tou pre”. Mwen di nou
Sodòm ap jwenn plis padon jou sila a pase vil sa a”.
Swasanndouz yo tounen avèk kè kontan, yo di: “Granmèt,
ata demon yo obeyi nou o non ou”. Li di yo: “Mwen te wè Satan tankou zèklè k’ap
tonbe sot nan syèl la. Men mwen ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak skòpyon
ak sou tout pouvwa lènmi an, anyen p’ap nui nou. Sèlman se pa sa ki dwe lakòz
kè kontan nou, poutèt lespri yo obeyi nou an: se pou nou kontan pito poutèt non
nou ekri nan syèl la”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak sè m’ yo, depi visit Pap Jan Pòl II nan peyi D’Ayiti, toupatou
nan peyi a, nou tande yon sèl pawòl ki di: “Legliz se nou, nou se Legliz”. Pawòl sa a pale verite, men gen anpil moun ki pa
konprann li. Pou anpil kretyen, Legliz se pè yo, mè yo ak chè frè yo. Yo menm
yo pa pou anyen. Travay bati Legliz Jezikri a, pou fè rèy Bondye rive, yo pa
mele ladan. Yo di: sa se pè yo, mè yo, chè frè yo. Se yo ki gen vokasyon pou
sa. Jodi a, an nou gade sa pawòl Bondye di nou sou sa. Sen
Lik rakonte nou kijan Jezi te voye Apot li yo, men li di nou tou: se pa yo menm
sèlman Jezi te voye. Li fè nou wè kijan Jezi te chwazi 70 lòt moun yo pou l’
voye yo al prepare chemen pou li. Li di yo: rekòt la anpil, men manke travayè.
Lapriye Mèt rekòt la pou li voye travayè nan jaden li a. Li di yo: mwen voye
nou tankou ti moun nan mitan chen mawon yo. Pa pote lajan, ni manje. Pa ret ap pale ak moun
nan chemen. Mwen voye nou pou pote kè poze mwen an bay tout moun. Nan kay kote yo resevwa nou, rete la, manje, bwè sa yo
ba nou, paske moun ki fè travay merite pri travay li. Pa chache avantaj nou, pa
kouri dèyè lajan. Anonse moun yo: rèy Bondye prèt pou rive. Disip yo ale. Yo fè sa Jezi te di yo fè a. Lè
fini yo tounen kote li ak kè kontan, paske yo wè travay yo pote fwi, yo pi fò
pase Satan. Jezi di yo: Pa fè kè nou kontan paske nou wè nou reyisi, men fè kè
nou kontan paske nou se kandida pou paradi a, paske no lwen syèl la. Mezanmi,
Legliz se nou, nou se Legliz. Se sa Jezi fè nou konprann jodi a. Se pa annik
apot yo li voye. Non, li voye moun tankou nou. 70 moun sa yo reprezante tout pèp
anwo tè a. Se nan tout peyi, nan tout nasyon Jezi rele moun ki pa pè, ki pa chè
frè ni chè sè, pou l’ voye yo ale travay bati Legliz li a, kidonk pèp Bondye a.
Li di nou: rekot la anpil. Gen anpil moun ki ta kontan vin jwenn li, si te gen
moun ki envite yo. Èske nou pa wè sa tout alantou nou? Si nou menm nou te pi cho
nan fè apostola, èske pa ta gen plis moun ki ta vin mache ak Jezi. Jezi pa kache di nou: travay sa a pa fasil.
Li voye nou tankou ti mouton nan mitan chen anraje. Men nou pa gen dwa
dekouraje. Li menm, Bon Gadyen nou an, l’ap veye sou nou pou anyen pa nwi nou. Sèlman,
se sou li pou nou apiye, pa apiye sou pwòp fòs nou, sou kalite nou, lajan nou.
Nan travay sa a, se pa pou nou chache pwòp enterè pa nou, pa fè travay sa pou n’
fè lajan, pou n’ vin alèz. Nou pa toujou
wè travay nou reyisi tankou pou 70 moun sa yo. Men, Jezi di nou: pa dekouraje
pou sa. Fè kè nou kontan paske nou konnen nou travay asosye ak li pou rèy
Bondye a ka rive. Non nou ekri nan syèl la.
Frè m’ ak sè m’ yo, èske nou konn kalkile pawòl sa a: Jezi rele mwen tou.
Li konte sou mwen. Li voye m’ kote tèl moun nan abitasyon m’ lan, nan katye m’
nan, pou mwen envite li.
An nou chache pran konsyans sou
apèl Bondye nan lavi nou, li menm ki chwazi nou pou nou kapab bay temwayaj pawòl
li a tout kote nou pase. Epi pou pawòl sa a
kapab pote bon jan fwi. An nou chak nou reponn wi devan bèl apèl sa a ke Bondye
li menm li fè nou. Travay la anpil men manke travayè.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt nou, se nan men w’ lavi nou tout
rete, se Jezi sèl ki kab fè n’ jwenn delivrans ou pwomèt nou an. Men, twouve ou
rele n’ pou nou travay ansanm ak Jezi. Pou nou kab reponn ou jan w’ merite, ban
n’ yon lafwa fèm k’ap fè nou konprann san ou, nou pa kab fè anyen. Ban n’ kè
yon patizan Jezi tout bon vre, kè yon pòv, pou anyen pa detounen n’ nan wout ou
montre n’ nan, pou n’ pa sere anyen pou kont nou, men pou n’ separe tout kè
kontan ou ban nou avèk frè n’ak sè n’ yo.
PWOPOZISYON: Nou menm tou nou gen yon misyon pou n’ pote kè poze
Granmèt la bay frè nou yo. Mesaj sa se pou nou viv li. Men kijan nou ka fè sa
a: Nan semèn sa a, al visite yon frè, yon sè ki lwen toujou pou envite li vin
mache ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario