Páginas

LENDI 8

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li wè yon nechèl ki kanpe, mesaje Bondye yo ki t’ap monte-desann, avèk Bondye ki t’ap pale”.
NAN LIV LAJENÈZ 28, 10-22a
Jou sa yo:
Jakòb soti Bèsabe, li pati Aran. Li rive yon kote, li te vle poze la, lè solèy la fin kouche. Li pran nan wòch yo ki te atè a, li mete anba tèt li, li dòmi la menm.
Pandan l’ nan dòmi an, li wè yon nechèl ki kanpe atè a, ak tèt nechèl la ki touche syèl la, mesaje Bondye yo ki t’ap monte-desann sou li, ak Granmèt la ki te apiye sou nechèl la, ki t’ap di l’:  “Se mwen menm Granmèt Bondye Abraam, zansèt ou a, ak Bondye Izaak. Tè a kote w’ap dòmi an, se ou menm m’ap bay li, ansanm ak ras ou. Ras ou ap tankou pousyè tè a, w’ap devlope jous nan direksyon solèy kouche ak nan direksyon solèy leve ak nan Nò ak nan Sid, tout fanmi sou tè a ap beni nan ou ak nan ras ou. M’ap sèvi ou pwoteksyon tout kote w’ap pase, m’ap fè ou tounen nan peyi sa a; mwen p’ap lage ou, toutotan mwen pa fin reyalize tout sa m’ di a”.
Lè Jakòb reveye sot nan dòmi an, li di: “Reyèlman vre, Granmèt la nan kote sa a, epi mwen pa t’ konn sa”. Li vin pè, li di: “Ala kote ki terib, se kote sa a! Isit la pa dòt bagay pase kay Bondye ak pòt syèl la”. Jakòb leve granmaten, li pran wòch la li te poze anba tèt li a, li drese l’ kòm yon siyal, li vide luil sou li. Li rele non vil la Betèl; anvan, yo te rele l’ Louza.
Li fè yon ve tou, li di: “Si Bondye avèk mwen, si l’ pwoteje m’ sou wout la kote m’a prale a, si l’ ban m’ pen pou m’ manje ak rad pou m’ abiye, si m’ tounen ak siksè lakay papa m’, Granmèt la ap Bondye m’, wòch sa a mwen drese kòm siyal la, y’ap rele l’ kay Bondye; nan tout sa w’ap ban mwen, m’ap ofri ou dizyèm pòsyon”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 90, 1-2. 3-4. 14-15ab
R/ Bondye mwen, m’ap espere nan ou.
Moun ki abite nan pwoteksyon Sila a ki anwo nèt la, li rete anba lonbraj Sila a ki gen tout pouvwa a.
Li di Granmèt la: “Kachèt mwen
ak fòs mwen, Bondye mwen, mwen espere nan ou”.
Sèke li menm l’ap deliver ou sot nan pyèj chasè yo ak nan pawòl mechan.
Ak zèl li yo l’ap kouvri ou, anba plim zèl li w’ap kache.R.
Paske li kole kò l’ sou mwen, m’ap delivre l’; m’ap resevwa l’, paske li konnen non m’.
L’ap rele m’, m’ap koute l’; m’ap avèk li nan tray li.R.
LEVANJIL
“Pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, l’a viv”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 18- 26
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale, gen yon chèf prèt ki pwoche; li adore l’, li di: “Granmèt, pitit fi m’ nan fè k’ sot mouri, men vini, poze men sou li, pou l’ viv”. Jezi leve, li suiv li, avèk disip li yo tou.
Gen yon madanm ki t’ap pèdi san depi douzan, li pwoche dèyè, li touche fil rad li. Li t’ap di nan kè l’: “Si m’ touche rad li sèlman, m’ap sove”.
Jezi vire, li wè l’, li di: “Konfyans mafi, lafwa ou sove ou”. Madanm nan sove menm lè a.
Lè Jezi antre nan kay chèf la, li wè mizisyen yo ak foul k’ap fè bwi, li di: “Rale kò nou, ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi”. Men yo t’ap pase l’ nan rizib. Lè l’ fin chase foul la, li antre, li kenbe men l’, ti fi a leve. Nouvèl sa a gaye nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Konfyans mafi, lafwa w’ sove w!”. Nan levanjil sa a, gen de mirak ki fèt youn apre lòt. Premye mirak la se yon mirak ke yo abitye rele “mirak yo vòlè nan men Jezi a”. Poukisa yo ba l’ non sa a. Mirak gerizon madanm ki te pase 12 ane ap pèdi san an, se yon mirak vòlè paske, madanm sa a te gen yon lafwa tèlman fò nan pouvwa Jezi, li sèlman panse ke si l’ ta sèlman touche pwent rad li, li t’ap jwenn gerizon, li p’ap menm bezwen pale avè l’. Efektivman, madanm nan fè sa e levanjil la di ke Jezi santi yon fòs ki sòti sou li. Dezyèm mirak la, se Jezi ki leve Talita, pitit fi yon chèf prèt. Tifi a te byen mouri, yo te kòmanse kriye pou li, Jezi rive nan kay la li antre kote mò a, li leve l’ bay paran l’ pandan l’ di, “Talita leve”. Ti pitit la te gen douz an. Madanm ki te pran mirak la sou Jezi te gen douz an depi li t’ap soufri ak maladi a. Chif douz la pa yon chif kèlkonk nan Labib la. Pa ekzanp kantite tribi ki te fòme pèp Izrayèl la, se te 12; lè Jezi te timoun douz an, Mari ak Jozèf te monte nan tanp Jerizalèm nan avèk li e li te rete pou kont li. Kantite apot Jezi te chwazi yo, se te 12; 12 panye pen yo te ranmase aprè Jezi te fin bay foul la manje. Anfen siy 12 la se yon nimewo pafè, se senbòl pèp Bondye a, se senbòl rèy Bondye ki rive nan mitan nou; se siy benediksyon Bondye bay pèp li a k’ap soufri anba maladi, grangou, eksplwatasyon e tout lòt kalite mal k’ap tonbe sou do l’. Men pou sa fèt, gen de kondisyon ki dwe akonpli. Nou jwenn kondisyon sa yo klè nan sòm 90: “Ak zèl li yo l’ap kouvri ou, anba plim zèl li w’ap kache. Paske li kole kò l’ sou mwen, m’ap delivre l’; m’ap resevwa l’, paske li konnen non m’, l’ap rele m’, m’ap koute l’; m’ap avèk li nan tray li”. Jan vèsè nan sòm nan di a, delivrans Granmèt la pa mize pou moun ki kore l’ sou li, pou moun ki kache anba zèl li, pou sila ki mete tout konfyans li nan li.
LAPRIYÈ: Granmèt, lafwa moun sa yo te pèmèt ou fè gwo mirak pou yo; se vre, se pa menm lafwa sa a mwen genyen, men se menm Jezi a ki prezan jodi a ak pou tout tan, tanpri ogmante lafwa m’, delivre m’ anba tray mwen yo.

PWOPOZISYON: Nan jounen sa a m’ap mete konfyans mwen nan Granmèt la, m’ap lage tout pwoblèm ak soufrans nan men l’, dekwa pou m’ k’ab wè delivrans li a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario