Koulè Wouj
JAK KI SEN, Apot (Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Wa Ewòd fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe”.
NAN TRAVAY APOT YO 4,33; 5,12.27-33; 12,2
Se
avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv kijan Bondye te leve Jezi fè l’ soti
vivan nan lanmò. Bondye menm
te vide benediksyon l’ an kantite sou yo tout. Apòt yo t’ap fè anpil mirak ak
anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini
ansanm anba Galeri Salomon an. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan
Gran Konsèy la. Epi gran prèt
la pran poze yo keksyon. Li di yo: Èske nou pa t’ defann nou pale ak pèp la nan
non nonm sa a? Gade sa n’ fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle
rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou
n’ obeyi Bondye pase pou n’ obeyi moun. Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti
vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n’ te kloure l’ sou kwa a. Bondye fè l’
monte chita sou bò dwat li, li mete l’ Chèf sou nou, li fè l’ delivre nou. Li
fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l’ tounen vin jwenn Bondye, pou
l’ resevwa padon pou peche l’ yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm
ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman
yo te an kòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran
maltrete kèk manm nan Legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 7-8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se
pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, sove ou
sove a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije
pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou, Bondye nou an; se pou
Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Tout tan n’ap
pote lanmò Jezi nan kò nou”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 4, 7-15
Frè m’ yo:
Nou gen trezò a nan veso pòslèn,
pou glwa a soti nan pouvwa Bondye, men pa nan nou. Nan tout okazyon se tray n’ap
pase, men nou pa kraze; nou pa konn kote pou nou vire kò nou, men nou pa dezespere;
n’ap sibi pèsekisyon men nou pa abandone pou kont nou; yo jete nou atè, men nou
pa peri; tout tan se soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a
parèt nan kò nou. Tout tan reyèlman, nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa
t’ lanmò poutèt Jezi, pou lavi Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a. Konsa
lanmò a ap travay nan nou bò isit epi lavi a nan nou menm lòt bò.Men nou gen espri
lafwa a, jan sa ekri a: “Mwen kwè, se pousa mwen pale”; nou menm tou nou kwè se
poutèt sa n’ap pale, antan nou konnen sa a ki leve Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi,
l’ap mete n’ avèk nou. Tout sa poutèt nou menm lòt bò a, pou gras la vin an
kantite pou anpil moun, pou l’ fè yo fè anpil konpliman pou glwa Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“N’ap bwè kalis mwen an”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20,20-28
Lè sa a:
Manman pitit
Zebede yo pwoche ak pitit li yo kot Jezi, li adore l’, li mande l’ kichòy. Jezi
di l’: “Kisa ou vle?”
Li menm li
di: “Di pou de pitit mwen sa yo chita, youn adwat ou, lòt la agòch ou, nan rèy
ou an”.
Jezi reponn,
li di: “Nou pa konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou
m’ bwè a?”
Yo di: “Nou
kapab”.
Li di yo: “Kalis
mwen an, n’ap bwè l’; men chita adwat mwen oubyen agòch mwen an, se pa mwen menm
ki kapab ba nou sa, men se pou moun yo Papa m’ pare l’ la”.
Lè dis lòt yo tande sa, yo fè kòlè
kont de frè yo. Jezi menm rele yo kote l’, li di: “Nou konnen chèf nasyon yo
kòmande sou yo, gran yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami
nou, men nenpòt ki moun ki vle vin pi gran nan pami nou, se pou l’ vin sèvitè
nou; epi moun ki vle vin premye nan pami nou, se pou l’ esklav nou. Konsa Pitit
moun nan pa t’ vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi epi pou l’ renmèt lavi
l’ kòm redanmsyon pou tout pakèt moun yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Kèk
jou aprè Rezireksyon Jezi, swa senkant jou aprè, Apot yo te ranpli ak pouvwa
Lespri Sen an. Se te Lapannkòt. Lespri a te vin kraze tout move fòs laperèz ki
te anvayi yo, e ki te fè yo fèmen pòt kay yo byen di pou sa ki te pase Jezi sou
kwa a pa t’ rive yo tou. Men lè yo te plen ak fòs Lespri Sen an, yo pa t’ gen
laperèz ankò e yo te kapab ale nan misyon tout kote, pou yo temwaye gwo mèvèy
laviktwa lavi te ranpòte sou lanmò a. Yo pa t’ kapab rete bouch be pou yo pa
pale sa yo te wè ak sa yo te tande. Yo te vin tankou moun nou abitye rele alèlè
yo! Nou konnen nan langaj lakay nou, langaj Pèp Ayisyen, lè yo di yon moun
alèlè kisa sa vle di: ebyen se yon moun ki pa kapab fin wè oubyen tande yon
bagay epi pou li rete san li pa pale sa li wè a oubyen sa li tande a. Lespri
Sen te fè mesye yo alèlè, e li fè yo pale ak gwo vwa ak otorite menm devan
lènmi yo a ki te mete entèdiksyon pou yo pa t’ nonmen non nèg ki te rele Jezi
a. Kontèks Apot yo t’ap viv nan premye syèk la, se pa t’ yon kontèks ki te
fasil ditou, paske tout kretyen te riske pèdi lavi yo. Puiske Apot yo t’ap pale
de wayòm, de gouvènman Bondye ki pa lwen, wa Ewòd ki te jalou anpil pou pouvwa
li t’ap menase yo, li te vle fè yo pe bouch yo. Li te fè yo parèt devan gwo
konsèy jij yo pou yo te kapab kondane yo; men mesye yo te santi yo te gen plis
fòs ak detèminasyon toujou e yo te kontinye gaye bòn nouvèl ak yon ton ki wo,
yon ton ki brav. Devan menas prizon ak lanmò, mesye yo te chwazi fè yon chwa e
yo te chwazi obeyi Bondye olye ke yo te obeyi Ewòd. Mesaj yo t’ap livre a te
byen defini: “Bondye zansèt nou yo te fè
Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n’ te kloure l’ sou kwa
a. Bondye fè l’ monte chita sou bò dwat li, li mete l’ Chèf sou nou, li fè l’
delivre nou”. Pawòl sa yo te mal tonbe nan zòrèy wa Ewòd, paske li te santi
se te yon menas pou pouvwa li a. Men mesye yo pa t’ dekouraje paske yo te kwè
nan pawòl sa yo: “…tout tan se
soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan kò nou.
..nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa t’ lanmò poutèt Jezi, pou lavi
Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a… “Mwen kwè, se pousa mwen pale”;… sa a ki
leve Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi”. Se nan kontèks
sa Ewòd te fè matirize Apot Jak, frè Jan, ke Legliz la ap fete jodi a. Se
premye Apot ki te mouri mati anba kout kouto. Li te touye Jak paske se li menm
ki te pi cho nan predikasyon Levanjil la, nan anons wayòm Bondye a ki gen pou
tabli definitivman nan dezyèm vini Jezi gen pou li fè a. Legliz la ap rann Jak yon gwo omaj jodi a,
pou semans Levanjil la ki kontinye ap pote fwi. Jak se yon bèl ekzanp lafwa ak
fidelide nan sèvis Bondye ke nou dwe suiv. Kòm batize nou dwe travay menm jan
ak li, san gade dèyè; konsa yon jou n’a fete nan syèl la, ansanm ak li, ansanm ak
tout zanj yo ki pa janm sispann chante lwanj ak konpliman pou Bondye. Amèn
LAPRIYÈ: Granmèt,
anpil fwa mwen konn pe bouch mwen lè mwen dwe denonse sa ki mal k’ap pase nan
fanmi mwen, nan antouraj mwen osinon nan sosyete a. Se yon atitid ki fè mwen
bliye misyon mwen genyen kòm pwofèt ak wa ke mwen te resevwa depi jou batèm
mwen. Tanpri jodi a, ban mwen fòs Lespri ou a pou mwen kapab tounen temwen
mèvèy ou yo menm si sa ka koute mwen lavi mwen.
PWOPOZISYON: Sèvi
Jezi temwen menm si yo pa koute ou, menm si yo menase ou. Rekonpans ou ap gran
nan syèl la. Pa pè pale, pa pè
aji chak fwa ou dwe fè sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario