Páginas

MÈKREDI 24

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap fè lapli pen tonbe pou nou sot nan syèl la”.
NAN LIV EGZÒD 16, 1-5. 9-15
Pitit Izrayèl yo pati sot Elim, tout foul pitit Izrayèl la rive nan dezè Sin nan, ki ant Elim ak Sinayi, sou kenzyèm jou dezyèm mwa a, aprè yo te pati kite peyi Lejip la.
Tout foul pitit Izrayèl yo pran babye kont Moyiz ak Aawon nan savann nan; pitit Izrayèl yo di yo: “Pito nou te mouri nan men Granmèt la nan peyi Lejip la, lè nou te chita devan mamit vyann yo, lè nou t’ap manje pen kont kò nou an: Pouki sa nou te fè nou sòti pou nou mennen nou nan savann sa a, pou nou touye tout foul la avèk grangou a?”
Granmèt la di Moyiz: “Men m’ap fè lapli pen tonbe sot nan syèl la pou nou: pèp la ap sòti, l’ap ranmase sa yo bezwen pou chak jou, pou m’ eseye l’, pou m’ wè si l’ap mache nan lalwa m’ nan oubyen non. Men sizyèm jou a, se pou yo obsève sa yo pote a; l’ap de fwa plis pase sa yo abitye ranmase chak jou”.  Moyiz di Aawon tou: “Di tout pèp pitit Izrayèl yo: “Pwoche devan Granmèt la; sèke li tande jan n’ap babye”. Lè Aawon pale avèk tout pèp pitit Izrayèl yo, yo gade nan direksyon savann nan; men bèlte Granmèt la te parèt nan nyaj la.  Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Mwen tande pitit Izrayèl yo k’ap babye; pale ak yo, di yo: “Aswè a, n’ap manje vyann, nan maten n’ap jwenn pen kont kò nou, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la Bondye nou an”.  Nan aswè vre, gen ti pentad ki vole, ki kouvri kote yo te poze joupa yo a; nan maten tou te gen yon kouch lawouze ki kouvri tout alantou kote yo poze joupa yo a. Lè l’ evapore sot sou fas tè a, gen yon ti po tou mens ki parèt, yon bagay ki tou fin tankou lanèj sou tè a. Lè pitit Izrayèl yo wè sa, youn di lòt: “Ma-nou?”, sa vle di: “Sa sa a ye?”  Yo pa t’ konnen sa l’ te ye. Moyiz di yo: “Sa a se pen, Granmèt la ba nou pou nou manje”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 77, 18-19. 23-24. 25-26. 27-28
R/ Granmèt la ba yo pen syèl la.
Yo eseye Bondye nan kè yo, antan y’ap mande manje pou lavi yo; yo pale kont Bondye, yo di: “Èske Bondye kapab pare yon tab nan savann nan?” R.
Reyèlman vre li pase nyaj yo lòd, li louvri pòt syèl yo; li fè lapli lamán tonbe pou yo pou yo manje, li ba yo pen syèl la.R.
Moun nan manje pen mesaje Bondye yo, li voye manje pou yo an kantite. Li leve van nan Sid nan syèl la, li mennen van sot nan lafrik ak tout fòs li.R.
Se tankou pousyè vyann ki tonbe sou yo kon lapli, tankou sab lanmò, zwazo zèl yo. Yo tonbe nan mitan kote yo poze joupa yo a, alantou joupa yo a.R.
LEVANJIL
“Li bay fwi san fwa plis”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 1-9
Jou sa a, Jezi soti nan lakay la, li chita bò lanmè a. Foul yo rasanble kote l’, si tèlman li blije monte nan yon batiman pou l’ chita; tout foul la te kanpe sou bò lanmè a. Li t’ap pale avèk yo anpil nan parabòl, li t’ap di:
“Sila a k’ap simen an sòti pou l’ simen. Pandan l’ap simen an, gen kèk grenn ki tonbe sou bò wout la, zwazo syèl yo rive, yo manje yo. Dòt menm tonbe nan teren wòch, kote pa t’ gen anpil tè; menm lè a, yo pouse, paske yo pa t’ gen tè ki fon; lè solèy la leve, chalè l’ boule yo, epi kòm yo pa t’ gen rasin, yo seche. Dòt menm tonbe nan pikan, yo grandi avèk pikan yo, ki toufe yo. Dòt ankò tonbe nan bon tè; yo bay fwi, yon pòsyon san fwa plis, yon lòt swasant fwa plis, yon lòt trant fwa plis. Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye moso Labib la, nou wè jan Bondye te bay pèp Izrayèl manje nan dezè a, malgre pèp la pa t’ bouke plenyen; men lanmou ak mizerikòd Bondye a pi fò toujou, se poutèt sa li fè pen tonbe tankou lapli pou li ka nouri pitit li yo. Pawòl sa pote yon gwo mesaj pou nou jodi a, paske pafwa, nou reyaksyone menm jan ak pèp Izrayèl la, malgre tout mèvèy Granmèt la ap fè nan lavi nou, nou toujou ap babye, nou pa janm satisfè, nou avèg, nou pa wè mèvèy Bondye ap fè nan fason ki trè senp, men n’ap chèche gwo mirak. Nou bliye si se lanmou Bondye a ki pèmèt nou sous de pye nou ki fè nou kapab mache pou nou ale kote nou vle.  Pawòl Bondye ap envite nou pou nou rekonesan, pou nou aprann di Bondye mèsi, paske lavi nou se nan pla men li li chita.Ekzistans nou se deja yon gwo gras Bondye fè nou.  Yon lòt ti mesaj pawòl sa pote pou nou, se aprann mete konfyans nou nan Bondye, paske li p’ap janm lage nou nan dezè difkilte ak traka nou jwenn nan lavi nou. Bondye nou an toujou la kanpe avèk nou, e li konnen byen tout sa nou bezwen. Levanjil la mande nou pou nou poze tèt nou yon ti kesyon, pou nou dekouvri ki kalite tè nou ye, si nou se wòch la, oubyen si nou se touf pikan pou semans  pawòl Granmèt la. Antanke kretyen, nou ta dwe kòm bon tè sa kote semans pawòl la kapab tonbe pou li devlope, grandi, fleri epi donnen tout kalite bon fwi. An nou mande Papa nou favè sa a jodi a.

LAPRIYÈ:Bondye, se ou menm ki Mèt mwen, aprann mwen viv jan ou vle a, ban m’ yon kè ki senp kote pawòl ou a ka abite epwi, konsa ki pwodwi anpil fwi. Amèn

PWOPOZISYON:M’ap di Bondye mèsi pou tout sa l’ fè pou mwen, m’ap lage m’ nan men li, pou li kapab prezan nan tout sa m’ap fè nan jounen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario