Páginas

MADI 23

Koulè Vèt ou Blan
BRIJIT KI SEN, Relijyez
PREMYE MOSO LABIB
“Pitit Izrayèl yo antre nan mitan lanmè a, san yo pa mouye”.
NAN LIV EGZÒD 14, 21-15, 1
Jou sa yo:
Lè Moyiz lonje men sou lanmè a, Granmèt la fè lanmè a tounen dèyè, avèk yon gwo van cho, k’ap soufle tout nannuit la; lanmè a vin sèk: dlo yo separe. Pitit Izrayèl yo antre nan mitan lanmè sèk la; dlo a te tankou miray adwat yo avèk agòch yo. Ejipsyen yo ki t’ap rapousuiv yo a, yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a, ni tout kavalye Farawon yo, ni machin li, ni chwal li yo. Devan jou te kòmanse ap pwoche, Granmèt la gade nan direksyon lame Ejipsyen yo nan kolòn dife a ak nyaj la, li touye lame yo; li vire wou machin yo, yo tonbe nan bafon an. Ejipsyen yo di: “An nou sove kò nou devan Izrayèl; paske Granmèt la ap batay pou yo kont nou”.  Granmèt la di Moyiz: “Lonje men ou sou lanmè a, pou dlo yo tounen sou Ejipsyen yo, sou kabwèt yo ak sou kavalye yo”. Lè Moyiz lonje men kont lanmè a, lanmè a tounen nan premye kote li te ye a, granmaten; pandan Ejipsyen yo ap sove kò yo, dlo yo vin rankontre yo, Granmèt la woule yo nan mitan lanm yo. Dlo yo tounen, yo kouvri machin yo ak tout chwal lame Farawon yo, ki te antre nan lanmè a pou yo te rapousuiv yo a; pa gen youn menm ki chape nan yo.  Kanta pitit Izrayèl yo menm, yo travèse nan mitan lanmè sèk la, dlo yo te tankou yon miray pou yo adwat ak agòch.  Jou sa a Granmèt la delivre Izrayèl sot nan men Ejipsyen yo. Yo wè Ejipsyen yo ki mouri sou bò lanmè a avèk gran fòs men Granmèt la te deplwaye kont yo; pèp la vin respekte Granmèt la, yo vin kwè nan Granmèt la ak nan Moyiz sèvitè l’.  Lè sa a, Moyiz ak pitit Izrayèl yo pran chante kantik sa a pou Granmèt la, yo di:
SÒM REPONS Ekzòd 15, 8-9. 10 e 12. 17
R/ An nou chante pou Granmèt la, paske li fè anpil mèvèy
Nan van kòlè ou dlo yo rasanble. Sa k’ konn koule a, li kanpe, dlo bafon yo rasanble nan mitan lanmè a. Lènmi an te di: “M’ap rapousuiv, m’ap sezi; m’ap separe piyay, men mwen ap plen, m’ap wete epe m’, m’ap touye yo”.R.
Souf ou soufle, lanmè a kouvri yo; yo plonje tankou plon nan dlo yo ki gen fòs yo. Ou lonje men ou, tè a devore yo.R.
W’ap fè yo antre, w’ap enstale yo sou mòn eritaj ou a, kay ou a ki solid la, sa ou fè a, Granmèt, kay sakre w’ la, Granmèt, sa men ou te enstale fèm nan.R.
LEVANJIL
“Li lonje men l’ sou disip yo, li di: “Men manman m’ ak frè m’ yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 46-50
Lè sa a:  Jezi t’ap pale avèk foul yo, manman l’ ak frè l’ yo te kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Yon moun di l’: “Men manman ou ak frè w’ yo kanpe deyò a, y’ap chèche ou”. Li menm menm li reponn, li di l’: “Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’?”  Li lonje men sou disip li yo, li di: “Men manman m’ ak frè m’. Nenpòt ki moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: An nou chante pou Granmèt la, paske li fè anpil mèvèy”: sa se refren kantik (sòm) n’ap medite jodi a. Se avèk gwo chan sa ke nou jwenn nan chapit kenz liv Ekzòd la ke pèp Izrayèl te ekprime tout santiman rekonesans li pou kalite mèvèy Bondye te fè pou li. Se yon chan viktwa, yon chan kè kontan, yon chan gratitid.Avèk fòs ponyèt li Bondye wete pèp li a nan esklavaj Ejipsyen yo pou li mennen li nan tè libète a. Sa se yon Pak yon pasaj ki te deja anonse Nouvo pak Jezikri a, kote granmesi soufrans, lanmò, ak rezikreksyon li, li fè nouvo pèp Izrayèl la (tout kretyen yo) travèse soti nan esklavaj peche ak lanmò a pou li te kapab fè nou antre nan lavi tou nèf Bondye vle pou tout pitit li yo.
“Pitit Izrayèl yo antre nan mitan lanmè a, san yo pa mouye”: se fraz sa a ki rezime tout mesaj nou jwenn nan premye lekti a. Mezanmi se pa ti mirak non! Pou gwosè nou wè lanmè a! Se yon dlo ki okipe pi fò espas sou tè a epitou yo di nou pèp la travèse san pye li pa mouye! Gade yon kokenn chenn mirak! Ala yon Bondye gran se Bondye Izrayèl la!  Se sa k’ fè nou pa kapab lage pye Bondye sila. Se pa ti koze non! Èske nou wè ki kalite mèvèy Yave fè ak men Moyiz? Ebyen se menm bagay la Granmèt la vle fè nan mitan nou jodi a. Li kapab itilize moun li vle pou li kapab fè mirak li vle nan sosyete kote n’ap viv la. Menm jan Bondye te leve tèt pèp Izrayèl la, se konsa li vle leve tèt ou jodi a. Paske menm Bondye ki te la yè a, se li menm ki la jodi a; sa li te fè yè a, li ka fè li jodi a. Jan sa di nan Levanjil Lik chapit premye vèsè 37 la: Pa gen anyen Bondye pa ka fè. Reyèlman vre, li pa gen anyen ki enposib pou li, si li fè syèl ak tè a, si li bay lèzòm gwo entelijans pou fè gwo operasyon nan kè,j nan sèvo, nan je,.. Si Bondye bay lèzòm kapasite pou envante avyon, telefòn, elatriye, kisa ou menm ou panse Bondye pa ka fè? Di mwen. Bèlte Granmèt la plen syèl la ak tè a.  Jodi a, Jezi ap pale nou Levanjil Matye a sou vrè parante li; l’ap fè nou konnen ki moun ki paran li tout bon, sa vle di ki moun ki nan ras li. Nou menm, nou konnen ki moun ki manman nou, ki moun ki papa nou, frè nou, sè nou, kouzen ak kouzin, neve ak nyès, tonton ak matant nou. Nou konnen moun sa yo e nou kapab idantifye yo nan pami lòt moun. Ebyen Jezi ap fè nou konnen, parante pa li a, se pa nan lojik sa li sòti, se pa yon parante ou kapab konsidere selon relasyon san, men se nan yon lòd espirityèl parante li a ye. Nou konprann sa lè li di: “Nenpòt ki moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’”. Pawòl sa klè wi mezanmi! Mwen pa kwè nou bezwen fè plis kòmantè, men nou bezwen fè kounye a, se chèche konnen kisa ki volonte Bondye nan lavi nou epi fè sa Bondye vle nou fè, fè sa Bondye mande nou fè.
LAPRIYÈ: Granmèt, menm si mwen pa renmen ou, mwen konnen ou menm ou renmen mwen. Tanpri pa kite mwen pèdi anvan mwen kase tèt tounen vin jwenn ou. Kase chèn ki mare mwen yo, ki fè mwen poko ka pran gwo desizyon viv nan zanmitay ak ou a. Mwen konnen ou vivan epi pa gen anyen ki enposib pou ou. Amèn.

PWOPOZISYON: Chèche fè volonte Bondye antan w’ap sèvi lòt yo, pou ou kapab tounen manman, frè osinon sè Jezi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario