Páginas

LENDI 22

Koulè Blan
MARI-MADLÈN KI SEN (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen jwenn sa a nanm mwen renmen an”.
NAN KANTIK KANTIK YO 3, l-4a
Men pawòl madanm ki fèk marye a: “Sou kabann mwen, nannuit mwen chèche sa a nanm mwen renmen an; mwen chèche l’, mwen pa jwenn li. M’ap leve, m’ap fè tout tou vil la, nan lari ak sou plas la, m’ap chèche sa a nanm mwen renmen an: mwen chèche l’, mwen pa jwenn li.  Gad yo rankontre m’, yo menm k’ap veye vil la: “Èske nou wè sa a nanm mwen renmen an?” Kon m’ fin kite yo, mwen jwenn sa a nanm mwen renmen an”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS   62, 2.3-4. 5-6. 8-9
R/ Nanm mwen swaf ou, Bondye m’.
Bondye, se Bondye m’ ou ye; se kote ou m’ap veye depi granmaten. Nanm mwen swaf ou, chè mwen anvi ou. Nan dezè a ki sèk la, ki san dlo a.R.
Se konsa mwen parèt devan ou nan Tanp la, pou m’ wè fòs ou ak glwa ou. Sèke mizerikòd ou pi bon pase lavi, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’. Tankou ak vyann ak bon manje gra nanm mwen plen, ak pawòl fèt, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Paske ou pote m’ sekou, anba vwal zèl ou m’ap fete. Nanm mwen kole apre ou, men dwat ou soutni m’.R.
LEVANJIL
“Madanm, pouki sa w’ap kriye? Ki moun w’ap chèche?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 1.11-18
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten nan kavo a, pandan l’ te fè nwa toujou: li wè wòch la leve sot nan kavo a. Mari menm kanpe bò kavo a deyò, l’ap kriye. Pandan l’ap kriye, li panche, li ekzamine nan kavo a: li wè de zanj abiye tout an blan, ki chita, youn nan tèt la ak lòt la nan pye yo, kote yo te poze kò Jezi a.  Yo di l’: “Madanm, pouki sa w’ap kriye?”  Li di yo: “Se paske yo pran Granmèt mwen an, epi mwen pa konnen kote yo depoze l’”. Pandan li t’ap di sa, li vire gade dèyè, li wè Jezi kanpe; li pa t’ konnen se te Jezi.
Jezi di l’: “Madanm, pouki sa w’ap kriye? Ki moun w’ap chèche?” Li menm, li te konprann se te jeran an, li di l’: “Granmèt, si se ou menm ki wete l’, di m’ kote ou depoze l’, m’a pran li”.  Jezi di l’: “Mari”.  Li vire, li di l’: “Raboni (sa vle di mèt)!”  Jezi di l’: “Pa touche m’, mwen pa ko monte kot Papa m’. Men al kot frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’ ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak Bondye nou an”. Mari Madlèn rive, li anonse disip yo: “Mwen wè Granmèt la, men sa li di m’”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Se pa Apot yo sèlman ki te gen privilèj wè vizaj Jezi ki te leve byen vivan an. Levanjil jodi a ap raple nou gen kèk medam ki te wè li tou, e yo te wè li avan Apot yo. Medam yo se premye temwen rezireksyon an. Jodi a, Legliz la ap sonje youn nan fanm ki te toujou kanpe ak Jezi nan tout moman nan lavi li: Mari Madlèn. Se te yon fanm ki te fè anpil peche, men ki te fè yon gwo rankont ak Jezi e depi lè sa li te ouvri kè li pou sous lagras Bondye a te kapab koule nan lavi li. Li te konsidere Jezi kòm pi bon zanmi li. Se poutèt sa Levanjil la di nou: premye jou semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten nan kavo a, pandan l’ te fè nwa toujou; li te ansanm ak Mari, yo t’ap lamante lanmò Jezi, yo te santi anpil chagren ak tristès nan fon kè yo, yo t’ap plenn, dlo t’ap sot nan je yo san rete paske yo te pèdi pi bon zanmi yo a.
Nan moman dezolasyon sa a, Mari Madlèn te fè yon rankont ekstrawòdinè avèk de zanj, epi, dyalòg li pot ko menm fini ak zanj yo, lè li vire tèt li gade dèyè li wè Jezi kanpe e li pa t’ konnen si se te li menm, malgre Jezi t’ap dyaloge ak li. Mari Madlèn te panse se te jeran simityè a ki t’ap pale ak li, lè Jezi te poze li kesyon pou li mande li pou ki rezon l’ap kriye epi ki moun l’ap chèche.
Anpil fwa tou, sa konn rive nou, nou konn dekouraje. Nou konn ap chèche yon bagay, poutan sa n’ap chèche, sa konn rive li pa twò lwen nou. Se sa ekzakteman ki te rive pou Mari ak Mari Madlèn ki t’ap mennen envestigasyon pou yo te konnen ki kote kò Jezi ye pou yo te kapab anbome li ak pafen. Jezi te kite yo jwenn li e li te refè fòs yo, li te ba yo kouraj e li te voye yo nan misyon. Medam yo te kontan paske yo te jwenn sa nanm yo te renmen an!
Sen Ogisten tou, te montre nou kouman vrè repo a se nan Granmèt la nou kapab jwenn li. Li te di: “Nanm mwen p’ap janm jwenn repo toutotan li pa repoze nan ou, Granmèt”. Sa se pi gwo swaf nanm nan genyen, se rive jwenn ak Granmèt la. Se kalite swaf sa a nou jwenn ki eksprime nan sòm 62 ke n’ap medite jodi a: Nanm mwen swaf ou, Bondye m’. Tout bagay soti nan Bondye, tout bagay se pou Bondye, tout bagay ekziste nan Bondye.  An nou di Granmèt la se li nou vle, paske se li menm sèl ki Laverite, tout bagay mèt pase, li menm l’ap toujou kanpe.
 LAPRIYÈ: Granmèt, menm jan ak Mari ak Mari Madlèn, anpil fwa nou konn santi nou dezole. Nou konn pa santi prezans ou ki pou rekonfòte nou. Men jodi a, ede nou kwè tout bon vre, avan nou menm n’al chèche ou, se ou menm menm ki vini rankontre nou pou ou kapab ba nou asirans ak kouraj. Ede nou dekouvri prezans ou nan tout moman difisil n’ap viv nan lavi nou. Pa pouvwa Jezikri, Pitit ou. Amèn

PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki swaf prezans Granmèt la, tankou yon prizonye, yon malad, oubyen yon moun ki gen yon ka lanmò. Pataje yon bagay ak yon moun ou konnen ki nan nesesite. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario