Koulè Vèt
SÈZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt, pa
pase lwen sèvitè w’ la”.
NAN LIV LAJENÈZ 18, l-10a
Jou sa yo:
Granmèt la parèt devan Abraam nan plenn Manbre a,
Abraam te chita nan papòt joupa l’ vè midi. Li leve je l’, li wè twa mesye ki
parèt devan l’, ki kanpe bò kote l’; kon l’ wè yo, li kouri al rankontre yo sot
nan papòt joupa l’ la, li adore jous atè.
Li di: “Granmèt, si m’ jwenn favè nan je ou, pa pase lwen
sèvitè w’ la; men m’ap pote yon ti dlo, n’a lave pye nou, n’a repoze anba pye bwa
a. M’ap mete yon ti bouche pen, n’a soutni kè nou; aprè sa n’a kontinye wout
nou; se pousa reyèlman vre nou fè yon ti detou lakay sèvitè nou an”. Yo di: “Fè
jan ou di a”.
Abraam fè vit, l’al nan joupa a kot Sara, li di l’: “Fè
vit, brase twa mezi farin, fè pen ki kuit anba sann”. Li kouri tou
kot pak la, li pran yon ti bèf tou jèn, ki bon, li bay ti gason an; ti gason an
fè vit, li kuit li. Abraam pran
bè, ak lèt, ni ti bèf la yo te kuit la, li mete devan yo; li menm menm li kanpe
bò kote yo anba pye bwa a.
Pandan y’ap manje, yo di l’: “Kot Sara, madanm ou an?
Li reponn: “Men li nan joupa a”. Li di: “M’ap tounen, ane pwochen, nan menm epòk
sa a, Sara, madanm ou, ap gen yon ti gason”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5
R/ Granmèt, kilès k’ap abite nan joupa w’ la?
Moun k’ap
mache san fot, k’ap fè jistis; k’ap pale verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak
lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa derespekte pwochen l’. Li
konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sila yo ki respekte
Granmèt la.R.
Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado
sou do inosan. Moun ki aji konsa, li p’ap souke ditou.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Mèvèy sakre a
ki te kache depi syèk tan yo koulye a menm yo devwale l’ bay sen yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 24-28
Frè m’ yo:
Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap sibi pou nou yo,
m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè m’ pou kò l’, ki se legliz
la; se sèvitè legliz sa a mwen ye daprè wòl Bondye ban mwen pou nou an, pou m’
reyalize pawòl Bondye a.
Mèvèy sakre a ki te kache depi syèk tan yo ak jenerasyon
yo, koulye a menm yo devwale l’ bay sen yo. Bondye te vle fè sen yo konnen
richès bèlte sekrè sa a nan nasyon yo; sekrè sa a se Jezikri, espwa bèlte a nan
nou. Se li menm n’ap anonse nou, antan n’ap avèti tout moun, n’ap bay tout moun
lansèyman ak tout kalite sajès, pou nou prezante tout moun kòrèk nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Mat resevwa l’ lakay li. Mari chwazi pi bon pòsyon an”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 38
42
Lè sa a:
Jezi antre nan yon bouk; yon madanm yo rele Mat resevwa
l’ lakay li. Li te gen yon sè yo rele Mari, ki te chita nan pye Granmèt la, li
t’ap koute pawòl li. Mat menm t’ap trakase kò l’ avèk anpil sèvis; li kanpe, li
di: “Granmèt, èske sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan kite m’ ap sèvi pou kont mwen?
Di l’ pou l’ ede mwen”.
Granmèt la reponn, li di l’: “Mat, Mat, ou pran tèt
chaje, ou twouble pou anpil bagay. Men se yon sèl ki nesesè: Mari
chwazi pi bon pòsyon an, yo p’ap wete l’ nan men li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan kenzyèm dimanch Tan Òdinè Ane C, ke nou ta kapab rele “dimanch akèy”
oubyen “dimanch ospitalite”, Pawòl Bondye a ap envite nou fè ekilib ant
reyalite materyèl ak reyalite espirityèl, ekilib an sa k’ap pase ak sa k’ap
dire pou tout tan. Ekilib sa a, se tout moun k’ap viv sou tè ki dwe rive fè li
pou yo pa pa pèdi limyè rezon an oubyen entelijans la, ki se yon limyè natirèl;
sa ap pèmèt yo kenbe limyè lafwa tou, ki pi fò, ki pi puisan ke limyè la rezon
an e ki klere tout kwen kote reyon limyè larezon a pa kapab rive klere. Nan premye moso
Labib nou li pou jodi a, nou wè kijan Abraam te resevwa Granmèt la atravè twa
mesaje, antan li te chita devan pòt ti joupa li. Kòm nèg ki te gen anpil lafwa
nan Bondye ak respè pou Bondye, li te fè dilijans pou li te kapab bay yon bon
akèy; yo di nou Abraam fè
vit, l’al nan joupa a kot Sara, li di l’: “Fè vit, brase twa mezi farin, fè pen
ki kuit anba sann”.
Apre sa li bay lòd pou yo pran yon jèn ti bèf nan pak la pou touye pou vizitè
yo. Bondye te vizite Abraam e li te pote yon pawòl espwa pou li: “M’ap tounen, ane pwochen, nan menm
epòk sa a, Sara, madanm ou, ap gen yon ti gason”. Nan moman sila a, se te pi
gwo, pi bèl pwomès ke Bondye te kapab fè Abraam ak Madanm li, paske yo te fin
vye granmoun e yo te dezespere, paske yo pa t’ gen espwa pitit ankò. Se yon
fason pou Bondye di nou, nou pa gen dwa dekouraje, nou pa gen dwa dezespere,
paske lè nou fèna pwoblèm ak difikilte yo anvayi nou, nou mèt kwè tou solèy
espwa ak delivrans lan deja parèt pou nou. Deja, Sen Lik di nou nan Levanjil li
a, chapit premye, vèsè 37 la: Pa gen anyen Bondye pa ka fè! Sa nou vle a, nou mèt kwèt Bondye ap fè li
pou nou; men fòk nou se moun k’ap mache san fot, k’ap fè jistis; k’ap pale
verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak lang li.
Yon lòt bò, Levanjil la vin aprann nou fè diferans ant
sa ki enpòtan ak sa ki pa twò enpòtan, Mat ak Mari, yo tou le de t’ap trakase
tèt yo pou yo te kapab bay Granmèt la yon bon akèy.
Nou wè Mari li menm, li te chita ansanm ak Jezi, li
t’ap dyaloge ak li, malgre li te konnen li te enpòtan tou pou li te ofri li yon
bagay pou li manje oubyen pou li bwè.
Kòm sè li a te la, li te kite li nan koze sa a. Se te yon atitid ki te
nòmal, puiske lè yon moun vini lakay ou, ou pa kapab ap ofri moun nan manje san
ke ou pa pran yon ti tan pou ou pale ak li. Sa Mat pa t’ fè a, Mari te fè li;
epitou sa Mari pa t’fè a, Mat te fè li. Si tou le de te jwe menm wòl akèy la
t’ap manke sans.
Men lè Mat te kòmanse ap bay tèt li pwoblèm poutèt Mari
te kite li ap fè tout bagay, Jezi te repon e li te di: “Mat, Mat, ou pran tèt
chaje, ou twouble pou anpil bagay. Men se yon sèl ki nesesè: Mari
chwazi pi bon pòsyon an, yo p’ap wete l’ nan men li”. Kidonk zanmi mwen, sa ki pi enpòtan nan lavi
a, se lè ou rete nan prezans Bondye, se lè ou fè ekilib ant bagay k’ap pase ak
bagay k’ap dire pou tout tan. Se sa Jezi ap anseye nou nan pasaj sa a jodi a.
Nan sans sa a, Sen Toma Daken, patwon
filozòf yo, te rive fè yon gwo analiz ak yon gwo konklizyon, kote li te
deklare: “Lafwa ak larezon, se tankou de (2) zèl yon menm zwazo ki pèmèt moun
nan leve nanm li bay Bondye”.
LAPRIYÈ: Granmèt se chak jou w’ap vizite nou. Anpil fwa ou vini
atravè moun nou pa ta kwè. Tanpri menm jan ak Mari ak Mat, ede nou ouvri kè nou
byen gran pou nou kapab akeyi ou epi akeyi kado ou pote pou nou yo, sitou nan
sakreman
PWOPOZISYON: Akeyi tout moun ki vizite w’ kòmsi ou t’ap akeyi yon
wa, san ou pa gade pèsonn sou aparans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario