Páginas

SAMDI 20

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nannuit sa a, lè Granmèt la te fè Izrayèl soti nan peyi Lejip la”.
NAN LIV EGZÒD 12, 37-42
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo pati sot Ramsès, pou direksyon Soukòt, yo te sis san mil apeprè, gason k’ap mache a pye, san konte ti moun yo. Te gen yon pakèt foul moun tout kalite ki te monte avèk yo, ni mouton ni bèf ni tout kalite bèt, anpil anpil. Yo kuit farin nan yo te pote sot Lejip la ki pa t’ ko leve a, yo fè pen san leven ki kuit anba sann; pen yo pa t’ kapab leve, yo te blije pati kite peyi a afòs Ejipsyen yo te fòse yo, yo pa t’ kite yo fè okenn reta, yo pa t’ gen tan fè pwovizyon menm.
Tan pitit Izrayèl yo te abite nan Lejip la, se te kat-san-trantan. Lè tan sa a fini, jou a menm, tout lame Granmèt la sòti nan peyi Lejip la. Nuit sa a se yon nuit Granmèt la konsidere, lè l’ te fè yo sòti nan peyi Lejip la; tout pitit Izrayèl yo dwe obsève l’ pou jenerasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 135, 1 e 23-24. 10-12. 13-15
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki sonje nou nan rabèsman nou an, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li delivre nou sot nan men lènmi nou yo, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki frape Lejip la nan premye pitit li yo, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki fè Izrayèl sòti nan mitan yo, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Ak men fò, ak bra leve, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki separe lanmè Wouj la an de moso, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li fè Izrayèl travèse nan mitan l’, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li chavire Farawon ak lame l’ la nan lanmè Wouj la, R/ Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
LEVANJIL
“Li pase yo lòd pou yo pa fè konnen l’, pou sa k’ te ekri a kapab reyalize”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 14-21
Lè sa a:
Farizyen yo sòti, yo fè konplo kont Jezi, pou yo wè kijan y’ap pèdi l’.
Jezi menm konnen sa, li rale kò l’ sot la; anpil foul suiv li, li geri yo tout. Li pase yo lòd pou yo pa fè konnen l’, pou sa pwofèt Izayi te di a te kapab reyalize:
“Men pitit mwen an, li menm mwen chwazi a, li menm mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi nanm mwen. M’ap mete lespri m’ sou li, l’ap anonse jijman an bay nasyon yo. Li p’ap fè diskisyon, li p’ap rele fò, pèsòn p’ap tande vwa l’ sou plas la. Wozo ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap tenyen li, joustan jijman an sòti pou laviktwa a. Nasyon yo ap espere nan non l”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a ap envite nou konprann ke glwa moun Bondye chwazi yo pa sou tè sa a. Malgre tout sa Jezi t’ap fè pou sa ki nan nesesite yo, farizyen yo t’ap monte konplo pou yo pèdi l’. Anpil fwa, lè nou rankontre difikilte, ipokrizi ou moun ki kont nou pou yon byen n’ap fè, nou di: lavi m’ vo plis pase lò. Nou chwazi pa kontinye leve tèt moun ki bese yo. Si modèl nou se Jezikri, vrè reyaksyon nou ta dwe: m’ap konbat jis nan dènye soupi.
Jezi konnen ke farizyen yo t’ap fè konplo sou do l’, li rale kò l’ men li pa kite fè byen, li te kontinye geri moun ki malad yo. Pawòl Bondye a di Bondye pa peye kòmansman men se finisman li peye; li di tou: Bondye pran plezi nan moun ki kenbe jiskalafen. Pasaj Jezi sou tè a, se pa pou l’ te jije ni pou l’ te fè konpetisyon, misyon l’ se pou l’ te etabli rèy Bondye a. Pwofèt Izayi ekri: men pitit mwen an, li menm mwen chwazi a, li menm mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi nanm mwen. Ou ta di, lè Bondye renmen yon moun, li pwoteje l’ yon fason pou yo wè, li leve l’ wo, li pa kite l’ pase mizè; sa se fason ke nou menm lèzòm nou panse. Men Bondye li menm lè l’ renmen yon moun, se pou l’ voye nan li t’ pou laverite, e si tout fwa ou ta kite Lespri Sen an aji nan ou jan Bondye vle l’ la, ou gen pou w’ pran prizon, imilyasyon lèzòm e menm lanmò; men soufrans lèzòm nan se pou kò a, se pa pou nanm nan. Nan dènye jou a, se va fèt kote Bondye Granmèt la pra l’ pran ou mèt chita adwat li pou rejwi fri travay ou.
Pouvwa se pi gwo lènmi lavi; poutan se li plis pase katrevendiznèf pou san lèzòm ap chache; si ta gen yon rival yo chache, premyèman elimine l’ pou yo ka rete lib, se sa k’ pase farizyen yo ki te konsidere Jezi tankou yon bèt nwa, yon danje, yon menas pou pouvwa yo a. Pouvwa fè moun avèg, li fè kè moun vin di, li fè moun mechan.  Moun ki gen pouvwa toujou sou defansiv: l’ap kalkile kisa pou li fè pou li konsève l’, pou li pa pèdi li. Se trè diferan ak pouvwa Bondye li menm li bay la, lè se pouvwa Bondye a ou genyen, ou pa dirije an chèf sinon tankou yon lidè. Pafwa ou aksepte soufri pou byen lòt yo. Se sa Jezi fè, li pa t’ chache laglwa tè a paske l’ te konnen, antan ke Bondye, bagay sa yo se vanite.
Nou chak k’ap viv jodi a, nou gen yon lespri farizyen nan nou. Nou chache plis elòj tè a ke glwa Bondye, nou chache kraze sa ki pi fèb yo pou non nou ka fè eko. Farizyen jounen jodi a, se pa ansyen moun lalwa yo, se mwen menm avèk ou; moun malad nan tan jodi a pa viv nan ginen, se pwòp fanmi nou, se konpatriyòt nou yo, se moun an deyò yo k’ap travay pou voye manje vann lavil, se paran nou yo ki voye n’ lekòl men yo menm yo pa konn li, se madanm sa ki te soufri pou edikasyon w’ lan, ki kounye a ou wè tèt li mare ak vye bout twèl e ou kwè li paka sèvi ou manman.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, Bondye lavi a. Nou konnen nou peche anpil, richès ak renmen pouvwa fè nou pa wè klè, anpil fwa mizè lavi a fè nou bliye ke ou se Bondye, e se nan frè ak sè nou yo pou n’ rive dekouvri vizaj ou. Wete nan kè n’ tout vye lògèy ak anbisyon pou n’ ka renmen jan ou vle a.

PWOPOZISYON: Mande Bondye limyè Lespri Sen an pou ou rive konpran ke vrè glwa a pa sou tè sa a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario