Páginas

VANDREDI 19

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“N’a sakrifye mouton an nan aswè; m’ap wè san an, m’ap menaje nou lè m’ap pase a”.
NAN LIV EGZÒD 11,10-12,14
Jou sa yo:
Moyiz avèk Aawon fè anpil demonstrasyon devan Farawon. Granmèt la fèmen kè Farawon, li pa kite pitit Izrayèl yo pati sot nan peyi l’ la. Granmèt la di Moyiz avèk Aawon tou nan peyi Lejip la: “Mwa sa a se kòmansman nan mwa yo li ye pou nou, l’ap premye nan mwa ane a. Pale ak tout foul pitit Izrayèl yo, di yo:  “Sou dizyèm jou mwa sa a se pou chak moun pran yon mouton pou fanmi yo ak kay yo. Si kantite moun yo pa kont pou yo kapab manje mouton an, l’a envite vwazen l’, ki tou kole lakay li, dapre kantite moun ki pou reyisi manje mouton an.  Mouton an dwe san tach, yon mal, ki gen yon ane; pou seremoni sa a n’a pran kabrit tou. N’a konsève l’ jous sou katòzyèm jou mwa sa a; tout foul pitit Izrayèl yo ap sakrifye l’ nan aswè. Y’a pran nan san l’, y’a mete sou montan pòt la ak sou travès anlè kay yo, kote y’ap manje l’ la.  Y’a manje chè yo nan nuit sa a, griye nan dife, ak pen san leven avèk leti mawon. Pa manje anyen ladan l’ san kuit oubyen ki bouyi nan dlo, men griye nan dife sèlman; ni tèt li ansanm ak pye l’ yo ak zantray li yo, n’a manje yo. Anyen pa dwe rete ladan l’ pou jous nan maten; si gen kichòy ki rete, se pou nou boule l’ nan dife. Men kijan pou nou manje l’: mare ren nou, met sapat nan pye nou, kenbe baton nan men nou, n’a manje l’ an vitès, sèke se Pak (sa vle di pasaj) Granmèt la.
M’ap travèse nan peyi Lejip la nannuit sa a, m’ap frape tout premye pitit nan peyi Lejip la depi moun jous sou bèt y’ap gadyen; m’ap fè jijman sou tout dye Lejip yo: Se mwen menm Granmèt la. San an ap sèvi nou siy nan kay kote n’ap ye yo; lè m’ wè san an, m’ap travèse pou m’ evite nou; p’ap gen chatiman k’ap gaye nou, lè m’ap frape Lejip la.
N’ap gen jou sa a kòm souvni; n’ap fete l’ ak yon sèvis pou tout tan, tankou yon gran fèt pou Granmèt la nan jenerasyon nou yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 115, 12-13. 15-16bc. 17-18
R/ M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.
Ki sa pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen? M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
Li gen valè devan je Granmèt la, lanmò sen l’ yo. Mwen se sèvitè ou ak pitit sèvant ou. Ou kase chenn mwen yo.R.
M’ap sakrifye sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la. M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp la.R.
LEVANJIL
“Pitit moun nan Granmèt ata saba a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap mache nan jaden ble yo yon jou saba; disip li yo te grangou, yo kòmanse pran zepi yo, y’ap manje.  Farizyen yo wè sa, yo di l’: “Gade disip ou yo ap fè sa yo pa gen dwa fè jou saba”. Li menm li di yo: “Èske nou pa t’ li sa David te fè, lè l’ te grangou, li menm ni sila yo ki te avèk li a, kijan li te antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te ekspoze yo, sa li pa t’ gen dwa manje, ni sila yo ki te avèk li a, sof prèt yo sèlman an?  Oubyen èske nou pa t’ li nan lalwa a kijan jou saba a prèt yo nan kay sakre a yo pa suiv saba a san yo pa fè peche? Ebyen mwen di nou isit la gen pi gran pase kay sakre a.
Si nou te konnen sa sa vle di: “Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis”, nou pa ta janm kondane inosan yo. Pitit moun nan se Granmèt ata saba a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Moyiz ak Aawon akonpli sa Bondye Granmèt la mande yo; se konsa se pou nou chèche imite ansyen yo ki te lite pou sove lòt yo, sitou sa k’ap soufri yo, sa yo konsidere kòm esklav, se bagay sa yo ki fè Jezi plezi, sa ki grangou yo. Se sa k’ fè Jezi te sòti jou repo a avèk patizan l’ yo, pandan yo t’ap pase nan yon jaden ble yo te santi yo grangou anpil e yo te kase kèk zepi pou yo manje. Mezanmi se bagay nou konnen: sak vid pa kanpe! Mesye yo kòmanse keyi ble pou yo manje; nan tan sa a li te nòmal pou Jezi, depi w’ap pase yon kote ki gen fwi nan jaden, ou gen dwa keyi pou ou manje lè ou grangou. Jou patizan Jezi yo te fè sa a, Farizyen yo te fache tankou Kong, yo te estomake, paske patizan Jezi yo te fè sa jou saba a. Pou Frizyen yo, yo te wè Saba a men yo pa wè moun k’ap mouri grangou: chay lalwa Jwif yo te lou anpil; yon seri de bagay ki pa t’ ede pèp la dekouvri vizaj Bondye papa a, men pou Jezi lavi pèp la pi enpòtan pase nenpòt ki lalwa. Èske yo kapab fòse yon moun swiv yon bagay ki pa an favè lavi moun. Jezi, se li menm ki mèt Saba a. Nou dwe pran ekzanp sou li, yon mèt ki gen pasyans, ki dou, senp, ki gen kè sansib; se li menm ki fè nou dekouvri kè sansib Bondye genyen pou nou an: ala bon Granmèt la bon pou moun ki rete fidèl nan fè sa l’ kòmande; an nou mande Bondye lagras pou n’ fè sa l’ kòmande, konsa lè n’ rele l’ l’ap reponn nou.

LAPRIYÈ: Jezi Gran frè nou, ou menm ki mèt lavi ak lanmò: ede nou bay lavi nou yon sans, dekwa pou n’ pa bay anyen sou tè a plis vale pase lavi moun; konsa n’a pran ekzanp sou ou ki gen kè sansib pou tout moun e ki pa gade pèsonn sou aparans. Amèn.

No hay comentarios:

Publicar un comentario