Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Se mwen sila
a ki toujou la a. Sila a ki la a voye m’ kote nou”.
NAN LIV EKZÒD 3, 13-20
Jou sa yo:
Moyiz tande vwa Granmèt la nan mitan raje a, li di l’: “M’a
pral kot pitit Izrayèl yo, m’ap di yo: “Bondye zansèt nou yo voye m’ kote nou”.
Si yo di m’: “Ki non l’?” Ki sa pou m’ di yo?” Bondye di Moyiz: “Se mwen menm
sila a ki toujou la a”. Li di: “Se konsa w’a di pitit Izrayèl yo: “Sila a ki
toujou la a voye m’ kote nou”. Bondye di
Moyiz toujou: “Men sa w’a di pitit Izrayèl yo: “Granmèt Bondye zansèt nou yo,
Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb voye m’ kote nou; se non sa a m’ap
gen pou tout tan, se souvni m’ sa pou jenerasyon ak jenerasyon”. Ale, rasanble ansyen Izrayèl yo, w’a di yo: “Granmèt
Bondye zansèt nou yo parèt devan m’, Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye
Jakòb la, li di: “Mwen vizite nou, mwen wè tout sa ki rive nou nan Lejip; mwen
di m’ap fè nou soti nan tray Lejip la pou m’ mennen nou nan peyi Kananeyen an
avèk Itit la avèk Amorit la avèk Ferezyen an, avèk Ivit la avèk Jebouzeyen an,
nan peyi kote lèt ak myèl ap koule a”. Y’ap koute vwa ou; ou menm ak ansyen
Izrayèl yo, n’a antre kot wa Lejip la, n’a di l’: “Granmèt Bondye Ebre yo te rele
nou; n’a prale nan savann nan, yon wout k’ap dire twa jou, pou nou fè sakrifis
pou Granmèt Bondye nou an”. Mwen konnen wa
Lejip la p’ap kite nou pati, si l’ pa santi fòs men m’. M’ap lonje men m’, m’ap
frape Lejip la ak tout mèvèy mwen yo, sa m’ap fè nan mitan yo a; apre sa, l’ap
kite nou pati”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
104, 1 e 5. 8-9. 24-25. 26-27
R/ Granmèt la sonje kontra l’ la pou tout tan.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan
pami nasyon yo. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Li sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay
mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
Li fè pèp li a devlope anpil, li asire l’ ak fòs anwo
lènmi l’ yo. Li vire kè yo, pou yo rayi pèp li a, pou yo fè riz avèk sèvitè l’
yo.R.
Li voye Moyiz sèvitè l’ la, Aawon sila a li te chwazi
a. Li mete pawòl siy li yo nan yo ak pwodij li yo nan peyi Kam nan.R.
LEVANJIL
“Mwen tou dou, kè m’ tou pòv”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 28 -30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:
“Vin jwenn mwen, nou tout k’ap pran fatig, k’ap redi
anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’,
paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nanm nou; jouk mwen
fasil pou pote, chaj mwen lejè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jounen jodi a, litiji Legliz la envite nou pou nou kenbe konfyans nèt al
kole nan Bondye nou an. Malgre jan sitiyasyon lavi a ye pou nou, Bondye toujou
prezan. Se sa menm lekti yo di nou jodi a. Petèt, anpil fwa nan lavi nou oubyen
nan moman sa menm, nou konn ap poze tèt nou ti kesyon sa: Si m’ap soufri
jan m’ap soufri a la, èske Bondye prezan tout bon vre jan yo di a? Kesyon sa,
petèt, anpil nan nou konn ap poze tèt nou li lè n’ap gade kijan lavi a ap mal
mennen nou. Nou konn menm pa vle tande pale de Bondye ankò ! Men, èske se
kesyon pou nou ta rive ap poze tèt nou ? Èske se premye fwa tou kesyon sa
ap poze nan mond la ? Pou nou reponn ak dènye kesyon an, se pa premye fwa
ke lèzom ap poze kalte kesyon sila. Li ekziste depi lontan. Lè nou ap li premye
moso Labib la, lè n’ap gade nan ki mizè pèp Izrayèl la te ye, sètènman, li te
pèdi lespwa nan Bondyen, sètènman li t’ap poze tèt li menm ti kesyon sa tou.
Men, Bondye, te rive di yon mo pou yo. Bondye te di Moyiz pou l’ di pèp Izrayèl
la ki t’ap soufri nan peyi Lejip la, lè l’ rive kote l’: ‘‘ Wa di yo sila ki
toujou la voye m’ kote nou’’. Kalte pawòl sa se yon pawòl lespwa, konfyans, fòs, elatriye. Bondye raple nou ke li toujou prezan nan
lavi nou menm si nou pèdi lespwa nan li.
Se vre ke jounen jodi a lesklavaj pa ekziste menm jan li te ye nan tan
lontan, men, yon fason oubyen yon lòt, anpil nan nou kontinye ap viv menm
sitiyasyon sa ke pèp Izrayèl la t’ap viv nan peyi Lejip la. Konbyen nan nou ki
kite peyi nou Ayiti pou n’al chache lavi miyò kay vwazen ? Konbyen nan nou
k’ap tann yon kokenn chenn pawòl delivrans tankou pawòl Bondye te di Moyiz pou l’ di pèp la lè l’ rive kote l’ : Bondye ki
toujou la voye m’ kote nou ? M’ pa kwè nou t’ap ka rive konte konbyen nan
nou k’ap tann delivrans sa. M’ sipoze anpil nan nou swaf li. Ebyen, tankou sòm
nan klewonnen li, nou pa bezwen pè. Bondye sonje kontra li pou toutan. Bondye p’ap
janm lage pitit li.
LAPRIYÈ : Bondye papa, menm jan ou te voye Moyiz ede pèp Izrayèl la sòti nan
leskalvaj nan peyi Lejip la, tanpri, ede nou jwenn yon nouvo Moyiz ayisyen ki
ka ede nou sòti nan
sitiyasyon difil ke n’ap fè fas, swa nan pwòp peyi pa nou oubyen nan yon lòt peyi. Amèn.
PWOPOZISYON : Kòm chante se priye de fwa, mwen envite nou fredonen ti chante sa ke
Levanjil jodi a pote pou nou an : ''Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige kò nou, k’ap
redi anba chay, m’ap fè nou repoze''
No hay comentarios:
Publicar un comentario