Páginas

MÈKREDI 17

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la parèt nan flanm dife, nan mitan raje a”.
NAN LIV EGZÒD   3, 1-6. 9-12
Jou sa yo:
Moyiz t’ap gadiyen mouton Jetwo, bòpè l’, prèt Madyan; antan l’ap kondui bann mouton yo nan fon savann nan, li rive sou mòn Bondye a, Orèb. Granmèt la parèt devan l’ nan yon flanm dife, anndan yon touf raje; li wè touf raje a ap flanbe san l’ pa fè sann.
Moyiz di: “M’ap pwoche pou m’ wè kalite gran vizyon sa a; pouki touf raje a pa fè sann nan”. Granmèt la obsève kijan li t’ap pwoche pou l’ gade, li rele l’ antan l’ nan touf raje a, li di: “Moyiz, Moyiz!” Li reponn: “Men mwen”. Li di: “Pa pwoche isit la; wete sapat ou nan pye ou: sèke kote ou kanpe a, se yon tè ki sen”.
Li di: “Se mwen menm Bondye zansèt ou a, Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb”. Moyiz kache fas li; li pa t’ pran chans fikse je l’ pou l’ kontre ak Bondye. “Rèl pitit Izrayèl yo rive kote m’, mwen wè tray yo, sa Ejipsyen yo ap fè yo soufri a. Men, vini, m’ap voye ou kot Farawon, pou ou fè pèp mwen, pitit Izrayèl yo, soti Lejip la”.
Moyiz di Bondye: “Kilès mwen ye pou m’ al kot Farawon an, pou m’ fè pitit Izrayèl yo sot Lejip la?” Li di l’: “M’ap avèk ou, w’ap gen sa a kòm siy, se mwen menm ki voye ou: lè w’a fè pèp mwen soti Lejip la, w’a ofri sakrifis pou Bondye sou mòn sa a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 6-7
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la fè jistis ak jijman pou tout moun k-ap sibi afron.
Li fè Moyiz konnen chemen l’ yo, li fè pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li yo.R.
LEVANJIL
“Ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11,25-27
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:  “Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijan yo, ou devwale yo bay ti moun piti yo. Wi, Papa, paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay, pèsònn pa konnen Pitit la, sof Papa a; ni pèsònn pa konnen Papa a, sof Pitit la ak moun Pitit la vle devwale sa”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Tou de moso Labib jodi a, ap envite nou konprann ke moun Bondye chwazi pou sèvis li, se pi piti yo; moun ki kwè ke lavi yo se sèlman yon gras Bondye. Bondye montre pèp Izrayèl la pouvwa li atravè Moyiz ki t’ap pran swen mouton bòpè l’ yo. Granmèt la montre renmen li atravè pitit li a, Jezikri. Pawòl Bondye a ap envite nou mete men nan pat la pou n’ fè youn ak Jezikri ki te vin sou tè a pou l’ montre nou Papa a e li rele nou chak pou nou kapab angaje nou ak li, pou nou kapab tounen temwen li, ak temwen renmen Bondye Papa a. Li rele nou pou nou fòme yon sèl kò ak li, pou nou pran defans lavi.  Nan premye moso Labib la, zanj Bondye parèt sou Moyiz sou fòm dife. Yon flanm dife ki reprezante prezans Bondye nan vokasyon l’, se flanm Lespri Sen an ki boule nou pou li kapab transfòme nou, menm jan tout sa n’ap kuit nou pase li sou dife pou li kapab transfòme. Lè Bondye rele yon moun, li pa dwe twò prese, se Bondye ki rele li, si l’ rele li se paske li gen yon plan pou li. Moyiz te trè detektif, li wè yon brèf dife, li anvi avanse pou l’ wè. Anpil fwa sa rive, nou renmen wè pou n’ ka fè kòmantè. Bondye di l’ non! Anvan ou antre nan sèvis mwen an, ou dwe retire sandal nan pye w’, souke pousyè ki ka anpeche w’ wè klè; depouye w’ de tout sa ki ka anpeche w’ abandone w’ totalman nan sèvis Granmèt la. Sa se ekzijans ki genyen nan lanmou Bondye a, yon ekzijans pou w’ chanje fason w’ap viv anvan pou antre nan travay li a.  Bondye pa janm rele moun pou l’ mete w’ chita, tout apèl enplike yon misyon. Ekzijans pawòl Bondye jodi a, se rèl pèp Izrayèl la, (nou ta kapab di tou se rèl pèp ayisyen an). Misyon Moyiz se al devan Farawon. Se tounen yon lidè, yon gid pou pèp sa a. Ki misyon pa nou jodi a antan ke ayisyen? Anba ki pèp nou dwe libere? Petèt nou pa esklav yon pèp, men nou esklav move santiman nou yo oubyen yon lòt bagay, nou kapab esklav pasyon nou yo. Nou esklav dwòg, sigarèt, tafya, maladi, lajan, egoyism,… Se yon kesyon ke sòm jodi a ap ede nou reponn, paske se sèl Granmèt la nan kè sansib li a k’ap pran pitye pou nou, si nou remèt li tout nou menm ak tout sa nou ye, tout sa nou genyen.  Misyon Bondye konfye nou jodi a, se travay pou liberasyon frè ak sè nou yo ki twouve yo anba chenn lanmizè ak move trètman. Sa k’ap viv anba esklavaj nan peyi yo oubyen nan peyi etranje. Frè ak sè nou yo k’ap rele fò nan zòrèy Bondye paske pitit yo paka ale lekòl, timoun yo grangou, yo pa nan travay, peyi yo sal, y’ap dòmi anba tant, vòlè ak kadejakè ap fè ladènyè sou yo. Ekzijans Bondye ap fè nou jodi a, se montre nou gen disponiblite ak kè sansib anvè sa ki nan nesesite yo.
 
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt fè nou gras tounen yon lidè pou frè ak sè nou yo k’ap soufri, ki anchennen swa nan peyi yo o nan yon peyi etranje; ban nou kè sanbib ou a pou nou ka ale jwenn yo epi dirije yo selon volonte w’.
PWOPOZISYON: Lapriyè pou mande Bondye gras pou dekouvri vokasyon ou.

 

No hay comentarios:

Publicar un comentario