Páginas

MADI 16

Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DE MON KAMÈL
PREMYE MOSO LABIB
“Li rele non l’ Moyiz, paske li wete l’ sot nan dlo; lè l’ fin grandi, li pati, l’al jwenn frè l’ yo”.
NAN LIV EGZÒD   2, 1- 15a
Jou sa yo:
Yon mesye nan kay Levi a pati, li pran yon madanm nan ras li, madanm nan vin ansent, li fè yon ti gason. Lè l’ wè jan l’ bèl, li kache l’ pandan twa mwa. Kòm li pa t’ kapab kache l’ pi plis, li pran yon panye wozo, li simante l’ avèk asfalt ak gonm bwapen, li mete ti pitit la ladan l’, li depoze l’ bò larivyè a nan wozo yo; sè ti pitit la ret kanpe lwen, l’ap gade sa k’ap rive.
Pitit fi Farawon an desann pou l’ benyen nan larivyè a, sèvant li yo t’ap pwonmnen bò larivyè a. Lè l’ wè panye a nan touf wozo yo, li voye youn nan sèvant li yo, li louvri l’, li wè se yon ti bebe k’ap kriye, li pran pitye pou li, li di: “Sila a se youn nan ti pitit Ebre yo”. Sè ti pitit la di: “Èske ou vle pou m’ ale chèche yon fi Ebre pou ou, pou l’ bay ti pitit la tete?” Li reponn: “Ale”. Ti fi a ale, li rele manman l’. Ti fi Farawon an di l’: “Pran ti pitit sa a, ba l’ tete pou mwen; m’a peye ou”. Madanm nan pran l’, li bay pitit la tete; lè ti pitit la grandi, li renmèt li bay ti fi Farawon an. Ti fi Farawon an adopte l’ kòm pitit li, li rele non l’ Moyiz, li di: “Mwen pran l’ sot nan dlo”.
Jou sa yo, lè Moyiz grandi, li pati, l’al jwenn frè l’ yo; li wè mizè yo, li wè yon Ejipsyen k’ap frape youn nan frè l’ Ebre yo. Li gade adwat-agòch, li pa wè pèsòn, li touye Ejipsyen an, li kache l’ nan sab la.
Li soti nan landmen, li wè de Ebre k’ap batay; li di sa k’ te an tò a: “Pouki sa a w’ap frape frè w’ la?” Li reponn: “Kilès ki mete ou kòm chèf ak jij sou nou? Èske ou vle touye m’ tankou ou te touye Ejipsyen an yè a?” Moyiz vin pè, li di: “Kijan bagay sa a fè deyò?”
Farawon tande nouvèl sa a, li t’ap chèche touye Moyiz. Moyiz sove devan fas li, li abite nan peyi Madyan.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 68, 3. 14. 30-31. 33-34
R/ Pòv yo, chèche Bondye, kè nou ap viv.
M’ap fonse nan labou ki fon an, pa gen solidite; mwen rive nan fon dlo yo, lanm nan ap nwaye m’.R.
Mwen menm lapriyè m’ ap monte kote ou, Granmèt; nan tan favè a, Bondye; nan pakèt kè sansib ou a, koute m’ nan verite delivrans ou a.R.
Mwen menm mwen pòv, m’ap plenn; delivrans ou a, Bondye, resevwa m’. M’ap fè lwanj non Bondye avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.R.
Se pou pòv yo wè, pou yo kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv. Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
“Y’ap gen plis pitye pou Ti ak Sidon ak peyi Sodòm nan pase pou nou, nan jou jijman an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 20-24
Lè sa a:
Jezi te kòmanse fè vil yo repwòch, kote li te fè anpil mirak yo, paske yo pa t’ fè penitans; “Madichon pou ou, Kowozayin, madichon pou ou, Betsayid, paske si se nan Ti ak Sidon yo te fè mirak yo ki fèt lakay nou yo, gen lontan yo ta pran sak avèk sann pou yo fè penitans! An verite mwen di nou, y’ap gen plis pitye pou Ti ak Sidon pase pou nou nan jou jijman an.
Epi ou menm, Kafanawòm, èske y’ap leve ou jous nan syèl? se jous nan lanfè y’ap desann ou; paske si se nan Sodòm yo te fè mirak sa yo ki fèt lakay ou a, petèt yo t’ap dire jous jodi a. An verite mwen di nou, y’ap gen plis pitye pou peyi Sodòm nan pase pou ou, nan jou jijman an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a montre nou kijan Jezi, nan lanmou li, yon lanmou ki mete tristès nan kè l’ lè l’ wè n’ vle mete distans antre nou menm ak Bondye, ap repwoche nou. Matye rakonte nou ke nan kèk vil kote Sovè a te fè anpil mirak, moun yo, malgre sa, t’ap ezite pou yo antre nan yon gran kominyon ak Granmèt la. Fas ak sitiyasyon sa a, li pa t’ gen lòt rekou ke fè yo konnen ke sa ki te rive Sodòm nan pa anyen devan sa ki ka rive yo. Pinisyon toujou pi gwo, lè malgre nou konnen ke nou pa gen dwa fè yon bagay nou fè li.  Fason li bay mizangad la kapab boulvèse nou anpil si nou pa fè yon ti analize l’. Madichon pou ou, Kowozayin, madichon pou ou Betsayid… Èske sa vle di ke Granmèt la swete mal pou yo ? Non. Li jis fè yo konnen ke li pi enpòtan pou yo pran relasyon yo menm ak Bondye o serye anpil, paske yo menm yo gen chans goute jan l’ bon, yo gen chans wè grandè li. An reyalite Granmèt la di yo fè atansyon.  Anpil fwa nou kontante nou mande Granmèt la tout sa nou vle ; men lè li mande n’an retou sa li vle, nou pa fè l’ ka. Lekòl dwe peye paske m’ap sèvi Bondye : pa gen desepsyon pou moun k’ap sèvi Bondye. Men lè li mande nou pou n’ louvri zòrèy nou pou n’ tande l’, nou toujou jwenn yon eskiz. Lapriyè toujou long lè n’ pa genyen anyen nou bezwen. Se poutèt sa pawòl lavi sa a nou sot koute a envite nou fè atansyon. Paske aprè plis pase de mil ane mirak Bondye ap pwouve kijan l’ vle fè kominyon ak nou nan lapriyè : se la jeneralman nou santi fòs prezans li nan lavi nou. An nou chèche kole sou li plis, an nou chèche prezans li nan fon kè nou. Pa kite Jezi fè nou ekzòtasyon sa a plizyè fwa. An nou travay pou lè li tounen li di nou : a la chans nou genyen paske kè nou konble ak lavi !puiske nou t’ap benyen nan prezans Bondye a travè jèn, ak anpil lapriyè.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, ou menm ki sonde kè nou ak fòs nou, pa kite parès anvayi nou pou nou pa vin kontanple bèlte nan chanm sekrè kote w’ toujou ap tann nou an ki se lapriyè. Mete nou byen lwen tout sa ki ka anpeche n’ touche w’ avèk men lafwa a. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jezi Granmèt nou. Amèn.
PWOPOZISYON : Pran yon ti moman nan jounen an pou w’ di Granmèt la mèsi pou sa l’ fè pou ou e pwofite kontanple l’ nan lavi w’.
 


 

No hay comentarios:

Publicar un comentario