Páginas

LENDI 29

Koulè Blan
MAT KI SEN (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Si nou yonn renmen lòt, Bondye fè youn ak nou”.
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-16
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.  Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou youn renmen lòt. Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n’a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou konnen nou fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. Nou menm, n’ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè youn ak yo, yo fè youn ak Bondye. Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33 2-3. 4-5. 6-7
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’ anba tout tray li sove l’.R.
LEVANJIL
Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN  11, 19-27
Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t’ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m’ lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: Frè w’ la va leve vivan ankò. Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l’ leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri. Èske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou ini sou latè a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Youn nan pi bèl diskou nou resevwa nan Levanjil Sen Jan an, se kote l’ pale n’ de pi bèl prèv renmen sa a nou genyen konsènan Bondye se kado l’ fè de pwòp pitit li pou vin sove lèzòm. Pi bèl prèv renmen nOU kapab bay Bondye tou, se renmen pwochen nou. Puiske Bondye renmen nou, li padone nou nan Jezi ki vin montre nou vrè vizaj Bondye. Disip li yo te temwen renmen sa a nan akèy Jezi te fè yo, nan sèvi Jezi t’ap sèvi moun yo avèk anpil respè, avèk anpil espri sakrifis. Disip Jezi yo se temwen renmen san bout sa a Jezi te manifeste pou moun, pou tout moun, espesyalman sa ki nan sosyete l’ t’ap viv la, ke yo pa t’ konsidere kòm moun, sa yo t’ap toupizi onon lalwa Bondye a. Jezi te vin pote limyè pou yo konprann Bondye se kè sansib san bout la, li toujou padone, li pa chache wè sa n’ fè ki mal yo, men sitou li ede n’ dekouvri danje ki genyen lè n’ aji mal yo. Nou menm tou, nou dwe tounen vrè disip Jezi nan sosyete n’ap viv la, nou dwe tounen vrè temwen renmen Bondye a pou tout moun alawonnbadè. N’ap dekouvri Bondye nan lavi nou lè n’ renmen youn ak lòt: sa a se temwanyaj n’ap gen pou n’ bay nan lemond antye epi aprann moun yo viv nan renmen youn ak lòt.
Nan pòsyon Levanjil Jan nou li jodi a, nou dekouvri nan istwa lanmò Laza a, frè Mat ak Mari a, kote Jezi pral deklare li se leve vivan(rezireksyon), moun ki kwè nan li ap viv menm lè yo ta mouri. Nan memwa Legliz la ap fè de Sent Mat jounen jodi a li vle montre lafwa fanm sa a nan JeziKri Pitit Bondye Vivan an. Mat se youn nan pitit Izrayèl, ki t’ap tann reyalizasyon pwomès Bondye a. Se sa li menm menm afime menm nan moman difisil fanmi li ap travèse. Li di Jezi: “Si ou te la frè m’ nan pa t’ap mouri. Li afime lafwa l’ nan prezans Jezi, sila ki abitye leve moun mouri, sila a ki pote pawòl lavi a tout kote l’ pase. Nou pa gen anpil detay sou lanmò Laza a, men Mat afime lafwa l’ nan leve byen vivan an nan dènye jou a. Jan Jezi te di yon lè, èske zanmi lamarye a ka tris pandan mesye marye a ak li! Jezi ki se Lavi a menm pral montre nan resisite Laza a sa k’ap ret tann tout moun k’ap sèvi Bondye, k’ap mache daprè sa li mande yo. Se pou nou mize lavi n’ plis sou pawòl Bondye a, se pou n’ pwoklame lafwa nou nan Jezikri, Pitit Bondye a ak tout fòs nou, tout kote n’ pase. Se pou nou viv lafwa nou nan Sila a ki te mouri a, men ki te leve byen vivan an epi k’ap viv nan mitan nou, nan chak batize, ki se pwòp manb kò pa li a. Menm jan ak Mat annou pa janm sispann deklare lafwa n’ nan Sila a Bondye mete apa a pou li a, nan sila a ki wete n’ sot nan peche a ak tout fòs renmen ki nan kè l’ la epi ki klere chemen n’ yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt nou, tanpri ede n’ chak jou nan lavi nou; fè pwisans ou eklate nan lavi nou kòm kretyen batize.Ede nou fè eksperyans rezireksyon.

PWOPOZISYON: Nan kominote n’ap viv la, nan yon gwoup 2 oubyen 3 moun ann chwazi yon moman pou n’ vizite yon moun malad epi pou n’ mande Bondye nan lapriyè ak malad la, vin manifeste pwisans leve byen vivan l’ lan pou gerizon kòporèl ak espirityèl malad la. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario