Koulè Vèt
DISETYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Pa fache,
Granmèt, si m’ pale”.
NAN LIV LAJENÈZ 18, 20-32
Jou sa yo:
Granmèt la di: “Rèl moun Sodòm ak Gomò yo vin anpil, peche
yo a lou anpil. M’ap desann pou m’ wè si rèl la ki rive kote m’ nan, se yo menm
ki reyalize l’ avèk aksyon yo, wi ou non, fò m’ konnen”.
De mesaje yo vire, yo pati sot la, y’al Sodòm. Abraam te
kanpe toujou devan Granmèt la. Li pwoche, li di: “Èske w’ap detwi
moun kòrèk la avèk mechan an? Si ta gen senkant moun kòrèk nan lavil la, èske
tout moun t’ap peri? Èske ou p’ap menaje kote sa a poutèt senkant moun kòrèk
yo, si ta genyen yo ladan l’? Wete sa nan lide ou, pou ou fè bagay sa a, pou ou
touye moun kòrèk la avèk mechan an, pou ou trete moun kòrèk la tankou mechan an.
Sa pa sanble ou: ou menm k’ap jije tout tè a, ou pa dwe fè jijman sa a ditou”.
Granmèt la di
l’: “Si m’ jwenn senkant moun kòrèk nan mitan vil Sodòm nan, m’ap kite tout kote
a poutèt yo”.
Abraam pran
lapawòl, li di: “Kòm mwen kòmanse yon fwa, m’ap pale ak Granmèt mwen, malgre mwen
se pousyè ak sann. Ki sa w’ap fè, si manke senk moun pou fè senkant moun kòrèk
yo? Èske w’ap detwi tout vil la poutèt karant senk?” Li di: “Mwen p’ap detwi l’, si m’ jwenn
karant senk ladan li”. Abraam pale
ankò ak Granmèt la: “Men si se karant ou jwenn ladan l’, ki sa w’ap fè?” Li di:
“Mwen p’ap frape l’ poutèt karant yo”. Abraam
di: “Tanpri, pa fache, Granmèt, si m’ pale. Kisa w’ap fè, si se trant ou jwenn
ladan l’?” Li reponn: “Mwen p’ap fè sa m’
te deside a, si m’ jwenn trant ladan l’”.
Li di: “Kòm yon fwa, mwen kòmanse, m’ap pale ak Granmèt mwen. Kisa w’ap
fè, si ou jwenn ven?” Li di: “Mwen p’ap
touye yo poutèt ven yo”. Abraam di: “Tanpri,
pa fache, Granmèt, si m’ pale ankò yon fwa. Ki sa w’ap fè, si ou jwenn dis ladan
l’?” Li di: “Mwen p’ap detwi l’ poutèt dis yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 137, l-2a. 2bc-3. 6-7ab. 7c-8
R/ Nan nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen, Granmèt.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen. Devan Mesaje yo m’ap
chante pou ou, m’ap adore ou nan kay sakre w’ la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj
pou non ou poutèt kè sansib ou ak verite ou. Nan nenpòt ki jou mwen rele ou, ou
reponn mwen; ou mete anpil fòs nan nanm mwen.R.
Sèke Granmèt
la wo, anlè a, li voye je sou pòv la, li rekonèt grandizè a byen lwen.Si m’ap
mache nan mitan tray, w’ap fè m’ jwenn lavi; w’ap lonje men ou kont lènmi m’
yo.R.
Men dwat ou
ap sove m’. Granmèt la ap
fini travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men w’ yo,
pa lage l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li fè nou
viv avèk li, li padonnen tout fot nou yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 2, 12-14
Frè m’ yo:
Nou antere avèk Jezikri nan batèm nan, se nan li tou
nou leve vivan, gras a lafwa nan travay Bondye a, li menm ki leve l’ sot nan
pami mò yo.
Nou menm, nou te mouri nan peche yo ak chè nou an san
sikonsizyon, li fè nou viv avèk li, li padonnen tout fot nou yo; li detwi desizyon
ki te siyen kont nou an, sou papye a, sa k’ t’ap plede kont nou an: li pran l’,
li kloure l’ nan mitan sou kwa a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Mande, y’ap
ban nou”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 1-13
Rive, pandan Jezi te yon kote, li t’ap lapriyè; kon l’
sispann, youn nan disip li yo di l’:
“Granmèt, aprann nou lapriyè, tankou Jan te aprann
disip li yo”. Li di yo: “Lè n’ap
lapriyè, se pou nou di:
“Papa, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se
ou ki wa. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a; padonnen peche nou yo,
tankou nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran
nan pyèj”.
Li di yo: “Kilès nan nou, si l’ gen yon zanmi ki vin
kote l’ nan mitan nannuit, epi ki di l’: “Zanmi, prete m’ twa pen, paske yon
zanmi m’ vin sot nan vwayaj, li rive lakay mwen, mwen pa gen anyen pou m’ ba l’
manje”, si mesye sa a reponn li anndan kay la, li di: “Pa trakase m’; pòt deja
fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann nan: mwen pa kapab leve pou m’ ba
ou l’. Si lòt la pèsiste ap frape, mwen di nou: “Menm si l’ p’ap leve ba li l’
poutèt se zanmi li, l’ap leve poutèt lòt la san wont, l’ap ba li tout sa l’ bezwen”.
Mwen menm mwen di nou: “Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap
jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Kilès nan nou, si pitit li mande l’ pen, pou l’
ba l’ wòch? oubyen si l’ mande pwason: èske nan plas pwason an l’ap ba l’ yon
koulèv? oubyen si l’ mande yon ze, èske l’ap lonje yon skòpyon ba li? Konsa, si
nou menm, malgre nou move, nou konn bay pitit nou bon bagay, nou pa bezwen mande
pou Papa nou ki nan syèl la, l’ap bay moun ki mande l’ yo bon lespri a!”
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè/sè mwen,
nou devan yon pasay biblik ki pale nou de relasyon sere sere Bondye vle genyen
ak nou, ak tout pitit li yo. Nan dyalòg sa a avèk Abraham nan premye moso Labib
la, Bondye montre li se yon Bondye ki koute nou, ki vle rantre nan relasyon ak
nou, ki prèt pou l’ bay lèzòm chans pou l’ rive sove. Bondye se Papa
kè sansib nèt ale a, se Sila a ki mande n’ pou n’ fè sa ki dwat la. Men m’ lè l
konn padone, li toujou gade fon kè n’ pou l’ dekouvri kapasite moun nan pou l’
rekonèt fot li. Nan mond n’ap viv jodi a, se youn nan pi gran difikilte lèzòm genyen:
pran konsyans li se pechè, li gen bezwen Bondye nan lavi li. Jan sa te rive Sodòm
ak Gomò a, ki t’ap viv nan refize chemen ki dwat la, kote moun yo te menm pèdi
vrè sans lavi yo kòm moun, Bondye, aprè tout sa Moyiz fè pou l’ kalme kòlè l’,
finalman li pa t’ rankontre pyès moun ki te regrèt fot yo. Sèke yo t’ap viv yon
libete ki te tounen libetinaj, ki fè yo pèdi bon sans yo; yo te vin avegle tèlman,
ki fè yo te vin awogan, yo te pèdi tout bon manyè moral yon moun dwe genyen pou
viv nan sosyete a. Jodi a, nou tande moun k’ap mande marye ak moun menm sèks
parèy yo, nou tande frè k’ap touye frè yo, pitit k’ap touye papa yo, nou tande
tout menas ak bri lagè, nou tande sa k’ap mande pou yo rekonèt dwa pou yo wete
lavi timoun jan yo vle. Sa fè nou poze tèt nou anpil kesyon sou istwa Sodòm ak
Gomò a. Ki kote sans lavi moun nan ye. Kisa k’ pi konsekan nan lavi yon moun. Èske
moun nan konnen kote l’ sòti, epi pou kisa Bondye kreye l’? Louvri je n’ Granmèt
pou n’ ka disène sa k’ byen ak sa k’ mal, epi pou n’ toujou chèche kore lavi
nou sou byen an.
Dezyèm lekti a fè n’ sonje kòman
se Jezi ki te vin pran pwòp chatiman k’ te peze sou nou an, li monte sou kwa a
ak li. Lè n’ aksepte mache dèyè l’, depi jou batèm nou, nou menm tou nou gen
pou n’ aprann viv tankou li, viv nan renonsman ak pwòp tèt nou, mouri nan nou
menm, pou n’ ka viv pou Bondye, pou n’ ka viv pou lòt yo, pou n’ ka lanse n’
san rete nan sèvis lamisyon an.
Jezi, nan Levanjil la, reponn youn
nan disip li yo ki mande l’ montre yo lapriyè. Nan repons li ba yo, li vle
oryante lapriyè yon moun k’ap sèvi Bondye. Premyèman li pale yo osijè respè pou
Bondye ki Mèt tout bagay, nou gen pou n’ chache bay Bondye glwa l’ merite. Dezyèmman
li fè n’ konprann se Bondye k’ap pran swen nou, se li k’ ban nou fòs pou travay
pou n’ jwenn dekwa nou bezwen pou n’ viv, se li k’ap mete nan men n’ pou n’ede
sa k’ pa genyen yo. Twazyèmman, Jezi pale sou nesesite pou mande rekonsilye ak
Bondye. Pi gwo andikap ki ekziste nan lavi yon kretyen, se lè l’ pa rekonèt li
gen bezwen konfese peche l’, epi se lè l’ refize louvri kè l’ pou l’ padone frè
l’ ak sè l’ yo tou. Nan lapriyè pou n’ mande Bondye padon an, Jezi aprann nou fòk
nou veridik ak Bondye. Nou mande l’ padone nou menm jan nou menm tou nou padone
lòt yo. Sa vle di nou resevwa padon nan menm mezi nou padone lòt yo. Nou pa dwe bliye padon an, se youn nan konsekans renmen an. Pyès moun pa
dwe tounen yon jij pou pwochen li. Katriyèmman, Jezi aprann disip li yo mande
pwoteksyon Bondye. Bondye se lavi, li menm ki kreye n’ pou n’ ka viv, li vle n’
konsève lavi sa a non sèlman sou tè a, men pou lavi sa debouche nan lavi k’ p’ap
janm fini an.
Jezi vle montre n’ Bondye Papa a se yon papa ki gen bon kè, ki prèt pou
l’ ekzose lapriyè tout moun ki mande l’ Lespri Sen an, tout moun k’ap chache
viv daprè Pawòl li, jan sa te ekri a: Pawòl la se Lespri ak lavi. Chèche fè
volonte Bondye, chèche viv nan bon jan relasyon ak pwoche nou, padone ak renmen
pwochen nou, dekouvri se Bondye ki Mèt nou, se li k’ap pwoteje n’ epi k’ap pran
swen nou, k’ap pèmèt nou rive nan vrè konesans Bondye a epi ede n’ kòmanse depi
sou tè a viv reyalite wayòm li an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ede n’ chita lavi n’ sou reyalite Pawòl
ou yo pou n’ kapab viv nan bon jan relasyon avèk ou menm ki se Mèt lavi nou epi
pou n’ devlope bon jan relasyon avèk pwochen nou.
PWOPOZISYON: Nan gwoup aksyon katolik nou yo, ann pran tan pou n’ devlope ansanm
diferan pwen ki nan lapriyè Jezi te aprann disip li yo, daprè levanjil Lik la,
epi pou n’ gade lavi nou kòm disip misyonè Jezikri pa rapò ak sa Jezi te anseye
n’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario