Páginas

SAMDI 27

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sa a se san kontra a, sa Granmèt la pase avèk nou an”.
NAN LIV EGZÒD 24, 3-8
Jou sa yo:
Moyiz rive, li rakonte tout pawòl Granmèt la ak jijman l’ yo bay pèp la; tout pèp la reponn avèk yon sèl vwa: “Tout pawòl Granmèt la di yo, n’ap fè yo”.
Moyiz ekri tout pawòl Granmèt la; granmaten li leve, li bati yon lotèl nan pye mòn nan, ak douz tit pou douz fanmi Izrayèl yo. Li voye jèn jan nan pitit Izrayèl yo, yo ofri sakrifis antye; yo sakrifye sakrifis lapè pou Granmèt la, se te jèn ti towo. Moyiz pran mwatye pòsyon nan san an, li mete nan basen; pòsyon ki rete a, li vide l’ sou lotèl la.
Li pran woulo kontra a, li li l’, pèp la koute, pèp la di: “Tout sa Granmèt la di, n’ap fè l’, n’ap obeyi l’”. San an li te pran an, li vide l’ sou pèp la, li di: “Sa a se san contra a, sa Granmèt la pase avèk nou an nan tout pawòl sa yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 49, 1-2. 5-6. 14-15
R/ Ofri sakrifis lwanj bay Bondye.
Bondye dye yo Granmèt la pale, li rele tè a depi kot solèy leve jous kote l’ kouche. Depi Siyon Granmèt la klere avèk bèl dekorasyon.R.
“Rasanble sen m’ yo ban mwen, yo menm ki te pase contra m’ nan nan sakrifis la”. Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.
“Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye, renmèt Sila a ki anwo nèt la sa ou te pwomèt yo; rele m’ nan jou tray la: m’ap delivre ou, w’a fèm jwenn konsiderasyon”.R.
LEVANJIL
“Kite toulede grandi jous nan rekòlt la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 24- 30
Lè sa a:
Jezi prezante yon lòt parabòl bay foul yo, li di:
“Rèy syèl la sanble ak yon moun k’ap simen bon semans nan jaden l’. Pandan moun yo ap dòmi, lènmi l’ rive, li simen chendan nan mitan ble a, epi li pati.
Kon plant la grandi, li bay fwi, se lè sa a zèb la parèt. Sèvitè pèdfanmi an pwoche, yo di l’: “Mèt, èske se pa bon semans ou te simen nan jaden w’ nan? Kòman fè li gen zèb?” Li di yo: “Se lènmi an ki fè sa”. Sèvitè yo di l’: “Èske ou vle n’al rache l’?”
Li di: “Non, pou si nou rache chendan an, nou pa rache ble a tou avèk yo. Kite yo toulede pouse jous nan rekòlt la, nan tan rekòlt la, m’a di moun k’ap rekòlte yo: Ranmase chendan an anvan, mare l’ nan pakèt, pou yo boule l’; kanta pou ble a menm, ranmase l’ nan magazen m’”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou wè jan Bondye te siyen kontra avèk pèp Izrayèl, kote Moyiz, aprè sakifis yo te ofri bay Bondye, te fè alyans sa nan non tout pèp la ak Bondye. Kontra a, se li menm nou konnen kòm dis (10) kòmandman yo, ki se lalwa Bondye bay tout pitit li yo pou yo ka viv jan li vle a. Sa vle di ke tout moun ki vle mache nan chemen Bondye dwe gen kontra sa ekri nan kè l’, nan lespri l’, sitou nan aplike l’ nan chak moman nan lavi nou. Diz kòmandman sa yo, Jezi te rezime yo an de (2): Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou; epi tou renmen pwochen ou, menm jan ou renmen pwòp tèt pa ou.
Levanjil la prezante yon mesaj an parabòl kote nou ka wè jan Bondye nou an aji nan moman lènmi vle detounen pwojè li yo. Premye sa Granmèt la fè, li pran pasyans pou li kite ble a grandi avèk move zèb yo, li pa kouri anvan tan al rache vye zèb yo pou li ka pwoteje bon fwi yo. Granmèt ba nou yon gwo leson jodi a: fòk nou aprann tann, nou pa dwe depasyante, pafwa lè bagay yo pa sòti, jan nou vle a, se paske lè a panko rive.
Yon lòt refleksyon nou dwe fè sou pawòl sa a, se konprann ke lènmi an toujou la pou li pouse nou fè sa Bondye pa vle, li toujou ap chèche sedwi nou pou mete nou an deziyon ak Papa nou ki nan syèl, l’ap mete kontraryete nan lavi nou pou nou pa fè sèvis Bondye. Nou pa dwe dekouraje paske puisans Granmèt la pi fò, epi li toujou la pou l’ konbat ansanm avèk nou, pou lite pou fòs Malen la pa triyonfe nan nou.
LAPRIYÈ:Bondye papa, pa kite nou pran nan pyèj lènmi an vle simen nan mitan nou, ba nou fòs pou nou kapab defann lafwa nou nan tout sikonstans lavi a. Amèn

PWOPOZISYON:M’ap repase dis kòmandman Bondye yo, m’ap fè yon jès ak youn nan pwochen m’ yo pou m’ montre l’ jan mwen renmen l’.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario