Koulè Blan
INYAS DE LOYOLA KI SEN, Prèt (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Lè yo wè fas Moyiz, yo pè pwoche tou pre”.
NAN LIV EGZÒD 34, 29-35
Lè Moyiz te desann sot sou mòn
Sinayi a, li te gen de galèt temwayaj la, li pa t’ konnen fas li te klere ak reyon
limyè akoz konvèsasyon li te fè ak Granmèt la. Lè Aawon ak pitit Izrayèl yo wè kijan fas Moyiz klere,
yo pè pwoche tou pre. Li rele yo, Aawon tounen ansanm ak chèf kay reyinyon yo.
Lè l’ fin pale avèk yo, pitit Izrayèl yo vin jwenn li tou, e li te kòmande yo
tout sa l’ te tande nan bouch Granmèt la sou mòn Sinayi a.
Lè l’ fin di tout pawòl yo, li poze yon vwal sou fas
li. Lè l’ konn antre pou pale ak Granmèt la, li konn wete l’, joustan li sòti;
lè l’ sòti, li konn pale ak pitit Izrayèl yo tout sa l’ te aprann. Yo te konn wè
fas Moyiz klere lè l’ap sòti, men li menm li te konn kouvri fas li ankò, lè l’ap
pale avèk yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 98, 5. 6. 7. 9
R/ Ou sen, Granmèt Bondye nou.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an, adore l’ devan macheskalye pye l’, paske li sen.R.
Moyiz avèk Aawon, nan pami prèt li yo, ak Samyèl, nan
pami sila yo ki rele non l’ yo. Yo rele Granmèt la, li menm li reponn yo.R.
Nan kolòn nyaj la li t’ap pale avèk yo. Yo te kenbe temwayaj
li yo ak kòmandman li te ba yo a.R.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an, adore l’ sou mòn li ki sen an, paske li sen, Granmèt
Bondye nou an.R.
LEVANJIL
“Li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden sa a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 44-45
Lè sa a: Jezi di foul yo:
“Rèy syèl la sanble ak yon trezò ki kache nan yon jaden;
moun ki jwenn li a, li kache l’, li tèlman kontan, l’ ale, li vann tout sa l’ genyen,
li achte jaden an.
Konsa tou rèy syèl la sanble ak yon komèsan k’ap chèche
bon bijou; lè l’ jwenn yon bijou ki gen anpil valè, li vann tout sa l’ genyen,
li achte li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jezi, nan predikasyon li, li itilize parabòl pou l’ eksplike rèy Bondye a. Premye
lekti a prezante nou yon espektak enteresan, kote nou wè Moyiz transfigire lè
li desann sot sou mòn Sinayi a. Rankont li ak Granmèt la pote yon solèy
chanjman nan lavi li ki te kapab klere anpil lòt moun ki te nan antouraj li.
Moyiz ki se yon moun ki gen kè li senp e ki te konbat pou pèp la, te ranpli avèk
limyè prezans Granmèt la. Se menm jan pou nou, lè n’ap gade Bondye e n’ap
kontanple li nan lafwa, vizaj nou ap reyone. N’ap wè Granmèt la jan li ye, e lè
sa n’ap vin sanble avèk li.
Nan de parabòl qui prezante nan Levanjil jodi a,
sa ki pi enpòtan, se pa ni trezò a, ni bijou a, men se sa nou dwe fè pou nou
rive twouve trezò tout bon vre a : vann tout sa nou genyen pou nou achte
yo. Se konsa pou rèy Bondye a ; li
pa sifi pou nou konnen kisa li ye e konbyen li koute. Sa ki enpòtan an, se poze aksyon ki konkrè
ki pou montre ke nou vle avanse rive jwenn li. Malerezman, nan sosyete nou an,
nou plis ap chache richès avèk trezò k’ap pase, e ki pa vo anyen. Nou vle pale
de lajan, plezi, pouvwa, prestij, byen, san nou pa rann kont de rèy Bondye a ki
pi enpòtan. Alò, si nou te konnen enpòtans rèy Bondye a, nou pa t’ap janm mete
bagay sa yo pi wo pase li. Nou t’ap prefere eritye rèy Bondye, olye nou gen
tout sa ki ekziste nan mond sa a, e ke an reyalite ki pa vo anyen paske yon jou
yo tout gen pou detwi. Alò, Levanjil la ap envite nou a renonse a tout byen
materyèl pou nou kapab avanse bo t’ap rèny Bondye a. Konsa, ann mande Bondye
pou l’ede nou pou nou kapab wè vrè richès la k’ap dire pou tout an, e pou li
bay nou fòs ki sifizan pou nou rive renonse a tout sa ki fè nou pa lib, ki
anpeche nou konfye nou totalman nan bra Granmèt la.
LAPRIYÈ : Papa Bondye, ede nou rekonèt ou nan lavi nou kòm sèl
vrè byen nou. Paske ou pi enpòtan pase tout sa ki ekziste. Ede nou Granmèt pou
nou rive konnen ou kòm trezò kache nan lavi nou. Konsa, nou va abandone tout sa
nou t’ap fè ki pa bon, tout sa ki te okipe premye plas nan lavi nou, pou nou
kapab ba ou premye plas la.
PWOPOZISYON : M’ap reflechi pou mwen wè èske se Bondye ki okipe premye plas nan lavi m’oubyen
èske se richès k’ap pase, byen oubyen yon moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario