Koulè Blan
ALFONS DE LIGORI KI SEN, Evèk ak Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Nyaj la
kouvri joupa temwayaj la, bèlte Granmèt la plen l’”.
NAN LIV EKZÒD
40, 14-19. 32-36
Jou sa yo:
Moyiz fè tout sa Granmèt la te kòmande. Konsa sou premye
mwa dezyèm ane a, premye jou mwa a, li drese joupa a. Moyiz drese l’, li enstale
tab yo, baz yo ak travès yo, li drese kolòn yo, li deplwaye plafon an anlè
joupa a, li kouvri l’ sou pa anlè, jan Granmèt la te kòmande l’ la.
Li mete temwayaj la nan ach la, li mete travès yo anba
ach la, li mete enstriman repons Bondye a anlè. Lè l’ fin mete ach la nan joupa
a, li pandye yon vwal devan l’, pou l’ reyalize kòmandman Granmèt la.
Nyaj la kouvri joupa temwayaj la, bèlte Granmèt la
kouvri l’. Moyiz pa t’ kapab antre anba joupa contra a, nyaj la te kouvri tout
bagay, bèlte Granmèt la t’ap klere, paske nyaj la te kouvri tout bagay. Lè nyaj
la te kite joupa a, pitit Izrayèl yo te kontinye chemen yo; si nyaj la te ret
pandye anlè, yo te rete nan menm kote a. Nyaj Granmèt la te poze sou joupa a
pandan lajounen, nannuit menm se te yon dife, tout pèp Izrayèl la te konn wè l’
chak fwa yo te rete.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 83,
3. 4. 5-6a e 8a. 11
R/ Ala renmen nou renmen joupa ou yo,
Granmèt lame yo!
Nanm mwen anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la. Kè m’
ak chè m’ ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn
yon nich, kote li depoze ti pitit li yo: lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa m’ ak
Bondye m’.R.
Se chans pou
moun ki abite nan kay ou a, pou tout tan y’ap fè lwanj ou. Se chans pou moun ki
jwenn sekou l’ nan ou. Y’ap mache sot
nan mèvèy al nan mèvèy.R.
Sèke yon jou
nan lakay ou yo pi bon pase mil, mwen chwazi ret sou papòt nan kay Bondye m’
nan. Pase pou m’
abite nan joupa moun peche yo.R.
LEVANJIL
“Yo mete sa k’
bon yo apa nan veso; kanta move yo menm, yo jete yo deyò”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 47-53
Lè sa a: Jezi si foul yo:
“Rèy syèl la sanble ankò ak yon senn yo voye nan lanmè,
ki ranmase tout kalite pwason. Lè l’ plen, yo rale l’, yo chita bò lanmè a, yo
mete sa k’ bon yo apa nan veso; kanta sa k’ move yo menm, yo jete yo deyò. Se
konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Mesaje yo ap sòti, y’ap separe move
yo sot nan mitan moun ki kòrèk yo, y’ap jete yo nan boukan dife a: la ap gen
kriye ak manje dan. Nou konprann tout bagay sa yo?”
Yo di l’: “Wi”.
Li di yo: “Konsa tout pwofesè ki resevwa lansèyman nan
rèy syèl la, li sanble ak yon pèdfanmiy, ki pran nan trezò l’ sa k’ nouvo ak sa
k’ ansyen”. Rive, lè Jezi fin di parabòl sa yo, li pati sot la.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: N’ap viv nan yon mond kontradiksyon, yon mond kote byen ak mal toujou
nan konba. Se yon mond kote gen moun ki nan tristès ak moun ki nan lapenn; gen
moun k’ap ri ak moun ki dlo nan je; gen moun ki grangou ak moun k’ap jete manje
nan poubèl; gen moun k’ap dòmi nan nan konfò ak moun k’ap dòmi sou laplas
piblik oubyen anba pon nan lari; gen moun ki gen asirans medikal ak moun ki pa
gen kòb pou yo ale lopital; gen moun k’ap viv nan liks ak moun k’ap viv nan
endijans; gen moun k’ap chèche Bondye ak moun ki pa vle tande pale de li;… Kidonk
se yon mond paralèl, yon mond anpil kontradisyon. Jodi a, li enpòtan pou nou
sitiye nou byen fas ak reyalite mond nou an, li enpòtan pou nou montre kote nou
kanpe pa rapò ak tout kouran k’ap sikile nan mond nou an.
Jodi a Legliz nou an ap sonje Sen Alfons de Ligori. Se
yon gwo nèg, yon gran nèg ki te viv reyalite kontradisyon mond la nan disetyèm
syèk. Li te fèt nan dat 27 septanm 1696 nan peyi Itali, nan vil Napl. Nan dat
premye out 1787 li te rann dènye bout souf li, kote yo rele nan lang italyen yo
“Nocera de’ Pagani”. Legliz la proklame li doktè. Se pa yon medsen fèy oubyen
yon moun ki te konn fè chiriji non! Lè yo pale nou de doktè nan Legliz la, yo
vle pale nou de yon gwo tewolojyen; kidonk yon moun ki te yon inite ant lafwa
li, panse li sou Bondye ak fason li t’ap viv. Ebyen se kalite moun sa a ke
Legliz la ap envite nou kontanple nan Sen Alfons de Ligori; yon moun ki senp e
ki saj. Yon moun ki te kite limyè Granmèt la klere fènwa ekzistans li, pou li
te kapab tounen limyè pou lòt yo. Limyè Alfons la kontinye ap briye jounen jodi
a atravè sila yo ki kontinye ap viv ideyal li a, sila yo ki pote non
redanmtoris. Nan lide pou li te montre ki kalite renmen Bondye genyen pou
lèzòm, Alfons te fonde yon kominote relijyez ke yo rele “Kongregasyon Redanmtè
ki Sen anpil la”. Jodi a redanmtoris ap travay nan anpil zòn sou planèt la e
y’ap kontinye fè sa Sen Alfons te konn fè, y’ap kontinye fè sa li te konn mande
fè, dekwa pou tout moun kapab santi prezans Bondye, pou tout moun kapab non
Jezikri ak delivrans Bondye a.
Ala bon sa ta bon, si nou ta pozisyone nou menm jan ak
Sen Alfons nan mond kontradisyon n’ap viv jodi a. Pawòl Bondye a, se pou tout
moun, e se sa Levanjil jodi a ap anseye nou. Pawòl Bondye
a se tankou yon filè oubyen yon senn ki lage pou nou tout. Filè a se Levanjil la. Nou menm nou
se pwason yo. Sila k’ap peche a, se Granmèt la ak asosye li yo, se li menm ki
rele nou. Li vle sove nou. Men gen anpil nan nou ki rebèl. Nou bouche zòrèy nou
pou nou pa tande; nou fèmen je nou pou nou pa wè. Tèt nou di! Jodi a, Granmèt
ap di nou fè atansyon, paske si yo ta jwenn nou kòm move pwason nan senn nan,
y’ap jete nou, paske nou p’ap gen valè. Mezanmi, an nou pwofite ti tan Bondye
ba nou an pou nou prepare gwo jou Jijman an, antan n’ap pran ekzanp sou Alfons
de Ligori.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm kit e rele Alfons de Ligori
pou l’ t’al gaye bòn nouvèl renmen ak delivrans ou a, tanpri ede nou swiv
ansèyman ak ekzanp li yo; konsa yon jou menm jan ak li nou va chita nan plas
pitit ou a t’al prepare pou nou an. Nou mande ou favè sa nan nou Sovè nou an
Jezikri, Pitit ou. Amèn
PWOPOZISYON: Menm jan ak
Alfons, montre ou se yon kretyen tout bon vre; si ou se moun ki kwè, montre sa
nan panse ou ak nan aksyon ou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario