Páginas

JEDI 22

Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, KI RÈN
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Premye moun k’ap sòti nan pòt kay mwen an, se li menm m’ap ofri kòm sakrifis antye”.
NAN LIV JIJ YO 11, 29- 39a
Jou sa yo:
Lespri Granmèt la rive sou Jefte; Jefte fè tout tou Galaad ak Manase, ak Masfa Galaad, li sot la, li travèse kay pitit Amon yo, li fè yon ve bay Granmèt la, li di: “Si ou renmèt pitit moun yo nan men m’, premye moun k’ap sòti nan pòt lakay mwen an, pou l’ vin rankontre m’, lè m’ ap tounen ak lapè sot kay pitit Amon yo, se li menm m’ap ofri kòm sakrifis bay Granmèt la”.
Jefte travèse kot pitit Amon yo, pou l’ batay kont yo, Granmèt la renmèt yo nan men l’, li frape yo depi sot Awoyè rive jous Minit, sa fè ven vil, epi jous Abòl, ki plen jaden rezen, se te yon gran kou; pitit Amon yo rabese devan pitit Izrayèl yo.
Lè Jefte tounen Masfa, lakay li, sèl pitit fi l’ la vin rankontre l’ avèk tanbou ak dans; li pa t’ gen dòt pitit. Lè l’ wè l’, li chire rad li, li di: “Malè, pitit mwen, ou pran m’ nan pyèj, ou menm tou ou pran nan pyèj: sèke mwen fin louvri bouch mwen kot Granmèt la, mwen pa kapab fè otreman”.
Li reponn li: “Papa m’, si ou louvri bouch ou kot Granmèt la, fè m’ jan ou fin pwomèt la, paske ou fin tire vanjans ak laviktwa sou lènmi ou yo”.
Li di papa a: “Yon sèl bagay mwen mande pou ou pèmèt mwen: kite m’ al sou mòn yo pandan de mwa, pou m’ kriye sou pitit yo mwen p’ap genyen an, ansanm ak zanmi m’ yo”.
Li reponn li: “Ale”. Li kite l’ ale pou de mwa. Lè l’ pati ak zanmi l’ yo ak kanmarad li yo, li kriye sou pitit li pa genyen yo, nan mòn yo. Lè de mwa yo fini, li tounen kot papa l’, papa a reyalize ve a sou li.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 39, 5. 7-8a. 8b-9. 10
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se chans pou moun ki mete espwa l’ nan Granmèt la, ki pa gade moun k’ap fè logèy, k’ap panche nan manti.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men, m’ap vini”.R.
Nan woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran legliz la; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
LEVANJIL
“Tout sa nou jwenn, envite yo vin nan nòs”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 22, 1-14
Lè sa a:
Jezi pran lapawòl, li pale an parabòl ankò pou chèf prèt yo ak ansyen pèp yo, li di: “Rèy syèl yo se tankou yon wa, ki fè nòs pou pitit li: Li voye sèvitè l’ yo rele envite yo pou nòs la, men yo refize vini.
Li voye dòt sèvitè ankò, li di: “Di envite yo: Men resepsyon m’ nan pare, mwen touye towo m’ yo, ni poul yo yo t’ap angrese yo, tout bagay pare: vin nan nòs”. Yo menm, yo fè neglijans; yo pati, youn nan jaden l’, yon lòt nan komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye yo anba kou.
Lè wa a tande sa, li fache; li voye lame l’ yo, li touye kriminèl sa yo, li boule vil yo.
Aprè sa, li di sèvitè l’ yo: “Nòs la deja pare, men envite yo pa t’ merite l’. Ale nan kalfou yo, tout moun nou jwenn, envite yo vin nan nòs”. Sèvitè l’ yo sòti sou wout yo, yo rasanble tout moun yo jwenn, move kon bon; nòs la plen ak moun ki sou tab.
Wa a antre, pou l’ wè moun ki sou tab yo; li wè yon moun ki pa t’ abiye ak rad nòs, li di 1’: “Zanmi, kijan ou fè antre isit la, san ou pa gen rad nòs?” Li pe bouch li. Wa a di sèvitè yo: “Mare men l’ ak pye l’, jete l’ nan fènwa deyò yo; kote sa a se rèl ak manje dan k’ap genyen”.
Sèke gen anpil envite, men se yon ti kras yo chwazi”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Gen anpil envite men se yon ti kras yo chwazi” Nou janm imajine nou kijan Bondye gen anpil pasyans? An nou gade twa gran pwen sa yo ke Levanjil la ap ede nou konprann atravè lansèyman Jezi pote nan parabòl sa a ke li devlope a.
Nan premye pwen an, ann fè yon konparezon ak envitasyon Jezi ap pale nan parabòl la: Se tout tan pwofèt yo te pase ap preche sou tè a anvan Jezi te vini. Kote yo te sakrifye tout tan yo pou denonse sa ki mal, anonse vini Pitit Bondye a epi mande konvèsyon pou kè yo. Men yo pa t’ fè pwofèt yo ka; yo te kontinye viv nan demagoji ak enjistis, yo pa t’ reponn envitasyon Bondye te fè yo a. Yo te privilejye paske yo te fèt nan vil Bondye te chwazi a epoutan yo pa t’ pwofite privilèj sa a.
Dezyèm pwen an, se Bondye ki te tounen moun nan vant Mari ki sen, ki vyèj epi ki rèn. Jezi vini, li te pase apeprè 30 a 35 an pami yo, li te kontinye preche rèy Bondye bay chèf prèt yo epi denonse enjistis yo t’ap fè sou sa ki pi ba yo, jan yo t’ap toupizi sa ki pi fèb yo. Li te lite jis nan dènye bout, men lespri farizyen yo te tèlman okipe, yo te toujou pa t’ ka reponn a dezyèm envitasyon sa a. Avan Jezi mouri, li prepare ak kò l’ epi ak san l’, tab fèt la ki se Lekaristi a. Fèt la fin prepare, tab la prè, envite yo pa vini. Kisa mèt fèt la ap fè?
Nou antre nan twazyèm pwen an, ki se konstriksyon Legliz Kris la. Apòt yo sòti nan tè sent la, yo gaye nan Ewòp, nan lòt peyi nan mond lan, y’al chache mwen avèk ou ki pa ni jwif; malgre nou pa fèt Jerizalèm ni Nazarèt men nou tout envite pou n’al patisipe nan festen sa a. Ann imajine nou anvan ak pandan Jezikri te vin sou tè a kòman Ayiti te ye. Mwen, mwen menm mwen imajine li pa t’ abite. Jodi a li gen plis pase 80% kretyen katolik san konte pwotestan yo ki yo menm tou kwè nan Kris la. Se nou menm wi ki moun ki te sou plas yo, pòv ki te nan lari yo, sa mèt fèt la te voye al chache a.
Kounye a pi gwo kesyon milyon an se kilès nan nou ki pa gen rad fèt sou li? Pa panse rad fèt sa a se bèl vès, pantalon dyin ak ti mayo bòdichòt o rad dènye modèl ki parèt la non! Rad nòs nou an se kè nou, se kòman nou renmen frè ak sè nou yo, se kòman n’ap viv, se ki plas nou bay Bondye nan lavi nou, elatriye. Si tout sa yo pozitif, m’asire w’ ke nou tout nou byen abiye. Men pa twò okipe w’ tou si anpe ladan yo oubyen tout ta negative; sa ki enpòtan, ann kòmanse chanje yo an pozitif kounye a menm anvan twò ta bare nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mwen di ou mèsi paske ou envite m’ vin manje sou tab ou a, tanpri ede m’ chanje kijan move fason m’ap viv; transfòme kè m’ pou m’ ka renmen epi di wi menm jan ak manman Mari, manman Jezikri Sovè nou an ki sen, ki vyèj epi ki rèn.

PWOPOZISYON: Mande Bondye, atravè Mari ki sen, ki vyèj epi ki rèn pou l’ ba ou yon kè ki senp pou w’ ka renmen menm jan avèk li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario