Koulè Blan
PI DIS KI SEN,
Pap (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Ou di: “Se
pou yon wa kòmande sou nou, malgre se Granmèt la ki t’ap kòmande sou nou”
NAN LIV JIJ YO 9,6-15
Jou sa yo:
Tout mesye Sikèm yo rasanble, ak tout fanmi vil Melo a;
yo pati, yo enstale Abimelèk kòm wa, bò pye bwadchèn nan ki Sikèm nan.
Lè yo anonse Joatan sa, l’al kanpe sou tèt mòn Garizim
nan, li leve vwa l’, li rele byen fò, li di: “Koute m’, mesye Sikèm yo. Konsa
Bondye kapab koute nou tou. Pye bwa yo te pati pou yo sakre yon wa sou yo. Yo
di pye oliv la: “Kòmande sou nou”. Li reponn: “Èske m’ kapab kite luil mwen ki
sèvi ni dye yo ni moun yo, pou m’ vin balanse anlè tèt pye bwa yo?” Pye bwa yo
di pye fig frans la: “Vini aksepte rèy nan sou nou”, Li reponn yo: “Èske mwen
kapab kite dousè ak fwi m’ yo ki gou anpil yo, pou m’ al balanse anlè tèt pye bwa
yo?” Pye bwa yo di pye rezen an: “Vini, kòmande sou nou”. Li reponn yo: “Èske m’
kapab kite diven m’ nan, ki fè kè Bondye kontan, ni kè moun yo, pou m’ al
balanse nan pami lòt pye bwa yo?” Tout pye bwa yo di pye pikan an:
“Vin kòmande sou nou”. Li reponn yo: “Si se tout bon vre nou enstale m’ kòm wa
nou, vin poze anba lonbraj mwen; men si nou pa vle, se pou dife sòti nan pye
pikan an, pou l’ devore pye sèd Liban yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 20, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt, wa a ap kontan nan pouvwa ou.
Granmèt, wa a
ap kontan nan pouvwa ou, sou delivrans ou a l’ap fete anpil. Ou ba li sa kè l’ te anvi a, ou pa refize
sa bouch li te mande a.R.
Ou pran devan
l’ nan benediksyon dousè a; ou mete sou tèt li yon kouwòn lò ki gen anpil valè.
Li mande ou lavi, ou ba li l’, longè jou yo pou syèk tan ak tan ki p’ap fini.R.
Bèlte l’ gran
nan delivrans ou a, ou mete grandè ak bèlte sou li, ou fè l’ sèvi benediksyon pou tan ki p’ap fini, ou fè l’ kontan
anpil devan fas ou.R.
LEVANJIL
“Èske je ou move, paske mwen bon?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 20,
1-16a
Lè sa a: Jezi di parabòl sa a pou disip li yo:
“Rèy syèl yo sanble ak yon pèd-fanmi, ki sòti granmaten
pou l’ angaje travayè nan jaden rezen l’. Li pase kontra avèk travayè yo pou
yon goud pa jou, li voye yo nan jaden rezen l’ nan.
Li sòti vè nevè dimaten, li wè dòt ki kanpe nan lari a
san yo p’ap fè anyen, li di yo: “Nou menm tou, al nan jaden rezen m’ nan; sa k’
kòrèk, m’a ba nou l’. Y’ale vre. Li sòti ankò vè midi, vè twazè, li fè menm
jan.
Vè senkè aprè midi, li sòti tou, li jwenn dòt ki kanpe,
li di yo: “Poukisa nou kanpe tout jounen san nou pa fè anyen?” Yo di l’: “Paske
pèsòn pa anplwaye nou. Li di yo: “Ale nou menm tou nan jaden rezen m’ nan”.
Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di jeran l’ nan: “Rele
travayè yo, ba yo pri travay yo, kòmanse ak dènye yo pou nou rive nan premye yo”.
Lè sa k’ te rive vè senkè apre midi yo pwoche, yo chak, yo jwenn yon goud.
Lè premye yo menm pwoche, yo te konprann yo t’ap jwenn
plis; men yo chak yo jwenn yon goud sèlman.
Lè yo pran l’, yo babye kont pèd-fanmi an, yo di: “Dènye
sa yo fè inèdtan sèlman, epi ou trete yo menm jan ak nou, nou menm ki pote pwa
lajounen an ak chalè a.” Li menm li reponn youn nan yo, li di: “Zanmi, mwen pa
fè ou abi; èske se pa t’ pou yon goud ou te antann ou avèk mwen? Pran zafè ou, al fè wout ou; mwen vle bay sila a ki vin an dènye a menm
jan avèk ou. Oubyen, èske mwen pa gen dwa fè sa m’ vle? Èske je ou move, paske
mwen menm mwen bon?”
Se konsa dènye
yo ap premye, epi premye yo ap dènye”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap sonje Pap Pi Dis,
yon nonm senp epi ki te plen ak bonte.
Pap Pi Dis te gen yon lespri sèvis; nan tout sa li t’ap fè li te mete
tout kè li e li te chèche fè lwanj pou Bondye. Se poutèt sa li te rive resevwa
tout grad nan yerachi Leliz la epi li te rive Pap nan lane 1903.
Nan premye moso Labib
la, nou wè kòman Joatan te leve vwa li pou l’ te denonse move konpòtman mesye
Sikèm yo ki te chwazi Abimelèk pou wa yo. Nan mesaj li fè pase a, li te itilize
yon langay ki te enspire nan lanati pandan l’ t’ap montre itilite chak pye bwa,
yon fason pou l’ te di yo chak moun gen yon travay yo ka fè, men se pa yon lòt
ki pou oblije l’. Li itilize senbòl yon pye pikan kòm sèl pye bwa ki te aksepte
vin chèf sou tout lòt yo pandan li t’ap menase yo sou chwa yo fè a.
Teks sa nou li pou jodi
a fè m’ sonje Fosten Soulouk, nèg Tigwav, nèg lakay, ki te yon moun ki te konn
bwè kleren. Lè milat yo te santi plas yo pa t’ asire nan peyi Dayiti yo te lage
yo nan chache yon prezidan yo ka manipile; yo desann Tigwav, yo rankontre ak Fosten
Soulouk ki t’ap dòmi anba galri yon moun paske li te sou; li pa t’ ka rive
lakay li. Yo te met men sou li pou l’ te vin prezidan Dayiti; Lè l’ rive o
pouvwa li deklare: “Si nou chwazi mwen kòm presidan m’ap kondi nou tankou chèf”.
Sa montre nou ke anpil fwa nou gade dèyè talon pye nou, nou rete nan ti soulye
nou pou nou pa wè enterè lòt yo; sa konn rive nou chwazi zanmi oubyen moun san
responsablite pou nou met dirije yon fason pou nou ka manipile l’. Men tou, sa
konn rive tou ke Lespri Sen an aji tankou nan ka mesye Sikèm yo pou sa pa rive
fèt paske yon nasyon pa fèt pou yon ti gwoup moun sinon pou tout moun k’ap viv
ladan l’ viv tankou sitwayen ki gen dwa ak devwa.
Nan sans sa a, nou
kapab dekouvri anpil leson nan Levanjil jodi a. Nou wè li parèt trè enjis pou
mèt travay sa a te bay moun ki la depi maten yo menm valè ak sa k’ te rive a 5
è nan aprè midi yo. Sa mande yon refleksyon byen pwofon pou n’ rive konprann
sa. Anpil fwa mwen menm ak ou, nou pa janm chache wè vrè reyalite a. Mèt travay
la te fè pri ak premye moun yo, yo te antann yo pou yon goud; poukisa aprè yo
nève paske li bay lòt yo menm valè? Li te ka ba yo plis menm! Sa se zafè pa l’;
reyalite a, sèke li ba w’ sa l’ te gen pou l’ ba ou a. Nou pa ka fè gwo gòj pou
sa yon moun deside fè ak byen l’, si nou menm nou pa ka ede, nou pa dwe anpeche
yon lòt fè l’. Levanjil la se yon parabòl, men se sa nou menm ayisyen n’ap viv
jounen jodi a, nou fè lanbisyon pou tout bagay, nou gaspiye lajan nou nan
gangan pou n’ detwui lavi yon jèn ki vle pwogrese, swa ak yon pawòl nou
pwononse oubyen ak yon aksyon nou poze. Konsa, lè nou inosan oubyen lè nou
santi lavi nou menase nou pito di nou p’ap fè anyen nan peyi nou pou yo pa
touye nou, e nou pa fè anyen, ni nou pa di anyen devan tout zak enjistisk k’ap
komet chak jou. Nou bliye si nou gen yon misyon pwofetik. Li lè, li tan pou nou
edike tèt nou, pou nou bouke kwè nan fetich ak nan move je. Nou twò enterese nan
zafè lòt yo; li lè pou nou grandi, pou nou chanje vye konsepsyon ak mantalite
nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, n’ap mande w’ pou w’ aprann
nou kontante n’ ak sa nou genyen, sa nou redi fè. Pou lanbisyon, move tanta ak jalouzi
pa fè nou pèdi wayòm syèl la.
PWPOZISYON: Mande Granmèt la lagras pou tounen yon
moun debyen, ki gen konpreyansyon ak lanmou anvè frè n’ ak sè n’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario