Koulè Blan
BÈNA KI SEN, Abe e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
“Jedeyon, w’ap
delivre Izrayèl: konnen mwen voye ou”.
NAN LIV JIJ YO 6, ll-24a
Jou sa yo:
Mesaje Granmèt la rive; li chita anba pye bwadchèn nan,
sa k’ nan Efra a, ki pou Joas, papa fanmi Ezri a. Pandan Jedeyon t’ap kale ble,
li t’ap netwaye l’ nan preswa a, pou l’ sove kò l’ lwen Madyan, Mesaje Granmèt
la parèt devan l’, li di: “Granmèt la avèk ou, ou menm ki pi vanyan nan tout
moun yo”.
Jedeyon di l’: “Tanpri, mèt mwen, si Granmèt la avèk
nou, poukisa tout bagay sa yo rive nou? Kote mèvèy li yo, sa zansèt nou yo te
rakonte nou an, yo te di: “Granmèt la fè nou sòti Lejip?” Koulye a menm Granmèt
la lage nou, li renmèt nou nan men Madyan”.
Granmèt la gade l’, li di: “Ale ak fòs sa a ou genyen an,
w’ap delivre Izrayèl sot nan men Madyan: konnen se mwen menm ki voye ou”.
Li reponn, li di: “Tanpri, mèt mwen, ak kisa m’ap delivre
Izrayèl la? Men fanmi mwen se li menm ki pi piti nan Manase, epi mwen menm menm
mwen pi piti nan kay papa m’”.
Granmèt la di l’: “M’ap avèk ou, w’ap frape Madyan
tankou yon sèl moun”.
Li menm, li di: “Si m’ jwenn favè devan ou, ban m’ yon
siy se ou menm k’ap pale avèk mwen; pa pati sot isit la, toutotan mwen pa tounen
kote ou, antan m’ pote sakrifis la pou m’ ofri ou”. Li reponn: “M’ap tann ou
vini”.
Konsa Jedeyon antre, li kuit yon kabrit, li fè pen san leven
avèk yon mezi farin; li mete vyann yo nan yon mamit, li mete sòs vyann nan nan
yon boutèy, li pote tout sa anba pye bwadchèn nan, li ofri l’. Mesaje Granmèt
la di l’: “Pran vyann yo ak pen san leven yo, mete yo sou wòch sa a, vide sòs
la sou li”. Lè l’ fin fè sa, Mesaje Granmèt la lonje pwent baton an li te gen
nan men l’ nan, li touche vyann yo ak pen san leven yo; dife monte sot nan wòch
la, li devore vyann yo avèk pen san leven yo; Mesaje Granmèt la menm disparèt
sot devan je l’.
Lè Jedeyon wè se te Mesaje Granmèt la, li di: “Malè pou
mwen, Granmèt Bondye; paske mwen wè Mesaje Granmèt la fas a fas”. Granmèt la di
l’: “Lapè avèk ou, pa pè, ou p’ap mouri”. Jedeyon drese yon lotèl pou Granmèt
la nan kote sa a, li rele l’: “Lapè Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 84,
9. 11-12. 13-14
R/ Se lapè Granmèt la ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale
pou pèp li a ak sen l’ yo, avèk pou sila yo ki chanje nan kè yo.R.
Kè sansib ak
verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite
a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt
la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis
ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
“Li pi fasil
pou yon chamo pase nan je zegwi, pase pou yon moun rich antre nan rèy syèl yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
23-30
Lè sa a:
Jezi di disip
li yo: “An verite, mwen di nou, l’ap difisil pou yon moun rich antre nan rè syèl
yo. Mwen di nou
sa ankò: li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegwi pase pou moun rich antre
nan rèy syèl yo”.
Lè disip yo tande sa, yo sezi anpil, yo di: “Ebyen
kilès ki kapab sove?”
Jezi gade, li di yo: “Pou lèzòm sa pa posib; pou Bondye
menm, tout bagay posib”.
Lè sa a atò Pyè pran lapawòl, li di l’: “Men nou menm
nou kite tout bagay, nou suiv ou; ki sa n’ap genyen?”
Jezi menm di yo: “An verite mwen di nou, nou menm ki
suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap chita sou fotèy bèlte
l’, n’ap chita nou menm tou sou douz fotèy, pou nou jije douz fanmi Izrayèl yo.
Tout moun k’ap kite kay oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen
madanm, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt non mwen, l’ap resevwa san fwa plis,
l’ap genyen lavi tout tan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap sonje Sen Bèna,
Abe ak Savan sakre Legliz la. Se yon opòtinite pou nou kapab revize istwa li,
konnen ki moun li te ye epi ki enpòtans li genyen pou nou jodi a. Ebyen Sen
Bèna, se te yon vanyan gason ki te angaje li nan pran defans doktrin Kris la;
se yon nèg ki te sakrifye tout vye tandans kò a pou li te viv yon fason ki fè Bondye
plezi. Konsa tou li te te mete tout enèji li nan defans lansèyman Jezikri a. Se
yon nèg ki te aksepte viv pòv nan kè li pou li te kapab jwenn vrè richès la nan
Bondye. Li te konbat tout vye doktrin ki te an kontradisyon ak Bòn Nouvèl
Jezikri a.
Bèna te fèt nan ane 1090 nan peyi Lafrans e li te mouri
20 out 1153 nan monastè kote li t’ap lapriyè. Se pap Aleksand III ki te deklare
li sen nan Legliz la, nan dat 18 janvye 1174. Se dat lanmò li Legliz la chwazi
pou fete li.
Lespri povrete sa ki te anime Bèna a, se menm lespri sa
Bondye ap mande nou pou nou kite gide nou, atravè pawòl l’ap di nou jodi a. Li
p’ap mande nou pou nou neglije manje sa ki bon pou kò nou, li pa mande nou pou
nou chèche viv nan endijans, oubyen pou nou pa ta vle viv byen. Se pa sa li
mande. Lè li pale nou de povrete a, se povrete kè a l’ap pale. Povrete ki fè
nou renmen ak respekte Bondye, povrete ki fè nou pa gen lanbisyon pou nou rayi
oubyen touye yon lòt pou sa Bondye te ba li. Se povrete ki fè nou sanble ak ti
moun piti yo devan Granmèt la. Povrete ki rann nou obeyisan ak konpatisan.
Povrete Jezi ap pale nou an, se povrete ki fè nou mete Bondye pi wo pase tout
bagay e ki pouse nou angaje nou nan travay liberasyon an, antan n’ap detache
nou de tout vye zidòl nou yo, tout byen materyèl yo, bagay ki anpeche nou
dekouvri prezans Bondye nan lavi lòt yo k’ap viv bò kote nou. Anpil fwa, nou
konn tande gen moun ki touye lòt nan diskisyon pou koze tè, kòm si lavi yon
moun te vo ti moso tè; nou konn tande gen moun ki touye yon lòt poutèt yon vye
machin oubyen yon bagay kèlkonk. Mezanmi, li lè li tan pou bagay sa yo fini. Se
ak kalite bagay sa yo Jezi ap mande nou pou nou divòse jodi a, fo richès nou
yo, pou nou kapab jwenn trezò syèl la ke pèsonn pa kapab achte a.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, tanpri, menm jan ak Sen Bèna ede nou sakrifye vye tandans kò a
pou nou ka viv yon fason ki fè ou plezi; ede nou angaje nou tout bon vre pou
nou kapab bay bon temwayaj renmen atravè aksyon ak pawòl nou. Ede nou divòse ak
byen k’ap pase yo, pou nou ka jwenn byen k’ap dire pou toutan an. Amèn.
PROPOZISYON: Montre ou se
patizan Jezikri nan fason w’ap viv ak moun ki bò kote ou, pou yo kapab konnen
Jezikri vivan, li renmen yo, l’ap pran swen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario