Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Granmèt la mete
jij, men yo refize koute yo”.
NAN LIV JIJ YO 2, 11-19
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo fè sa k’ mal devan Granmèt la, yo sèvi
Baal yo, yo abandone Granmèt Bondye zansèt yo, ki te fè yo sòti Lejip la, yo
suiv dye etranje yo ak dye pèp yo, ki abite alantou yo a, yo adore yo, yo eksite
kòlè Granmèt la, yo lage l’, yo sèvi Baal avèk Astawòt.
Granmèt la fache kont Izrayèl, li lage l’ nan men moun
k’ap piye yo, yo fè yo prizonye, yo vann yo bay lènmi yo ki te abite alantou
yo, yo pa t’ kapab reziste kont lènmi yo, men tout kote yo te vle ale, men
Granmèt la te sou yo, jan l’ te di a, jan l’ te fè sèman an; yo vin gen anpil
malè.
Granmèt la mete jij, ki delivre yo sot nan men moun k’ap
fè ravaj yo, men yo pa t’ vle koute yo tou, yo fè adiltè avèk dye etranje yo,
yo adore yo. Yo prese kite wout la, kote zansèt yo te antre a, yo tande
kòmandman Granmèt la, men yo fè sa k’ kontrè.
Lè Granmèt la fè jij yo leve, nan jou yo, li te konn fè
kè sansib li panche sou yo, li te konn koute plent sa k’ap pase mizè yo, li te
konn delivre yo sot nan men moun k’ap fè ravaj pou yo touye a. Men lè jij la
fin mouri, yo te konn rekòmanse, yo te konn fè pi mal pase sa zansèt yo te konn
fè, yo te konn suiv dye etranje yo, yo te konn sèvi yo, yo te konn adore yo. Yo
pa t’ konn kite konduit yo avèk move chemen yo, kote yo te konn mache a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 105,
34-35. 36-37. 39-40. 43ab e 44
R/ Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou
genyen pou pèp ou a.
Yo pa gaye nasyon yo, sa Granmèt la te di yo a.
Yo melanje avèk nasyon yo, yo aprann aksyon yo.R.
Yo sèvi zidòl yo, ki vin tounen antrav pou yo.
Yo sakrifye pitit gason yo ak pitit fi yo bay demon yo.R.
Yo sal nan aksyon yo, yo fè move konduit nan move aksyon
yo.
Kolè Granmèt la boule kont pèp li a, li vin rayi eritaj
li a.R.
Anpil fwa, li delivre yo; men yo menm yo eksite l’ nan
desizyon l’.
Li wè tray yo, lè l’ tande rèl yo.R.
LEVANJIL
“Si ou vle
vin kòrèk nèt, vann sa ou genyen, w’ap gen yon trezò nan syèl la”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
16-22
Lè sa a:
Gen yon moun
ki pwoche, li di Jezi: “Bon Mèt, ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout
tan an?”
Li di l’: “Poukisa
w’ap poze m’ kesyon sou sa k’ bon an? Se yon sèl ki bon, se Bondye. Men si ou vle antre nan
lavi a, obsève kòmandman yo”.
Li di l’: “Kilès?”
Jezi menm di l’: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè,
pa fè temwayaj ki pa vre, respekte papa ou ak manman ou, renmen pwochen ou
tankou ou menm”.
Jenòm nan di l’: “Mwen te kenbe tout bagay sa yo depi m’
tou jèn; kisa m’ manke ankò?”
Jezi di l’: “Si ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa ou genyen,
bay pòv yo, w’ap gen yon trezò nan syèl la; epi vini, suiv mwen”.
Lè jenòm nan tande pawòl sa a, li pati tou tris. Sèke
li te gen anpil byen.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pou nou fè ekilib nan lavi nou, gen 2 dimansyon ki
karakterize nou ke nou dwe viv: yon dimansyon materyèl ak yon dimansyon
espirityèl. Si nou chèche viv youn san nou pa viv lòt, lavi nou vin tankou yon
balans ki pa gen ekilib. Sa fè tou nou pa rive viv lavi nou jan nou ta dwe viv
li kòm moun epi kòm pitit Bondye. Angiz nou mennen lavi nou kòm moun ki gen
libète ak diyite pitit Bondye, nou mennen yon lavi vejetatif, yon lavi ki vid.
Si nou fè yon ti reflechi sou sa moun nan ye,
premyèman n’ap rive dekouvri ke li se matyè; moun nan se matyè, pa yon matyè
tankou yon bagay plastik oubyen yon moso bwa; se yon matyè ki anime ak pwòp
souf Bondye, ak pwòp lavi Bondye.
Dezyèman, nou kapab dekouvri tou ke moun nan se
lespri. Li pa sèlman redui ak yon dimansyon materyèl. Kisa nou kapab konprann
nan tout sa?
Reyalite matyè a, se li ki ba nou ekzijans pou nou
manje, bwè, dòmi, benyen, abiye, konstwi kay pou nou rete,… tandiske reyalite
lespri a pouse nou panse sa k’ap bon pou nou, pou fanmi nou ak pou tout sosyete
a. Lespri a fè nou santi nesesite pou nou chèche konnen ak konprann reyalite
mond materyèl la. Se Lespri ak ki pèmèt nou jere ak kontwole kò a. Se Lespri a
ki pèmèt nou aji pou nou kapab fè sa ki byen, menm sa ki nan benefis kò a.
Men anpil fwa, sa konn rive nou pa kite ke se lespri a
ki mennen kò a; lè sa nou konn pran move direksyon, nou konn pèdi tèt nou, nou
echwe, nou viv tankou moun fou.
Lè kò a jwenn tout sa li bezwen, nou santi lespri a
kontan ak li, paske yo toulede fòme yon inite; inite sa a, se sa nou rele moun.
Yon moun pa kapab ekziste san kò, konsa tou li pa kapab ekziste san lespri a.
Kidonk moun = kò +lespri. Se 2 pwa ki fè ekilib yon sèl balans.
Nou konnen kò a kapab detwi, men lespri a kapab toujou
rete vivan. Se youn nan rezon ki fè Jezi te di piga nou pè moun ki kapab detwi
kò a, men ki pa kapab detwi lespri a.
Nou menm moun, menm si nou gen tout bagay materyèl,
nou toujou santi sa pa ase pou nou paske lavi nou gen yon ekzijans espirityèl
tou. Nou gen konsyans ke se pou kèk jou nou sou tè a, nou pa
vin fè matyè sale, nou se pasaje, nou se peleren, nou se vizitè. Se poutèt sa
nèg rich la te poze Jezi yon kesyon fondamantal; li mande li kisa pou li fè pou
li ka gen lavi etènèl la.
Malgre jèn jan sa a te
respekte tout sa kòmandman Granmèt la mande, sa pa t’ anpeche ke li te gen yon
jefò pou li te fè an plis. Se nan sans sa a Jezi di li: “Si ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa
ou genyen, bay pòv yo, w’ap gen yon trezò nan syèl la; epi vini, suiv mwen”.
Ebyen Jezi te mande li
pou li fè yon detachman ak byen latè yo, byen k’ap pase yo pou li kapab rive
jwenn gwo trezò syèl la. Nou menm tou k’ap sèvi Bondye, nou menm ki di nou se
kretyen, anpil fwa tou nou bezwen divòse ak tout sa ki tounen yon zidòl nan
lavi nou. Lè nou ale Legliz chak dimanch, nou resevwa sakreman yo, nou santi
nou pa lwen syèl la!
Atansyon! Jodi a
Granmèt la ap di nou nou gen pou nou fè yon ti jefò an plis, nou gen pou nou
pratike jistis ak lòt la ki bò kote nou an. Li enpòtan pou nou sòti nan ti
kachèt nou, nan komodite nou, ti konfò nou pou nou gade lòt la epi pou nou fè
yon jès mizerikòd ak li. Se lè sa a n’ap montre nou se moun ki fè ekilib ant
bagay k’ap pase yo ak sa ki la pou toutan yo. Moun ki vle sove lespri a dwe libere lespri anba tout
vye kòd byen materyèl ki mare li. Nou pa dwe santi nou tris lè Bondye mande nou
sa, paske se sèl kondisyon pou nou antre nan lavi tou nèf nou reve a, ki se
lavi lespri a nan letènite Bondye ki te kreye nou pou nou viv nèt ale ak li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri ede nou detache nou ak
bagay k’ap pase yo, paske atachman sa a bouche je nou pou nou pa rive wè klète
prezans ou. Anpil fwa nou mete tèt nou nan ilizyon, paske nou panse nou deja
sove; poutan nou gen anpil jefò ke nou dwe fè toujou, pou nou kapab pwoche pi
pre wayòm ou an. Tanpri souple libere nou anba tandans egoyis nou yo pou nou
kapab viv lavi sa pou ou epi eritye lavi tou nèf la.
PWOPOZISYON: Bagay ou genyen ki pi enpòtan pou ou a, sa ou santi ou
plis atache ak li a, eseye pataje li ak yon moun, pa yon moun ki ka remèt ou
sa, men yon ti pòv k’ap tann Bondye fè kichòy pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario