Koulè Vèt
VENTYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Ou fè m’ vin tounen yon moun diskisyon sou tout tè a”.
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 38, 46. 8 10
Jou sa yo :
Chèf yo di wa a: Nou mande pou yo
touye moun sa a; ak fason lap fè, l’ap febli men moun k’ap batay yo, yo menm ki
rete nan lavil sa a, ni men tout pèp la tou, antan l’ap pale yo pawòl sa yo; reyèlman
vre mesye sa a se pa lapè pèp sa a l’ap chèche, men se malè l’.
Wa Sedesyas di: «Men li nan men
nou; sèke wa a pa kapab refize nou anyen ». Yo pran Jeremi, yo jete l’ nan
pui Mèlkyas, pitit Amelèk la, ki te nan lakou prizon an, yo desann Jeremi ak
kòd nan pui a, kote pa t’ gen dlo, men se labou ; Jeremi fonse nan labou a.
Abdemelèk sòti lakay wa a, li pale
ak wa a, li di: « Mèt mwen, wa mwen, mesye sa yo aji mal nan tout sa yo fè
kont pwofèt Jeremi an : yo mete l’ nan pui a, pou l’ mouri ak grangou paske
pa gen pen ankò nan lavil la ».
Wa a pase lòd bay Abdemelèk Etyopyen
an, li di : « Pran trant gason isit la avèk ou, leve pwofèt Jeremi
sot nan pui a, anvan l’ mouri ».
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REONS 39, 2. 3. 4. 18
R/
Granmèt, fè vit pou w’ pote m’ sekou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt
la, li panche sou mwen.R.
Li koute rèl mwen, li wete m’ sot
nan fòs mizè a ak nan labou ki sal la ; li mete pye m’ kanpe sou wòch, li
fè plant pye m’asire.R.
Li mete yon kantik nouvo nan bouch
mwen, kantik pou Bondye nou an. Anpil moun ap wè, y’ap sezi, y’ap espere nan
Granmèt la.R.
Mwen menm mwen pòv, mwen malere ;
Granmèt la ap okipe m’. Sekou m’ak delivrans mwen se ou menm ; Bondye mwen,
pa mize.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Avèk pasyans, se pou nou kouri nan bagay la ki pare pou nou an”.
NAN LÈT POU EBRE YO, 12, 1-4
Frè m’ yo :
Nou menm ki vlope ak yon pakèt
foul moun k’ap sèvi Jezi temwen, se pou nou lage tout chaj ak peche k’ap antrave
nou, pou nou kouri avèk pasyans nan batay la ki pare pou nou an, antan n’ap gade
Jezikri ki sous lafwa nou an e ki fè l’ vin kòrèk nèt. Yo te prezante kè kontan
devan l’, men li te sipòte lakwa a, li te meprize wont sa a, li chita adwat
Bondye.
Sonje sila a ki te sipòte kontraryete
peche yo te drese kont li a, pou nou pa kite feblès pran nanm nou. Nou poko reziste
jous nan san, antan n’ap batay kont peche a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Mwen pa vin bay lapè, men separasyon”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 12, 49-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se dife mwen vi n’ mete sou tè a, epi
kisa m’ vle si se pa pou l’ limen? Mwen gen yon batèm pou m’ resevwa, epi se pa
ti kras kè sere mwen genyen joustan li reyalize.
Nou kwè se lapè mwen vin bay sou
tè a? Non, mwen di nou, men se separasyon. Reyèlman vre depi koulye a ap gen senk
moun nan yon kay y’ap separe, twa kont de, ak de kont twa, konsa y’ap separe:
papa kont pitit ak pitit kont papa l’, manman kont pitit fi ak pitit fi kont
manman, bèlmè kont bèlfi li, ak bèlfi kont bèlmè l’”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Frè ak sè m’ yo, yon moun k’ap sèvi Bondye dwe atann li
ak difikilte, pèsekisyon, enkonpreyansyon bò kote anpil moun ki pa chita lavi
yo sou reyalite Wayòm nan. Lekti ventyèm dimanch ane C a rakonte nou sa ki ka
pase nan lavi yon pwofèt Granmèt la. Nou pa ka bliye nou se pwofèt depi batèm
nou, nou gen pou n’ anonse Pawòl Bondye a epi denonse tout sa k’ mal nan
kominote n’ap viv la. Nan fonksyon sa a nou ka rankontre anpil pwoblèm menm jan
pwofèt Jeremi te jwenn pèsekisyon lè yo lage l’ nan yon gwo twou labou pou l’
mouri. Anpil fwa pawòl nou vin konfonn oubyen vin devwale tout malis kache nan
lavi yon moun ki pa vle chanjman an, sa konn fè yo chache fè konplo sou do n’
pou yo wè kòman nou ka disparèt devan fas yo. Men nou wè Bondye te voye yon
zanj pran defans pwofèt la devan wa a. Nou menm tou, nou ka espere sekou
Granmèt la nan moman difisil nan lavi n’. Menm lè n’ gen pou n’ pote kwa n’
deyè Jezi, men nou pa ka ale avan lè ki te fikse a.
Menm reyalite sa pwofèt
Jeremi te viv la, nou konnen Jezi, Mèt nou an, te konnen l’ tou. Men deja l’ te
avèti nou gen kwa n’ pou pote dèye l’ si nou vle vin disip li. Dezyèm lekti a k’
soti nan liv Ebre yo fè n’ sonje pou n’ pa bliye sa nou ye epi pou n’ swiv
Jezikri kòm modèl nou. Jezi pa t’ chache yon lavi fasil, men li te aksepte pran
chemen kwa a pou l’ fè sa Papa l’ mande l’. Se youn nan pi gwo defi nou genyen
jounen jodi a kòm pèp Bondye: rive afime lafwa n’ menm lè n’ ta rankontre
difikilte, rive denonse mal nan sosyete a menm lè n’ap pèdi avantaj, rive pote
kwa n’ chak jou dèyè Jezi menm lè bèl aparans lavi a fè n’ ta anvi fèmen bouch
nou devan enpinite a, enjistis la. Kòm kretyen, nou pa dwe viv nan endiferans,
nan ipokrizi, nan divizyon. Nou dwe tounen sila yo k’ap simen semans esperans,
lapè, renmen, jistis, tèt ansanm, kè kontan tout kote n’ pase. Nou pa dwe kache
verite a, vann li pa ti kiyè; okontrè, nou dwe afime sa nou ye a tout tan, tout
kote menm jan ak Jezi, menm lè sa n’ap preche a kapab boulvèse anpil moun. Sa n’ap
chèche, se pèmèt Pawòl Bondye a antre nan tout venn yo pou kapab enjekte yon
san tou nèf pou rive delivre limanite k’ap peri. Jan Jezi li menm li te di l’
la, san li menm nou pa ka fè anyen, paske li se Chemen an, Lavi a, Laverite a.
Se nan akeyi Pawòl li yo n’ap kapab jwenn chans pou n’ antre nan Wayòm syèl la.
Pawòl n’ap preche a, anpil fwa se li ki dife sa a Jezi
vin limen an nan kè moun yo pou yo rive chanje, pou yo rive pirifye lavi yo,
pou limyè dife sa a rive chase tout fènwa nan lavi yo. Pawòl Bondye a tout tan
libere, bay lavi, men toujou deranje sa k’ pa vle chanjman an, sa ki refize Bòn
Nouvèl Bondye voye bay tout moun pou l’ di yo: li renmen yo.
LAPRIYÈ: Granmèt souple, ede n’ vin tounen bon jan mesaje Pawòl
renmen, Pawòl lavi Jezikri a menm lè n’ ka rankontre pèsekisyon oubyen enkonpreyansyon
bò kote moun k’ap koute yo a. Amèn
PWOPOZISYON: Fòme gwoup misyonè nan lokalite kote n’ap viv la pou n’
toujou prèt pote kolaborasyon nou nan gran misyon Legliz la: Gaye Bòn Nouvèl la
bay tout moun, nan tout kwen pou moun yo ki kwè yo kapab sove.
No hay comentarios:
Publicar un comentario