Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Chwazi jodi a kilès nou pito sèvi”.
NAN LIV JOZYE 24, 14-29
Jou sa yo: Jozye pale avèk pèp la, li di:
“Koulye a se pou nou respekte Granmèt la, se pou nou
sèvi l’ ak tout kè nou, ak tout senserite nou; wete dye yo, se zansèt nou yo te
konn sèvi nan Mezopotami ak nan Lejip la, se Granmèt la pou nou sèvi. Otreman
si sa parèt move pou nou, pou nou sèvi Granmèt la, nou gen dwa chwazi: chwazi
jodi a sa nou pito, kilès nou pito sèvi, si se dye yo zansèt nou yo te konn
sèvi nan Mezopotami an, oubyen si se dye Amoreyen yo, kote nou abite a; kanta mwen
menm ak kay mwen, n’ap sèvi Granmèt la”.
Pèp la reponn, li di:
“Nou pa gen dwa lage Granmèt la pou nou sèvi dye etranje
yo. Se Granmèt Bondye nou an li menm ki te fè nou sòti Lejip avèk zansèt nou
yo, sot nan kay esklavaj la; li fè mèvèy ekstrawòdinè devan je nou, li pwoteje
nou sou tout wout, kote nou pase, ak nan tout pèp kote nou travèse. Li chase
tout nasyon yo, Amoreyen an ki te abite peyi kote nou antre a. Konsa se Granmèt
la n’ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou”.
Jozye di pèp la: “Nou pa kapab sèvi Granmèt la. Sèke se
yon Bondye ki sen, ki fò, ki jalou, li p’ap padonnen fot nou ak peche nou. Si
nou lage Granmèt la pou nou sèvi dye etranje yo, l’ap vire, l’ap pini nou, l’ap
detwi nou, apre l’ fin fè nou dibyen an”.
Pèp la di Jozye: “Ou pa dwe pale konsa, se Granmèt la n’ap
sèvi”. Jozye di pèp la: “Nou temwen, se nou menm ki chwazi Granmèt la pou nou
sèvi li”. Yo reponn: “Nou temwen”. Li di: “Koulye a, wete dye etranje yo sot
nan mitan nou, vire kè nou kot Granmèt Bondye Izrayèl la”. Pèp la di Jozye: “Se
Granmèt Bondye nou n’ap sèvi, n’ap obeyi lòd li yo”.
Jou sa a, Jozye pase yon kontra, li prezante pèp la
kòmandman ak desizyon yo nan Sikèm. Li ekri tout pawòl sa yo tou nan woulo liv
Granmèt la; li pran yon gwo wòch, li mete l’ anba pye bwadchèn nan ki te nan
kay sakre Granmèt la; li di tout pèp la: “Men wòch sa a ap sèvi temwen kont
nou, li tande tout pawòl Granmèt la, sa l’ di nou yo, pou nou pa gen lide di se
pa vre, pou nou bay Granmèt Bondye nou an manti”. Li ranvwaye pèp la, chak moun
nan eritaj li.Aprè sa, Jozye, pitit Noun, sèvitè Granmèt la, mouri, li te gen
sandizan.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 15, l-2a é 5. 7-8. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’,
Granmèt, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye,
Granmèt, pòsyon eritaj mwen avèk kalis mwen: Se ou menm ki kenbe destine mwen”.R.
M’ap fè
konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nan nuit ren m’ ban m’ leson.Mwen
te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap
tranble.R.
W’ap fè m’
konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou
tout tan.R.
LEVANJIL
“Pa anpeche
ti moun piti yo vin jwenn mwen: se pou yo rèy syèl yo ye”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
13-15
Lè sa a:
Yo vin prezante ti moun bay Jezi, pou l’ poze men sou
yo, pou l’ lapriyè pou yo; men disip li yo fè yo 1obsèvasyon. Jezi menm di yo: “Kite
ti moun yo, pa anpeche yo vin jwenn mwen; se pou moun ki sanble yo rèy syèl la
ye”. Li poze men sou yo, li pati sot la.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Atravè premye lekti a, nou kapab konprann ke Bondye kreye
nou lib, pou nou cwazi ant byen ak mal. Li pa fòse nou. Jozye ap anseye pèp la,
l’ap pale yo kòman yo dwe sèvi Granmèt la ki se Bondye lavi a e ki gen tout
pouvwa a, e ki delivre a. Li ankouraje yo nan sèvis Bondye, li eksplike yo kilès
li ye, e li kite yo lib pou yo chwazi ant vrè Dye a, ak fo dye yo. Pandan ke
l’ap di yo, li menm ak kay li yo chwazi sèvi Granmèt la. Konsa nou wè pèp la te pran konsyans de kilès Granmèt
la ye e yo te pran angajman pou yo sèvi l’. Alò, a chak fwa nou ale lamès, nou
tande pawòl Bondye a, nou jwenn yon frè ou yon sè k’ap pale nou sou grandè ak
bonte Bondye, se yon fason pou ede nou konnen kilès li ye, e ede nou pran
desizyon final. Menm jan pèp Izrayèl la te pran desizyon yo. Èske n’ap chwazi sèvi
Bondye? Oubyen èske n’ap
rete viv nan peche a, nan menm fason nou t’ap viv anvan an?
Nan tèks litijik la ke Legliz la prezante nou jodi a,
Jezi ap fè nou konnen pou nou rive eritye syèl la, se pa yon bagay ke nou kapab
rive jwenn avèk pwòp fòs nou, oubyen avèk pwòp kapasite nou. Sinon, se yon don gratis Bondye fè nou. Petitès timoun yo
fè nou konprann kòman Bondye gen konpasyon pou nou, kòman mizerikòd li a gran.
Li fè nou konprann tou, tounen pitit Bondye, se yon don ki totalman gratis. Men
pou nou posede wayòm nan e akeyi don filyasyon Bondye a, fòk nou rekonèt avan
tout bagay ke nou depann totalman de papa Bondye ki nan syèl la, tankou timoun
yo ki rekonèt ke yo depann de paran yo tout antye. Sepandan, granmoun yo, toujou panse se yo ki mèt tèt
yo, e yo pa depann de pèsonn. Èske n’ap kapab fè tankou timoun yo, antre nan
dinamik sa a, ki se rekonèt depandans nou pa rapò ak papa Bondye, abandone nou
nan bra l’ pou l’ fè sa l’ vle avèk nou?
LAPRIYÈ: Ann mande Bondye pou li fè nou viv tankou yon timoun
piti k’ap viv nan senplisite ak senserite, pandan n’ap travay ak anpil devouman
pou fè rèy Bondye a avanse.
PWOPOZISYON: Mwen
pran angajman pou mwen sèvi Bondye ak tout kè mwen, ak tout mwen menm, pandan
tout lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario